Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan sa ye lè yon moun pòv nan dènye degre?

Ki jan sa ye lè yon moun pòv nan dènye degre?

Ki jan sa ye lè yon moun pòv nan dènye degre?

LÈ YON moun pòv nan dènye degre, lavi l an danje paske li pa gen ase manje pou l manje, li pa gen ase dlo pou l sèvi e li pa gen anyen pou l fè dife pou l kuit manje l oswa pou l chofe kò l. Yon moun konsa pa gen yon bon kote pou l rete, li pa jwenn swen sante e li pa jwenn edikasyon. Gen yon milya moun, apeprè popilasyon tout Amerik la, ki nan yon sitiyasyon konsa. Poutan, pifò moun ki nan zòn tankou Ewòp delwès ak Amerik dinò pa janm rankontre yon moun ki pòv nan dènye degre. Kounye a, ann fè konesans ak kèk moun ki pòv nan dènye degre.

Mbarushimana ap viv Wannda, ann Afrik, avèk madanm li ak senk pitit. Yo te gen yon sizyèm pitit ki mouri ak malarya. Men sa Mbarushimana di: “Papa m te oblije separe tè l te genyen an bay nou sis pitit li yo. Pati pa m nan te tèlman piti, mwen te oblije voye fanmi m al viv nan yon vil. Travay mwen menm ak madanm mwen fè se pote sak wòch ak sab. Kay nou pa gen fenèt. Se nan yon pi ki nan pòs polis la n al pran dlo. Byen souvan, se yon sèl fwa pa jou nou manje, men lè pa gen travay nou pa manje anyen pou jounen an. Lè konsa, mwen kite kay la paske m pa gen kè pou m tande timoun yo k ap kriye pou manje.”

Victor ak Carmen ap viv nan yon vil izole an Bolivi ak senk pitit yo e se soulye yo ranje pou yo viv. Yo lwe yon pyès kay nan yon vye lokal ki fèt an tif, tòl ki kouvri l yo koule e li pa gen kouran. Lekòl ki genyen an tèlman gen timoun, Victor te oblije fè yon ban pou youn nan pitit fi l yo ka chita. Li menm ak madanm li oblije mache 10 kilomèt pou y al koupe bwa pou yo fè manje e pou yo bouyi dlo pou yo bwè. Carmen di: “Nou pa gen latrin, donk nou oblije al fè bezwen nou bò rivyè a. Se nan menm rivyè sa a tou nou pran dlo pou nou benyen e se la nou jete fatra. Timoun yo malad souvan.”

Francisco ak Ilídia ap viv andeyò nan peyi Mozanbik. Yo te gen senk pitit, kounye a yo rete kat. Gen youn ki mouri ak malarya paske lopital yo te mennen l lan pa t aksepte l. Francisco ak Ilídia plante diri ak patat nan yon ti moso tè yo genyen, sa pèmèt yo gen manje pou twa mwa. Men sa Francisco di: “Pafwa, lapli pa tonbe oswa vòlè pran rekòt la. Lè konsa, pou m fè yon ti kòb, mwen koupe banbou pou m vann kòm bwa pou moun bati kay. Mwen menm ak madanm mwen konn fè dezèdtan ap mache pou n al chèche bwa nan yon rak pou moun fè dife. Nou chak pote yon lo, youn pou n fè manje pou semèn nan, lòt la pou n vann.”

Sou chak sèt moun nan monn nan gen youn k ap viv nan menm sitiyasyon ak Mbarushimana, Victor ak Francisco, alòske gen plizyè milya lòt ki vin ap byen mennen. Pou anpil moun, sitiyasyon sa a se yon sitiyasyon ki di e ki enjis. Gen kèk moun ki te eseye fè yon bagay pou ranje sitiyasyon an. Atik ki vin apre a pral pale sou efò yo te fè ak espwa yo te genyen.

[Foto nan paj 3]

Carmen ap pran dlo nan yon rivyè ak de nan pitit li yo.