Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon bon nouvèl pou moun ki pòv yo

Yon bon nouvèl pou moun ki pòv yo

Yon bon nouvèl pou moun ki pòv yo

MEN asirans Pawòl Bondye a ban nou: “Yo pap toujou bliye moun ki pòv la.” ​(Sòm 9:18, NW). Men sa Bib la di tou konsènan Kreyatè nou an: “Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.” ​(Sòm 145:16). Espwa sa a Pawòl Bondye a bay la se pa yon rèv. Bondye Toupisan an kapab fè sa ki nesesè pou l elimine povrete. Men, ki sa moun ki pòv yo bezwen?

Gen yon ekonomis afriken ki fè konnen, an reyalite, peyi pòv yo bezwen yon bon dirijan ki plen pouvwa pou l elimine povrete. Kidonk, pou yon dirijan ta elimine povrete nèt, fò l ta gen pouvwa pou l fè chanjman, fò l ta gen bon kè e fò l ta dirije lemonnantye, paske byen souvan sa ki lakòz povrete nan dènye degre se lefètke gen kèk peyi ki gen yon seri avantaj lòt peyi pa genyen. Mete sou sa, fò l ta ka elimine sa ki lakòz povrete a, anpalan de egoyis lèzòm gen lakay yo. Ki kote nou ka jwenn yon dirijan konsa?

Bondye te voye Jezi vin bay moun ki pòv yo yon bon nouvèl. Lè Jezi te kanpe pou l li pati nan Ekriti yo ki pale konsènan misyon Bondye te ba li a, li te di: “Lespri Jewova sou mwen, paske li deziyen mwen pou m anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la.” — Lik 4:16-18.

Ki sa bon nouvèl la ye?

Bondye mete Jezi Wa. An reyalite, se yon bon nouvèl. Jezi se pi bon Dirijan ki ka elimine povrete paske 1) li gen pou l dirije tout tè a e li gen pouvwa pou l aji, 2) li demontre konpasyon pou moun ki pòv yo e li anseye disip li yo pou yo pran swen moun sa yo, e 3) li ka elimine sa ki lakòz povrete, sa vle di tandans egoyis nou gen lakay nou. Annou egzamine twa aspè sa yo bon nouvèl la gen ladan l.

1. Jezi gen otorite sou tout nasyon Men sa Pawòl Bondye a di konsènan Jezi: “Yo ba li baton kòmandan an [...] pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li.” ​(Dànyèl 7:14). Èske w ka imajine tout avantaj ki genyen pou yon sèl gouvènman dirije tout tè a? Pap gen chirepit ak goumen ankò pou resous tè a genyen yo. Tout moun pral pwofite yo egalego. Se Jezi menm ki te bay asirans l ap gen pouvwa pou l aji lè l ap dirije monn nan. Men sa l te di: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” — Matye 28:18.

2. Jezi gen konpasyon pou moun ki pòv yo Pandan tout aktivite Jezi sou tè a, li te demontre konpasyon pou moun ki pòv yo. Pa egzanp, gen yon fi ki te depanse tout sa l genyen nan chèche tretman nan men doktè. Li te touche rad Jezi paske li te espere li t ap jwenn gerizon. Li te gen yon emoraji depi 12 an, e siman li te fè yon gwo anemi. Selon Lalwa, kèlkeswa moun li ta manyen, moun nan t ap vin pa pwòp. Men, Jezi te aji byen avè l. Li te di l: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè. Ou geri nèt anba maladi ki t ap fè w soufri a.” — Mak 5:25-34.

Ansèyman Jezi yo gen pouvwa pou yo chanje kè moun dekwa pou moun sa yo tou ka demontre konpasyon. Pa egzanp, reflechi sou repons Jezi te bay mesye ki te vle konn kòman pou l fè Bondye plezi a. Mesye a te konnen Bondye vle pou nou renmen pwochen nou, men li te mande Jezi: “Kiyès menm ki pwochen m?”

Kòm repons, Jezi te ba l parabòl anpil moun byen konnen konsènan mesye ki t ap sot Jerizalèm pou l al Jeriko vòlè te atake e yo te kite “twaka mò” a. Gen yon prèt ki t ap desann sou wout la ki chanje bò lè l wè mesye a, gen yon Levit ki fè menm bagay la. “Men, gen yon Samariten [ki t ap] vwayaje ki rive bò kot mesye a. Lè l wè l, kè l fè l mal.” Li netwaye blese mesye a, li pran l li mennen l nan yon otèl epi li peye mèt otèl la pou l pran swen mesye a. Jezi mande mesye ki te poze l kesyon an: “Kiyès [...] ki montre li se pwochen mesye ki te tonbe nan mitan vòlè yo?” Misye reponn: “Se mesye ki te montre l gen pitye pou li a.” Lè sa a, Jezi di l: “Ebyen ou menm, [...] fè menm bagay la tou.” — Lik 10:25-37.

Moun ki vin Temwen Jewova etidye ansèyman Jezi yo e yo konsidere kesyon ede moun ki nan nesesite a yon lòt jan. Pa egzanp, nan yon liv yon dam peyi Letoni te ekri, li pale konsènan eksperyans li te fè pandan l te malad nan prizon nan vil Potma nan mitan ane 60 yo. Men sa l di: “Tout lè m te malad la, [Temwen yo] te pran swen m avèk dilijans. Mwen pa t ka espere jwenn pi bon swen pase sa.” Li te di tou: “Temwen Jewova yo konsidere se devwa yo pou yo ede tout moun, kèlkeswa relijyon yo oswa nasyonalite yo.” — Women in Soviet Prisons.

Gen kèk Temwen Jewova nan vil Ancón, nan peyi Ekwatè, ki te pèdi travay yo oswa lòt mwayen yo te genyen pou yo viv akoz yon kriz ekonomik ki te vin gen nan peyi a. Lòt Temwen parèy yo te deside chèche yon fason pou yo rantre kòb pou ede yo. Yo te prepare manje pou vann pechè pwason nan zòn nan lè pechè yo t ap tounen lakay yo apre yo te fin pase yon nuit ap fè lapèch (foto ki adwat la). Tout moun nan kongregasyon an, san wete timoun yo, te kolabore. Chak jou, yo te kòmanse travay a inè dimaten yon fason pou manje a te ka gentan pare a katrè lè bato yo t ap rive. Temwen yo te separe kòb yo te ranmase a bay chak moun selon bezwen yo.

Eksperyans sa yo montre egzanp Jezi te kite ak ansèyman l te bay yo vrèman gen pouvwa pou fè moun konsidere kesyon ede moun ki nan nesesite a yon lòt jan.

3. Jezi gen pouvwa pou l fè moun chanje Tout moun konnen lèzòm gen tandans aji yon fason egoyis. Labib rele tandans sa a peche. Menm apot Pòl te ekri: “Donk, men lwa mwen jwenn nan ka pa m: lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal la ki prezan lakay mwen. [...] Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a? Mèsi Bondye grasa Jezi Kris.” ​(Women 7:21-25). La a, Pòl t ap fè referans ak fason Bondye pral delivre moun k ap adore l toutbon yo anba tandans peche yo genyen yo, e se pa mwayen Jezi li pral fè sa. Youn nan tandans sa yo se egoyis ki lakòz povrete. Ki jan sa pral fèt?

Yon ti tan apre Jezi te fin batize, Jan ki te konn batize moun nan te di pawòl ki vin annapre yo pou l prezante Jezi: “Gade, men Timouton Bondye a k ap retire peche monn nan!” ​(Jan 1:29). Talè konsa, tè a pral chaje ak moun ki libere anba peche yo te eritye a, sa ki gen ladan l tandans yo genyen pou yo chèche pwòp enterè yo (Ezayi (Izayi) 11:9). Lè sa a, Jezi ap elimine sa ki lakòz povrete a.

Se pa ti kontan nou kontan lè nou panse ak moman sa a kote tout moun ap gen sa yo bezwen! Men sa Pawòl Bondye a di: “Tout moun va viv ak kè poze anba tonnèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pèsonn p’ap chache yo kont.” ​(Miche (Mika) 4:4). Vèsè sa a sèvi ak yon bèl imaj pou l pale konsènan epòk kote tout moun ap gen yon travay ki ba yo satisfaksyon, kote y ap gen sekirite e y ap jwenn anpil okazyon pou yo jwi lavi a nan yon monn kote pa gen povrete. Sa pral fèt pou glwa Jewova.