Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sou ki sa pou nou priye?

Sou ki sa pou nou priye?

YO KONSIDERE priyè Jezi te bay disip li yo kòm modèl la, priyè yo rele Nòtrepè a, kòm priyè kretyen yo plis resite nan tout priyè yo fè. Kit se vre, kit se pa vre, priyè sa a se youn nan priyè moun plis pa konprann. Plizyè milyon moun resite priyè sa a chak jou, e pafwa yo fè sa plizyè fwa pandan jounen an, san yo pa konprann anyen ladan l. Men, Jezi pa t janm bay priyè sa a pou yo itilize l konsa. Kòman nou fè konn sa?

Anvan Jezi te bay priyè sa a kòm modèl, men sa l te di: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” ​(Mat. 6:7). Èske Jezi t ap kontredi tèt li pou l ta bay disip li yo yon priyè pou yo aprann pa kè e pou yo repete? Non! Okontrè, Jezi t ap anseye ki sa pou yon moun mande nan lapriyè, e li t ap bay yon seri bagay ki dwe gen priyorite pou yon moun lè l ap priye. Annou egzamine sa l te di nan Matye 6:9-13 yo pi byen.

“Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.”

Lè Jezi te di pawòl sa yo, li t ap fè disip li yo sonje se Jewova, Papa l, tout moun dwe priye. Men, èske w konnen pou ki rezon non Bondye enpòtan konsa e poukisa l dwe vin sen?

Depi nan kòmansman listwa lèzòm, yo te sal non Bondye ki sakre ak manti. Satan, ènmi Jewova a, te di Jewova se yon mantè, yon Dirijan ki egoyis e ki pa gen okenn dwa pou l gouvène kreyati l yo (Jenèz 3:1-6). Anpil moun montre yo dakò ak Satan lè yo anseye Bondye se yon moun ki pa enterese nan moun, ki mechan anpil, ki renmen fè vanjans, e yo montre sa tou lè yo nye Bondye kòm Kreyatè. Gen lòt moun se non Bondye menm yo atake, yo retire non Jewova a nan tradiksyon Labib yo e yo entèdi moun sèvi avè l.

Labib fè konnen Bondye pral korije tout enjistis sa yo (Ezekyèl 39:7). Konsa, l ap tou rezoud tout pwoblèm ou yo epi l ap ba w tout sa w bezwen. Ki jan sa pral fèt? Sa Jezi te di annapre nan priyè l la bay repons lan.

“Se pou Wayòm ou an vini.”

Jodi a, anseyan relijye yo pa antann yo sou ki sa Wayòm Bondye a ye. Sepandan, jan moun ki t ap tande Jezi yo te konn sa, depi byen lontan, pwofèt Bondye yo te gentan anonse Mesi a, Sovè Bondye chwazi a, t ap gen pou l Wa nan Wayòm ki t apral chanje monn nan (Izayi 9:6, 7; Dànyèl 2:44). Li gen pou l fè non Bondye vin sen lè l fè tout manti Satan yo vin parèt klè epi l kraze Satan ak tout zèv li yo. Wayòm Bondye a pral fè lagè sispann. Maladi, grangou e menm lanmò pral disparèt (Sòm 46:9; 72:12-16; Izayi 25:8; 33:24). Lè w ap priye pou Wayòm Bondye a vini, se priye w ap priye pou tout pwomès sa yo reyalize.

“Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.”

Pawòl Jezi yo fè konprann volonte Bondye pral fèt sou tè a menm jan li deja fèt nan syèl la, kote Bondye rete a. Anyen pa t ka anpeche volonte Bondye fèt nan syèl la. Se nan syèl la Pitit gason Bondye a te fè lagè ak Satan ak tout akolit li yo, e li te pimpe yo sou tè a (Revelasyon 12:9-12). Menm jan ak de premye demann Jezi te fè nan priyè l la, twazyèm demann nan ede nou sonje sa ki pi enpòtan an se volonte Bondye, se pa volonte pa nou. Se volonte Bondye ki toujou pote pi gwo byenfè pou tout kreyasyon an. Se sa k fè, menm Jezi, antanke moun pafè, te di Papa l: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” —Lik 22:42.

“Ban nou pen nou bezwen pou jounen an.”

Annapre, Jezi te montre nou pa oblije bliye tèt nou nèt lè n ap priye. Pa gen anyen ki mal pou nou priye Bondye pou sa nou bezwen chak jou. An reyalite, lè nou fè sa, sa fè n sonje se Jewova “ki bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay”. (Travay 17:25.) Labib fè nou konnen li se yon Papa ki renmen pitit li e ki pran plezi ba yo sa yo bezwen. Sepandan, menm jan ak yon bon papa, li pap bay pitit li yo bagay yo mande l ki pa bon pou yo.

“Padone peche nou.”

Èske nou vrèman bezwen pou Bondye padone peche nou? Anpil moun jodi a pa konn sa peche ye e yo pa wè peche kòm yon bagay ki grav. Men, Labib anseye se peche ki lakòz tout pwoblèm lèzòm genyen ki pi grav yo e se peche ki lakòz moun mouri. Piske nou tout fèt nan peche, sa fè nou peche souvan, e sèl espwa nou genyen pou nou viv pou toutan se si Bondye padone peche nou (Women 3:23; 5:12; 6:23). Nou santi nou soulaje lè nou aprann Labib di: “Senyè, ala bon ou bon! Ou [“dispoze”, NW] padonnen peche nou yo.” —Sòm 86:5.

“Delivre nou anba Mechan an.”

Èske w rann ou kont jis nan ki pwen ou bezwen pwoteksyon Bondye? Anpil moun pa vle kwè “Mechan an”egziste, anpalan de Satan. Men Jezi te anseye Satan se yon moun reyèl, li te menm rele l “chèf monn nan”. (Jan 12:31; 16:11.) Satan pouri monn sa a l ap dirije a nèt e se pa ti anvi li anvi fè w menm bagay la tou, yon fason pou l anpeche w vin gen yon relasyon sere ak Jewova, Papa w (1 Pyè 5:8). Men, Jewova pi pisan lontan pase Satan e l pran plezi pwoteje moun ki renmen l.

Ti rezime nou sot fè sou pwen enpòtan ki gen nan priyè Jezi te bay kòm modèl la pa pale sou tout sa nou ka priye pou yo. Pa bliye sa 1 Jan 5:14 di sou Bondye: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” Donk, pinga w panse pwoblèm ou yo pa gen ase enpòtans pou w mete yo devan Bondye. —1 Pyè 5:7.

Men, ki kote pou n priye e ki lè pou n fè sa? Èske detay sa yo enpòtan?