Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bib la kondane jwèt aza?

Èske Bib la kondane jwèt aza?

Èske Bib la kondane jwèt aza?

SOUVAN, fim ak pwogram nan televizyon moun renmen gade yo montre se bèl moun, moun rich ak moun serye ki jwe aza, espesyalman nan kazino. Men, an jeneral, moun k ap gade pwogram sa yo rann yo kont se pa reyalite a sa.

Nan monn nan, moun ki jwe aza achte biyè lotri, yo parye sou moun oswa sou ekip k ap jwe, e yo jwe aza sou Entènèt ak nan kazino. Selon yon liv, jwèt aza “se yon vis ki atire prèske tout moun nan monn nan, e ki gaye kò l tankou dife ki pran nan pay sèch”. (Internet Gambling.) Pa egzanp, jodi a, nan pwogram televizyon ak sou Entènèt, yo prezante jwèt pokè tankou yon aktivite nòmal moun ka fè pou detann yo. Selon sa yon jounal fè remake, dapre yon etid kèk espesyalis fè tou dènyèman, yon etid ki te dire 18 mwa, kantite moun k ap jwe pokè Ozetazini yo te vin double.

Selon yon diksyonè, yon moun jwe aza lè l parye lajan san l pa gen okenn garanti l ap genyen. Gen anpil moun ki panse pa gen anyen mal pou yon moun jwe aza depi se lajan pa l li parye e depi li pa vin esklav jwèt la. Menm yon ansiklopedi katolik fè konnen jwe aza “pa yon peche, sof si li anpeche moun k ap jwe a pran responsablite l genyen”. (New Catholic Encyclopedia.) Men, ansiklopedi sa a pa site okenn vèsè nan Bib la pou kore sa l di a. Donk, ki jan yon kretyen ta dwe wè jwèt aza? Èske Bib la dakò ak jwèt aza oswa èske l kondane l?

Yon bagay nou bezwen konnen sèke Pawòl Bondye a pa pale de jwèt aza. Men, sa pa vle di Bib la pa ban nou okenn prensip ki ka ede nou nan domèn sa a. Bib la pa ban nou yon seri règ byen klè sou chak sa nou gen pou n fè oswa sou chak sitiyasyon ki prezante nan lavi a, men li ankouraje nou “kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye”. (Efezyen 5:17.) Konsa, yon kretyen kapab chèche konprann volonte Bondye sou kesyon jwe aza a lè l rasanble tout prensip ki gen rapò ak kesyon sa a e lè li reflechi sou yo. Chak fwa w fin li yon vèsè Labib yo bay nan atik sa a, mande tèt ou: ‘Èske si m jwe aza m ap obeyi prensip ki nan vèsè sa a? Selon vèsè sa a, ki pwennvi Bondye sou jwèt aza?’

Kesyon chans lan twonpe moun

Anpil moun itilize mo “chans” lan san yo pa konnen tout siyifikasyon li genyen. Lè yo di yon moun gen “chans”, sa pa sèlman vle di moun nan jwenn bon rezilta nan sa l fè, oubyen moun nan maton nan yon jwèt, men, mo chans lan gen rapò tou ak yon fòs moun pa ka wè ki ede moun nan. An jeneral, nan anpil peyi, moun ki anvi gen anpil lajan nan jwe aza konte sou chans, yo pa konte sou pwòp kapasite yo, yo konte sou sa yo santi, yo pa konte sou anyen ki lojik. Kòm rezilta, nan kèk peyi, pifò moun ki jwe aza gen tandans kwè ni nan sipèstisyon ni nan “chans”.

Èske se yon mal si yon moun kwè gen yon fòs ki ka ede l genyen nan jwèt aza? Gen kèk moun nan nasyon Izrayèl tan lontan an ki pa t wè anyen mal nan sa. Yo te panse chans te ka fè yo rich. Ki jan Jewova te wè sa? Pa mwayen pwofèt Izayi, li te di yo: “Nou menm, nou se moun ki kite Jewova, moun ki bliye montay sakre mwen an, moun ki ranje yon tab pou dye Chans lan, e ki ranpli koup ak diven melanje pou dye Desten an.” ​(Izayi [Ezayi] 65:11, NW). Nan je Bondye, lè yon moun kwè nan chans, li tonbe nan yon fòm idolatri, e sa pa ann amoni ak vrè adorasyon an. Moun sa a montre li gen konfyans nan yon fòs ki pa reyèl olye se vrè Dye a li fè konfyans. Pa gen okenn rezon pou nou kwè Bondye chanje fason l wè bagay yo.

Kote lajan an soti

Kit se sou Entènèt moun parye lajan yo, kit se biyè lotri yo achte, kit yo parye sou spò, oswa yo jwe aza nan kazino, byen souvan, moun k ap jwe yo pa chèche konnen ki kote lajan y ap chèche genyen an soti. Lè yon moun jwe aza se pa menm bagay ak lè l vann oswa li achte yon bagay nan bon kondisyon, paske moun k ap jwe aza a ap chèche genyen lajan lòt moun ap pèdi *. Dapre sa yon lopital o Kanada pou moun ki dwoge e ki gen pwoblèm mantal fè konnen: “Pou chak grenn moun ki vin milyonè nan jwe aza, gen plizyè milyon lòt moun ki pèdi lajan yo.” ​(Centre de toxicomanie et de santé mentale.) Ki prensip biblik ki ka ede yon kretyen konprann sa Bondye panse sou sa?

Men sa dènye nan Dis Kòmandman Bondye te bay pèp Izrayèl la di: “Piga nou pote lanvi [...] sou madanm [frè parèy nou], ni sou moun k’ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.” ​(Egzòd 20:17). Pou Bondye, pote lanvi oswa gen tanta sou bagay frè w genyen tankou byen materyèl li, richès li ak lajan li, se yon peche grav menm jan ak lè yon moun anvi gen madanm frè l. Plizyè syèk annapre, apot Pòl te repete menm kòmandman sa a pou kretyen yo: “Ou pa dwe gen tanta.” ​(Women 7:7). Si yon kretyen ap chèche genyen sa lòt moun ap pèdi, èske li pa montre li gen tanta?

Men sa J. Phillip Vogel, yon jounalis, ekri: “Kit moun k ap jwe aza yo admèt sa, kit yo pa admèt sa, anvan menm yo kòmanse jwe, yo gentan ap reve yo pral fè anpil lajan, menmsi se yon ti monnen yo parye.” Moun sa yo vle vin gen anpil lajan nan yon tikras tan san yo pa fè okenn efò pou sa. Pa gen dout nan sa, sa pa ann amoni menm ak konsèy Bib la bay pou yon kretyen “travay di pito, pou l fè bon travay ak men l, dekwa pou l ka gen kichòy pou l pataje ak moun ki nan nesesite”. (Efezyen 4:28.) Mete sou sa, men sa apot Pòl te di byen klè: “Si yon moun pa vle travay, li pa fèt pou l manje tou.” Apre sa, li te kontinye pou l di: “[Se] pou yo manje manje yo travay pou li.” ​(2 Tesalonisyen 3:10, 12). Èske nou ka konsidere yon moun k ap jwe aza kòm yon moun ki nan yon travay nòmal?

Byenke jwèt aza ka mande anpil konsantrasyon ak enèji, lajan moun yo fè a, se sou tèt lòt moun yo fè l, se pa peye moun peye yo pou travay yo fè ni se pa kòb yon moun ba yo poutèt yo te rann moun nan sèvis. Moun k ap jwe aza yo konte anpil sou chans e yo gen espwa yon lè y ap genyen kanmenm. An rezime, yon moun k ap jwe aza ap chèche genyen yon bagay san li pa fè okenn efò pou sa. Vrè kretyen yo, bò kote pa yo, konnen yo dwe fè lajan yon fason ki onèt. Men sa Salomon, yon wa ki saj, te ekri: “Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay [li] rapòte [l].” Apre sa, li te di: “Mwen wè sa se travay Bondye.” ​(Eklezyas 2:24). Li klè, sèvitè Bondye yo pa mete konfyans yo nan chans ni yo pa chèche fè lajan yon fason ki rapid e ki fasil, men yo konte sou Bondye pou yo jwenn kè kontan ak benediksyon.

“Yon pyèj” pou nou evite

Menmsi yon moun k ap jwe aza ta rive genyen, li pa dwe wè sèlman ti moman kè kontan li jwenn lè l genyen an, men li dwe wè tou konsekans jwèt aza ap genyen sou li avèk letan. Men sa Pwovèb 20:21 di: “Richès ou ranmase fasil fasil p’ap janm vin yon benediksyon pou ou.” Anpil moun ki te genyen nan lotri ak nan lòt jwèt aza te rann yo kont yo te twonpe yo paske lajan yo te vin genyen an pa t ba yo kè kontan. Li nan avantaj nou pou nou suiv konsèy Bib la bay pou nou pa mete espwa nou nan “richès ki pa sèten, men pou [nou] mete l nan Bondye, ki ban nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo”. — 1 Timote 6:17.

Gen yon lòt aspè nan jwèt aza ki pi mal toujou pase lè yon moun genyen sa lòt moun ap pèdi. Pawòl Bondye a di: “Moun ki byen deside pou yo rich yo tonbe nan tantasyon, yo tonbe nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki san sans e ki fè moun soufri, ki lage moun nan destriksyon ak nan dezas.” ​(1 Timote 6:9). Pyèj fèt pou pran bèt oswa moun. Gen anpil moun ki te kòmanse jwe aza ak entansyon pou yo parye yon ti kòb oswa pou yo jwe pandan yon ti tan sèlman, men se wè yo wè yo pran nan pyèj: yo pa ka sispann jwe aza. Jwèt aza detwi karyè moun, li kraze fanmi, e moun k ap jwe aza yo fè moun yo renmen soufri.

Apre nou fin wè plizyè vèsè nan Bib la ki ka ede nou ak kesyon jwe aza a, èske nou rive wè pwennvi Bondye nan domèn sa a? Men konsèy apot Pòl te bay kretyen parèy li yo: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” ​(Women 12:2). An jeneral, se pa sa moun panse ki dwe gide yon kretyen nan desizyon l ap pran, men se volonte Bondye. Kòm Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”, li vle nou jwi lavi nou san nou pa rekòlte move konsekans yon moun jwenn lè l jwe aza. — 1 Timote 1:11.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Nan Réveillez-vous! 8 oktòb 2000, nan paj 25-27, yo esplike diferans ki genyen ant lè yon moun envesti lajan l ak lè li jwe aza. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

[Antrefilè nan paj 22]

Sèvitè Bondye yo fè lajan yon fason ki onèt.

[Kare nan paj 21]

Lè yon moun genyen

Lè yon moun pran abitid jwe aza, èske li fasil pou l vin esklav jwèt aza? Nan yon eksperyans doktè Hans Breiter te fè sou moun ki jwe aza pou l te ka wè ki jan sèvo yo reyaji lè yo genyen oswa lè yo pèdi, men sa l te remake: “Nan moman yon moun genyen nan jwèt aza, sèvo l reyaji menm jan ak sèvo yon moun k ap pran yon dòz kokayin.”

[Foto nan paj 21]

Lajan ki moun moun ki jwe aza yo ap chèche genyen?