Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Fè atansyon ak ledven Farizyen yo”

“Fè atansyon ak ledven Farizyen yo”

“Fè atansyon ak ledven Farizyen yo”

Jezi te di disip li yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen yo, ki se ipokrizi.” ​(Lik 12:1). Evanjil Matye a montre aklè lè Jezi te di pawòl sa yo se kondane li te kondane “ansèyman” Farizyen yo. — Mat. 16:12.

Nan Bib la, pafwa mo “ledven” an reprezante sa k pa bon. Se sèten, ansèyman Farizyen yo ak fason yo te wè bagay yo te gen move efè sou moun ki te konn koute yo. Sa k fè ansèyman Farizyen yo te reprezante yon danje pou moun yo?

1 Farizyen yo te fyè de tèt yo paske yo te panse yo jis, e yo pa t pran moun ki soti nan pèp la pou anyen.

Nan youn nan parabòl Jezi te bay yo, li te montre sa. Men sa l te di: “Farizyen an kanpe e li kòmanse priye nan kè l, li di: ‘O Bondye, mwen di w mèsi dèske mwen pa tankou lòt moun yo, yon bann moun ki dechèpiyè, ki enjis, ki nan adiltè, oubyen ankò m pa tankou pèseptè sa a. Mwen fè jèn de fwa pa semèn, mwen bay yon dizyèm nan tout bagay mwen vin genyen.’ Men, pèseptè a te kanpe a distans, li pa t menm vle leve je l gade syèl la, li pa t sispann frape lestomak li, li t ap di: ‘O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen se yon pechè.’” — Lik 18:11-13.

Jezi te fè lwanj pou pèseptè a paske pèseptè a te enb. Men sa l te di: “M ap di nou sa: Mesye sa a desann lakay li pi jis nan je Bondye pase lòt la. Paske, nenpòt moun ki glorifye tèt li, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap glorifye l.” ​(Lik 18:14). Byenke pèseptè yo te gen repitasyon moun ki pa onèt, Jezi te chèche ede sa ki te koute l yo. Gen omwen de pèseptè, Matye ak Zache, ki te vin disip Jezi.

Petèt nou panse nou pi bon pase yon lòt moun paske Bondye ban nou anpil kapasite oswa anpil privilèj nan òganizasyon l lan. Nou gendwa panse konsa tou paske nou wè moun nan gen defo e li pa reyisi nan kèk bagay li fè. Si n ta wè nou gen tandans panse konsa, ki sa n ta dwe fè? Nou dwe kouri rejte panse sa yo, paske Ekriti yo di: “Lamou gen pasyans ak bonte. Lamou pa anvye moun. Lamou pa vante tèt li, li pa fè ògèy. Lamou pa fè bagay ki degradan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fache fasil, li pa konsidere mal yo fè l. Lamou pa kontan ak sa ki pa jis, men, li kontan ak laverite.” — 1 Kor. 13:4-6, Bib Kreyòl La.

Nou ta dwe wè bagay yo menm jan ak apot Pòl. Apre li te fin di “Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè” yo, li te ajoute: “Pami moun sa yo, se mwen ki pi mal.” — 1 Tim. 1:15.

Kesyon k ap ede nou medite:

Èske m rekonèt mwen se yon pechè e se favè san parèy Jewova fè m nan k ap pèmèt mwen sove? Oubyen, èske lefètke mwen gen plizyè ane depi m ap sèvi Jewova fidèlman, mwen gen privilèj nan òganizasyon l lan, oswa mwen gen kapasite, sa fè m santi m pi bon pase lòt moun?

2 Farizyen yo te konn ap aji kòmsi se yo k pi jis pase tout moun pou yo te ka enpresyone lòt moun. Yo t ap chèche pou moun ba yo enpòtans e pou moun flate yo lè yo ba yo grad.

Men sa Jezi te di: “Tout sa y ap fè, yo fè yo pou moun ka wè yo. Pa egzanp, yo fè ti bwat ki gen pasaj Ekriti yo pi gwo, e yo mete yo sou fwon yo ak sou bra yo pou pwoteje yo, epi yo fè franj rad yo pi long. Yo renmen pi bèl plas nan festen k ap fèt ak plas devan nan sinagòg. Yo renmen pou moun salye yo sou plas piblik e pou yo rele yo anseyan.” ​(Mat. 23:5-7). Jezi pa t gen menm mantalite ak Farizyen sa yo. Byenke li te pitit Bondye e li te pafè, li te enb. Lè yon mesye te rele Jezi “bon”, Jezi te di l: “Poukisa w rele m bon? Pa gen yon moun ki bon, eksepte yon sèl: Bondye.” ​(Mak 10:18). Gen yon lòt fwa, Jezi te lave pye disip li yo, konsa, li te montre li gen imilite e li te tou kite yon egzanp pou yo nan sans sa a. — Jan 13:1-15.

Yon vrè kretyen ta dwe sèvi kwayan parèy li (Gal. 5:13). Frè ki ta renmen vin siveyan nan kongregasyon an bezwen fè sa plis toujou. Pa gen pwoblèm pou “yon moun ap chèche vin siveyan”, men li ta dwe gen objektif sa a paske li vle sèvi lòt moun. Li pa ta dwe genyen l paske l ap chèche gen gwo pozisyon ak plis otorite. Frè ki siveyan yo bezwen gen “imilite nan kè” yo menm jan ak Jezi. — 1 Tim. 3:1, 6; Mat. 11:29.

Kesyon k ap ede nou medite:

Èske m gen tandans bay moun ki gen responsablite nan kongregasyon an plis atansyon, petèt nan espwa pou m vin gen plis privilèj? Èske m gen tandans konsantre m sou aspè nan sèvis Jewova a ki sanble ta ka fè moun ban m respè pou kapasite m e ki ta ka fè yo pale de mwen? Èske m ap chèche fè moun wè m?

3 Pil règ ak tradisyon Farizyen yo te etabli yo te fè l difisil pou moun nan pèp la obeyi Lalwa.

Adorasyon pèp Izrayèl la t ap bay Jewova a te chita sou Lalwa Moyiz la. Men, Lalwa pa t bay pèp la tout ti detay nèt sou sa yo te dwe fè. Pa egzanp, Lalwa te entèdi yo travay jou saba, men li pa t di ki travay yo te kapab fè ak ki travay yo pa t kapab fè (Egz. 20:10). Farizyen yo te fè lwa pa yo, yo te gen tradisyon pa yo e yo te bay esplikasyon pa yo sou Lalwa paske yo te panse Jewova pa t bay ase enfòmasyon nan Lalwa Moyiz la. Jezi pa t okipe pil règ strik Farizyen yo te etabli yo, men, li te suiv sa Lalwa te mande (Mat. 5:17, 18; 23:23). Li te konprann rezon ki fè Jewova te bay Lalwa e li te konnen Bondye te vle pou pèp la gen mizèrikòd ak konpasyon. Jezi te montre li rezonab menm lè disip li yo te fè l desi. Pa egzanp, nan nuit yo t apral arete l la, li te mande apot li yo pou yo rete je klè epi kontinye veye ansanm avè l. Men, dòmi te pran mesye yo plizyè fwa. Malgre sa, avèk jantiyès, Jezi te di yo: “Lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” — Mak 14:34-42.

Kesyon k ap ede nou medite:

Èske m chèche etabli pwòp règ pa m oswa m fè opinyon m tounen lwa? Èske m rezonab nan sa m ap atann de lòt moun?

Fè yon ti reflechi sou diferans ki genyen ant ansèyman Jezi yo ak pa Farizyen yo. Èske w wè w ta kapab pote amelyorasyon nan fason w wè bagay yo? Si w wè sa, poukisa w pa travay sou sa?

[Foto nan paj 28]

Farizyen yo te konn mete ti bwat ki gen pasaj Ekriti yo sou yo. — Mat. 23:2, 5.

[Foto nan paj 29]

Kontrèman ak Farizyen yo ki te pran tèt yo pou yon pakèt afè, ansyen yo enb e yo sèvi lòt moun.

[Foto nan paj 30]

Menm jan ak Jezi, èske w rezonab nan sa w ap atann de lòt moun?