Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou rejwi nan esperans nou an

Annou rejwi nan esperans nou an

“[Nou gen] esperans lavi ki pap janm fini an, lavi Bondye, ki pa ka bay manti [a], te pwomèt depi byen lontan an.” — TIT 1:2.

1. Ki jan esperans Jewova ban nou an kapab ede nou andire?

APOT Pòl te di Jewova se “Bondye ki bay esperans” lan e li te ajoute Jewova kapab “ranpli nou ak yon jwa ak yon lapè total poutèt nou kwè nan li, dekwa pou nou ka gen esperans ann abondans avèk pisans lespri sen an”. (Wom. 15:13.) Si nou gen esperans ann abondans, n ap kapab andire kèlkeswa sitiyasyon ki parèt devan nou e n ap gen lajwa ak lapè nan kè nou. Kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo gen esperans ann abondans. Esperans sa a tankou “yon lank batiman pou nanm [yo], li sèten e anmenmtan li solid”. Konsa tou, si lòt kretyen yo gen esperans ann abondans, l ap tankou yon lank pou yo (Ebre 6:18, 19). Lè nou jwenn gwo difikilte nan lavi a, nou kapab apiye sou esperans nou genyen an, yon esperans k ap ede nou pou nou pa kite dout oswa mank lafwa pote nou ale. — Li Ebre 2:1; 6:11.

2. Bay de esperans kretyen yo genyen jodi a, e bay rezon ki fè esperans kretyen ki pral nan syèl yo gen anpil enpòtans pou kretyen ki fè pati “lòt mouton” yo.

2 Kretyen k ap viv nan tan lafen an gen esperans swa pou y al nan syèl, swa pou yo viv sou tè a. Ti rès kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki fè pati “ti twoupo” a gen esperans pou yo resevwa imòtalite nan syèl la antanke wa ak prèt bò kote Kris nan Wayòm li an (Lik 12:32; Rev. 5:9, 10). “Gwo foul moun” pèsonn pa ka konte a ki fè pati “lòt mouton” yo gen esperans pou yo viv pou toutan anba dominasyon Wayòm Kris la sou tè a ki pral tounen yon paradi (Rev. 7:9, 10; Jan 10:16). Moun ki fè pati lòt mouton yo pa dwe janm bliye, pou yo sove, yo oblije ede “frè” Kris yo ki se moun Bondye chwazi pou y al nan syèl ki sou tè a toujou e yo dwe fè sa ak tout kè yo (Mat. 25:34-40). Kretyen ki pral nan syèl yo ap jwenn rekonpans pa yo a kanmenm, e se sèten kretyen ki fè pati lòt mouton yo ap jwenn rekonpans pa yo a tou. (Li Ebre 11:39, 40.) Toudabò, ann pale de esperans kretyen ki pral nan syèl yo genyen an.

KRETYEN KI PRAL NAN SYÈL YO GEN YON “ESPERANS KI VIVAN”

3, 4. Nan ki sans kretyen ki pral nan syèl yo ‘fèt yon lòt fwa ankò pou yo vin gen yon esperans ki vivan’, e ki esperans sa a?

3 Nan de lèt apot Pyè te ekri kretyen ki pral nan syèl yo, li te rele kretyen sa yo “moun Bondye chwazi”. (1 Pyè 1:1.) Li te bay esplikasyon sou bèl esperans Bondye bay moun ki fè pati ti twoupo a. Men sa Pyè te ekri nan premye lèt li a: “Benediksyon pou Sila a ki Bondye Seyè nou an Jezi Kris, e ki Papa li, paske, selon mizèrikòd li ki gran, li fè nou fèt yon lòt fwa ankò pou nou vin gen yon esperans ki vivan, grasa rezirèksyon Jezi Kris pami mò yo, e pou nou vin gen yon eritaj ki pa ka ni gate, ni sal, ni fennen. Eritaj sa a rezève nan syèl la pou nou, nou menm pisans Bondye pwoteje grasa lafwa, pou nou ka delivre. Delivrans sa a pral parèt aklè nan dènye peryòd tan an. Sa fè nou kontan anpil.” — 1 Pyè 1:3-6.

4 Ti kantite kretyen Jewova chwazi pou y al gouvène ak Kris nan Wayòm li an “fèt yon lòt fwa ankò” antanke pitit Bondye grasa lespri sen. Bondye chwazi yo pa mwayen lespri sen pou yo vin wa ak prèt ansanm ak Kris (Rev. 20:6). Pyè te di lefètke kretyen sa yo “fèt yon lòt fwa ankò”, yo gen posiblite jwenn “yon esperans ki vivan”. Pyè te di esperans sa a se “yon eritaj ki pa ka ni gate, ni sal, ni fennen” e li rezève pou yo “nan syèl la”. Nou pa menm bezwen mande jan esperans ki vivan kretyen sa yo genyen an fè yo “kontan anpil”! Sepandan, yo dwe rete fidèl pou esperans yo a vin yon reyalite pou yo.

5, 6. Poukisa kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo asire apèl yo te jwenn nan?

5 Nan dezyèm lèt apot Pyè te ekri kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo, li te ankouraje yo pou yo ‘fè plis efò toujou pou yo asire ni apèl yo ni chwazi yo chwazi yo a’. (2 Pyè 1:10.) Yo te dwe fè tout sa yo kapab pou yo vin gen kalite kretyen yo dwe genyen tankou lafwa, atachman pou Bondye, afeksyon pou frè yo ak lanmou. Men sa Pyè te di: “Si bagay sa yo egziste nan nou ann abondans, y ap anpeche nou rete san nou pap fè anyen oswa san nou pa pwodui anyen.” — Li 2 Pyè 1:5-8.

6 Apre Kris te fin resisite, li te voye yon mesaj bay ansyen ki te vin pitit Bondye grasa lespri sen yo ki te nan kongregasyon Filadèlfi, nan Azi minè, nan premye syèk la. Men sa l te di yo: “Piske w te suiv egzanp andirans mwen te bay, m ap pwoteje w nan moman eprèv la, eprèv ki gen pou vini sou tout tè a e k ap fè tout moun ki abite sou tè a pase anba eprèv. M ap vini byen vit. Kontinye kenbe sa w genyen an fèm, pou pèsonn pa pran kouwòn ou an.” ​(Rev. 3:10, 11). Si youn nan kretyen Bondye te chwazi pou y al nan syèl yo ta vin enfidèl, li pa t ap resevwa “kouwòn ki pa ka fennen” Bondye te pwomèt moun ki gen esperans sa a ki rete fidèl jiska lamò. — 1 Pyè 5:4; Rev. 2:10.

YO ANTRE NAN WAYÒM NAN

7. De ki bèl esperans Jid te pale nan lèt li a?

7 Ozanviwon ane 65 epòk nou an, nan yon lèt Jid, yon frè Jezi bò kot manman, te ekri kretyen ki te gen esperans pou y al nan syèl menm jan avè l yo, li te rele yo “moun Bondye rele yo”. (Jid 1; konpare ak Ebre 3:1.) Li te gen entansyon ekri yo pou l pale yo de bèl esperans yo “genyen ansanm” pou yo delivre e pou yo vin wa nan Wayòm Bondye a nan syèl la (Jid 3). Byenke nan lèt Jid la, ki te tou kout, li te pale avèk yo sou lòt bagay enpòtan, nan fen lèt sa a, li te pale de bèl esperans li te gen ansanm avèk yo a. Li te di yo: “Kounye a, sila a ki gen pouvwa pou l anpeche nou tonbe e ki gen pouvwa pou l fè nou kanpe san tach devan glwa li, ak anpil kè kontan an, li menm ki sèl Bondye a, ki se Sovè nou, pa mwayen Jezi Kris, Seyè nou an, se pou li glwa ye ansanm ak majeste ak pisans ak pouvwa depi tout letènite, kounye a, e pou tout letènite.” — Jid 24, 25.

8. Dapre Jid 24, ki sa k montre gen kè kontan nan syèl la lè youn nan kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo mouri fidèl?

8 Pa gen dout nan sa, kretyen ki fidèl ki gen esperans pou y al nan syèl yo pa vle fè anyen ki kapab lakòz Bondye detwi yo. Piske esperans yo a chita sou Bib la, yo kwè Jezi Kris ap leve yo nan lanmò pou yo parèt devan Bondye nan syèl la tou pafè ak anpil kè kontan. Lè youn nan kretyen sa yo mouri fidèl, li gen asirans Jezi ap “leve” l “nan laglwa” nan “yon kò espirityèl” ki “pa ka dekonpoze”. (1 Kor. 15:42-44.) Si gen anpil “kè kontan nan syèl la pou yon sèl pechè ki repanti”, imajine lajwa ki gen nan syèl la lè youn nan frè Kris yo, ki se moun Bondye chwazi grasa lespri sen, mouri fidèl (Lik 15:7). Jewova ansanm ak zanj li yo ki fidèl pral rejwi ansanm ak kretyen ki pral nan syèl yo lè kretyen sa yo resevwa rekonpans yo nan syèl la ak “anpil kè kontan”. — Li 1 Jan 3:2.

9. Ki jan kretyen ki fidèl ki gen esperans pou y al nan syèl yo ap antre nan Wayòm nan “avèk glwa”, e ki jan esperans sa a ede yo pandan yo sou tè a toujou?

9 Nan menm sans lan, Pyè te ekri kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo pou l di yo si yo asire apèl yo te resevwa a lè yo rete fidèl, “y ap fè [yo] antre avèk glwa nan wayòm etènèl Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris”. (2 Pyè 1:10, 11.) Y ap antre nan syèl la “avèk glwa”, sa vle di bèl kalite yo genyen yo ap parèt byen klè. Ekspresyon “avèk glwa” a kapab gen rapò tou ak kokennchenn benediksyon yo pral resevwa paske yo te bay tout yo menm nan kous pou lavi a. Lè yo sonje fason yo te kenbe fidelite yo sou tè a, y ap kapab gen anpil kè kontan ak rekonesans. Pa gen dout nan sa, esperans sa a kretyen sa yo genyen an ba yo fòs pandan yo sou tè a pou yo ‘prepare lespri yo pou yo kontinye aji’. — 1 Pyè 1:13.

“BAZ ESPERANS” LÒT MOUTON YO

10, 11. a) Ki esperans lòt mouton yo genyen? b) Esperans sa a gen ki rapò ak Kris, e ki rapò li genyen ak “pitit Bondye yo” ki pral “parèt aklè”?

10 Apot Pòl te pale de bèl esperans “pitit Bondye” chwazi grasa lespri sen yo genyen e li te di yo gen “menm eritaj” ak Kris. Apre sa, li te pale de bèl esperans Jewova bay moun ki fè pati lòt mouton yo, yon kantite moun yo pa ka konte. Men sa l te di: “Kreyasyon an [lèzòm] ap tann avèk anpil enpasyans pou pitit Bondye yo [kretyen ki pral nan syèl yo] parèt aklè nan laglwa. Paske, yo te soumèt kreyasyon an anba vanite. Se pa t kreyasyon an ki te vle sa, men se akoz sila a ki te soumèt li a. Epi, men esperans li te tou bay: kreyasyon an li menm tou pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa.” — Wom. 8:14-21.

11 Lè Jewova te pwomèt l ap delivre lèzòm anba men “premye sèpan an”, Satan Ledyab, pa mwayen “desandans” li te pwomèt la, li te tou bay “baz esperans” lèzòm genyen an (Rev. 12:9; Jen. 3:15, NW). Se Jezi ki pati prensipal “desandans” lan (Gal. 3:16). Lè Jezi te mouri e Bondye te resisite l, Jezi te bay yon baz solid ki fè lèzòm kapab gen esperans pou yo libere anba esklavaj peche ak lanmò. Labib di esperans sa a ap vin yon reyalite lè “pitit Bondye yo parèt aklè”. Kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo fòme pati segondè “desandans” lan e yo pral “parèt aklè” lè yo mete ak Jezi pou yo detwi sistèm Satan an ki mechan (Rev. 2:26, 27). Sa ap pote delivrans pou lòt mouton yo ki pral chape vivan anba gwo tribilasyon an. — Rev. 7:9, 10, 14.

12. Lè kretyen ki pral nan syèl yo parèt aklè, ki byenfè sa pral pote pou lèzòm?

12 Se pa ti soulajman “kreyasyon” an, sa vle di lèzòm, pral jwenn pandan Rèy mil an Kris la! Nan epòk sa a, “pitit Bondye yo” k ap nan laglwa nan syèl la pral “parèt aklè” lè y ap sèvi antanke prèt ansanm ak Kris pou yo fè lèzòm jwenn benediksyon sakrifis ranson Jezi a ap pote. “Kreyasyon” an, sa vle di lèzòm, ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a ki nan syèl la, pral kòmanse delivre anba konsekans peche ak lanmò. Tikras pa tikras, moun ki obeyisan yo “pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini”. Si yo rete fidèl ak Jewova pandan Rèy mil an Kris la e yo rete fidèl pandan eprèv final la ki pral fèt nan fen mil an an, Jewova ap ekri non yo pou toutan nan “woulo lavi a”. Konsa, yo pral antre nan “libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. (Rev. 20:7, 8, 11, 12.) Se pa ti bèl esperans sa a bèl!

ANNOU KENBE ESPERANS NOU AN VIVAN

13. Grasa ki sa nou gen esperans nou genyen an, e ki lè Kris pral fè konnen kiyès li ye?

13 De lèt lespri sen te pouse apot Pyè ekri yo gen anpil enfòmasyon ki kapab ede kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ansanm ak lòt mouton yo kenbe esperans yo genyen an vivan. Pyè te montre se pa aksyon yo fè ki fè yo gen esperans sa a, men se yon favè san parèy Jewova fè yo. Men sa apot la te ekri: “Rete nan bonsans nou nèt. Mete espwa nou nan favè san parèy la, favè yo pral fè nou nan moman Jezi Kris pral fè konnen kiyès li ye” a (1 Pyè 1:13). Jezi Kris pral fè konnen kiyès li ye lè l vin rekonpanse disip li yo ki fidèl e lè l vin egzekite jijman Jewova sou moun ki pa gen respè pou Jewova yo. — Li 2 Tesalonisyen 1:6-10.

14, 15. a) Pou nou kenbe esperans nou an vivan nan lespri nou, sou ki sa nou dwe fikse je nou? b) Ki konsèy Pyè te bay?

14 Pou nou kenbe esperans nou an vivan nan lespri nou, nou dwe fikse je nou sou “jou Jewova a” ki gen pou vini an e nou dwe viv yon fason ki montre nou kenbe jou sa a nan lespri nou. Lè jou sa a rive, Bondye pral detwi “syèl” ki la kounye a, sa vle di gouvènman lèzòm yo. Li pral detwi “tè a” tou, sa vle di sosyete moun ki mechan ki la kounye a, ak “bagay ki konpoze syèl la ak tè a”. Se sa k fè Pyè te di: “Reflechi sou jan de moun nou dwe ye [...] pandan n ap tann jou Jewova a e pandan nou toujou kenbe l nan lespri nou. Pandan jou sa a, syèl la ap detwi nan dife, epi bagay ki konpoze syèl la ak tè a ap vin cho anpil e yo pral fonn tou.” — 2 Pyè 3:10-12.

15 Pral gen “yon syèl tounèf [Wayòm Kris la] ak yon tè tounèf [yon sosyete moun ki jis]” ki pral ranplase “syèl” ak “tè” ki la kounye a (2 Pyè 3:13). Apre sa, Pyè te bay yon seri konsèy byen klè sou sa pou n fè pandan n ap “tann” nan, sa vle di pandan nou kenbe esperans monn tounèf Bondye pwomèt la nan lespri nou. Men sa l te di: “Se poutèt sa, byenneme, piske n ap tann bagay sa yo, fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè.” — 2 Pyè 3:14.

ANNOU VIV ANN AMONI AK ESPERANS NOU AN

16, 17. a) Ki “konduit ki sen” nou ta dwe genyen, e ki ‘aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye’ nou ta dwe fè? b) Ki lè esperans nou an ap vin yon reyalite?

16 Nonsèlman nou bezwen kenbe esperans nou an vivan nan lespri nou, men tou, nou bezwen viv ann amoni ak esperans sa a. Nou dwe reflechi sou kalite moun nou dwe ye antanke sèvitè Jewova. Pou nou gen “yon konduit ki sen”, sa mande pou nou toujou “gen bon konduit pami nasyon yo”, sa vle di nou dwe rete pwòp nan domèn moral (2 Pyè 3:11; 1 Pyè 2:12). Nou dwe gen “lanmou nan mitan nou”. Youn nan bagay nou ka fè pou sa, se fè tout sa nou kapab pou kongregasyon nou ladan l lan rete ini. Konsa, fanmi entènasyonal nou fòme a ap rete ini (Jan 13:35). ‘Aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye’ yo se aksyon ki pwouve nou gen yon relasyon sere ak Jewova. Aksyon sa yo gen ladan yo bagay tankou bon kalite priyè nou fè, lekti Labib chak jou, etid pèsonèl sou sijè ki pwofon, adorasyon an fanmi ak preche “bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan” regilyèman. — Mat. 24:14.

17 Nou chak ta renmen gen favè Jewova e nou ta renmen l sove nou lè l pral “disparèt” monn mechan sa a. Lè sa a, “esperans lavi ki pap janm fini an, lavi Bondye, ki pa ka bay manti [a], te pwomèt depi byen lontan an” ap vin yon reyalite. — Tit 1:2.

[Kesyon]

[Foto nan paj 22]

Kretyen ki pral nan syèl yo ‘fèt yon lòt fwa ankò pou yo vin gen yon esperans ki vivan’.

[Foto nan paj 24]

Kenbe esperans nou an vivan nan fanmi nou.