Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou dwe priye?

Poukisa nou dwe priye?

LAPRIYÈ. Pa gen anpil sijè nan Labib ki pi enterese moun pase lapriyè. Ann konsidere sèt kesyon moun konn poze sou lapriyè, epi ann egzamine ki repons Labib bay sou kesyon sa yo. Objektif atik ki vin apre yo se ede nou priye oswa ede nou amelyore fason nou konn priye.

NAN lemonnantye, nan kèlkeswa kilti a oswa relijyon an, moun lapriyè. Yo fè sa lè yo poukont yo oswa lè yo an gwoup. Yo priye nan legliz, nan tanp, nan sinagòg, nan moske ak lòt kote moun konsidere ki sakre. Yo konn sèvi ak tapi ki fèt pou sa, ak chaplè, ak silenn y ap vire ki gen kopi priyè anndan yo, ak zidòl oswa senbòl, ak liv priyè, oswa ak priyè ki ekri sou yon moso planch yo pandye sou yon etajè.

Lapriyè se youn nan bagay ki fè moun diferan parapò ak lòt kreyati ki vivan sou tè a. An reyalite, gen anpil bagay ki fè nou pa twò diferan ak bèt yo. Menm jan ak yo, nou bezwen manje, lè pou n respire ak dlo, nou fèt, nou viv lavi nou epi nou mouri (Eklezyas 3:19). Men, se sèlman nou menm ki priye. Pou ki rezon?

Petèt repons ki pi senp lan sèke nou bezwen sa. Jeneralman, anpil moun konsidere lapriyè kòm yon mwayen pou yo pwoche bò kote yon bagay yo konsidere ki sen, oswa ki sakre, e ki la pou toutan. Labib montre nou fèt ak bezwen sa a (Eklezyas 3:11). Yon lè, Jezi Kris te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye.” —Matye 5:3.

Ki jan nou ta kapab esplike rezon ki fè gen tout batiman relijye sa yo ak tout objè moun fè ki gen rapò ak adorasyon, san konte tout kantite tan moun pase ap lapriyè, si yo pa t santi yo “bezwen Bondye”? Anpil moun konte sou tèt yo oswa sou moun parèy yo pou yo satisfè bezwen sa a. Men, èske w pa santi lèzòm pa kalifye pou yo bay bonjan èd nan domèn sa a? Nou frajil anpil, lavi nou kout, e nou pa wè lwen ase. Se sèlman yon moun ki gen plis sajès pase nou, yon moun ki gen plis fòs pase nou, e ki viv pi lontan pase nou ki ka ban nou sa nou bezwen. Ki sa nou bezwen konsa nan men Bondye ki pouse nou priye?

Fè yon ti reflechi. Èske sa pa janm rive w pou w ap chèche direksyon, sajès, oswa repons pou kesyon lèzòm sanble pa ka reponn akoz konesans yo ki limite? Èske w pa janm santi w bezwen konsolasyon apre lanmò ale ak yon moun ou renmen anpil? Èske w pa konn bezwen konsèy lè w gen yon gwo desizyon pou w pran? Oubyen, èske w pa janm santi w bezwen padon lè konsyans ou ap kale w?

Dapre Labib, tout bezwen sa yo se bonjan rezon pou nou priye. Nan kesyon lapriyè a, Labib se liv nou ka fè plis konfyans, e li gen yon pakèt priyè ladan l yon seri gason ak fi ki te fidèl te fè. Yo te priye pou yo jwenn konsolasyon, direksyon, padon, e pou kesyon ki te twò difisil pou yo reponn. —Sòm 23:3; 71:21; Dànyèl 9:4, 5, 19; Abakouk 1:3.

Byenke priyè sa yo te diferan youn ak lòt, gen yon bagay ki parèt nan tout. Moun ki t ap priye yo te konnen sekrè pou priyè yo egzose, yon sekrè moun nan monn nan pa konnen oswa yo pa bay valè. Sekrè a sèke yo te konnen ki moun pou yo priye.