Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ap chèche repons

Moun ap chèche repons

Moun ap chèche repons

“Prèske tout moun gen yon opinyon sou kiyès [Jezi] ye. Kèlkeswa nivo lafwa nou oubyen kèlkeswa dout nou genyen, nou tout konn ap mande tèt nou: ‘Kiyès mesye sa a ye?’” — SE PAWÒL STAN GUTHRIE.

AN JENERAL, moun enterese konn kiyès Jezi ye. Liv yo ekri sou li yo se liv ki popilè anpil. Fim yo fè sou li se fim ki gen anpil siksè tou. Poutan, moun pa sispann poze kesyon sou Jezi. Moun gen tout kalite opinyon sou vrè idantite Jezi.

Sa gen kèk ane, gen de jounalis ki te envite moun reponn kesyon ki vin annapre a an dirèk: “Kiyès Jezi te ye?” Men kèk repons moun te bay:

● “Sanble li te yon raben (anseyan) ki te pase tout vi l ap demontre konpasyon pou moun.”

● “Se te yon moun nòmal ki te mennen yon vi estrawòdinè.”

● “Pa gen okenn prèv Jezi te egziste.”

● “Jezi se Pitit Bondye ki te fèt, ki te mouri e ki te leve sot nan lanmò pou l sove nou anba peche nou yo. Li vivan jodi a, e Li pral retounen sou tè a.”

● “Mwen kwè Jezi Kris se sèl pitit Bondye a, li te san pousan òm san pousan Dye anmenmtan.”

● “Jezi se yon istwa yo fè pou granmoun ki kwè nan lejann.”

Li klè, tout opinyon sa yo ki diferan nèt youn ak lòt pa kapab kòrèk. Èske gen yon kote nou ka jwenn enfòmasyon nou ka fè konfyans sou kesyon nou genyen konsènan Jezi? Òganizasyon ki pibliye peryodik sa a kwè Labib se Pawòl Bondye e se Labib sèlman ki ban nou tout laverite sou Jezi *. — 2 Timote 3:16.

Nan atik ki vin annapre a, nou pral egzamine repons Bib la bay sou kèk kesyon moun abitye poze sou Jezi. Jezi li menm te di chemen delivrans lan ouvri pou “nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li”. (Jan 3:16.) Nou envite w egzamine repons yo epi apre sa w a deside si l nesesè pou w aprann plis sou Jezi ak sou fason pou w demontre ou gen lafwa nan li.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Pou plis enfòmasyon, gade nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, nan chapit 2 a ki gen tit “Labib: yon liv Bondye ban nou”. Se Temwen Jewova ki pibliye l.