Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan Chan Salomon an

Pwen enteresan ki nan Chan Salomon an

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan Chan Salomon an

“ TANKOU yon lis ki pami plant ki gen pikan, se konsa konpay mwen an ye pami fi yo. ” “ Tankou yon pye pòm ki pami pyebwa ki nan forè, se konsa cheri m nan ye pami pitit gason yo. ” “ Kiyès dam sa a k ap gade anba tankou douvanjou, bèl tankou plèn lin, pi tankou solèy la k ap briye ? ” ​(Chan Salomon 2:2, 3 ; 6:10). Vèsè sa yo ki nan Chan Salomon an vrèman admirab ! Tout liv la se yon powèm ki tèlman gen anpil siyifikasyon e ki tèlman bèl, yo rele l “ pi bèl (pi bon) chan an ”. — Chan Salomon 1:1, nòt anba paj.

Chan sa a ki se istwa damou yon jèn bèje ak yon jèn peyizàn, yon Choulamit, se wa Salomon nan Izrayèl tan lontan an ki te konpoze l, ozanviwon ane 1020 anvan epòk nou an, nan premye pati rèy li a ki te dire 40 an. Pami lòt moun yo mansyone nan powèm nan nou jwenn manman jèn fi a ak frè li yo, “ pitit fi Jerizalèm ” yo [dam ki nan lakou wayal yo] ak “ pitit fi Siyon ” yo [medam Jerizalèm yo] (Chan Salomon 1:5 ; 3:11). Li pa fasil pou yon moun k ap li Bib la idantifye tout moun k ap pale nan Chan Salomon an, men sa posib lè nou konsidere sa yo di oswa sa yo di yo.

Mesaj ki nan Chan Salomon an, ki fè pati Pawòl Bondye a, gen anpil valè pou de rezon (Ebre 4:12). Premyèman, li anseye nou ki sa vrè lanmou ki egziste ant yon gason ak yon fi ye. Dezyèmman, chan an montre ki kalite lanmou ki egziste ant Jezi Kris ak kongregasyon kretyen wen yo. — 2 Korentyen 11:2 ; Efezyen 5:25-31.

PA ESEYE “ LEVE LANMOU NAN MWEN ”

(Chan Salomon 1:1–3:5)

“ Se pou l bo m ak bo nan bouch li, paske tandrès ou bay pi bon pase diven. ” Se pawòl sa yo yon jèn peyizàn enb yo te mennen anba tant wa Salomon an te di ki kòmanse dyalòg ki nan Chan Salomon an. Ki jan li te fè twouve l la ?

Jèn fi a di : “ Pitit manman m yo fache avè m. Yo mete m veye jaden rezen yo. ” Frè l yo te fache avè l paske jèn bèje li renmen an te envite l al fè yon ti pwomnad avè l yon bèl jounen nan prentan. Pou yo anpeche l ale, yo ba l veye “ ti rena k ap vin ravaje jaden rezen yo ”. Travay sa a te fè l vin twouve l toupre kan Salomon an. Lè li te desann al “ nan jaden ki gen pye nwa yo ”, yo te remake l tèlman l te bèl, e yo te tou mennen l nan kan an. — Chan Salomon 1:6 ; 2:10-15 ; 6:11.

Etandone jèn fi a te montre li anvi wè bèje li renmen an, dam nan lakou wayal yo di l pou l “ al suiv tras twoupo a ” pou l al chèche l. Men, Salomon pa t kite l ale. Pou li eksprime admirasyon li pou bote jèn fi a, li pwomèt li “ sèk annò [...] ak pwen ann ajan ”. Malgre tou, sa pa t enpresyone jèn fi a. Jèn bèje a vin anndan kan Salomon an, li jwenn li, e li di : “ Gade ! Ou bèl, o konpay mwen. Gade ! Ou bèl. ” Jèn fi a fè dam nan lakou wayal yo fè sèman sa a : “ Pa eseye reveye oubyen leve lanmou nan mwen anvan li dispoze. ” — Chan Salomon 1:8-11, 15 ; 2:7 ; 3:5.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:2, 3 — Poukisa souvni tandrès jèn bèje a tankou diven e non l tankou luil ? Menm jan diven fè kè yon moun kontan e lè yo vide luil sou tèt yon moun se yon bagay ki adousi l, lè jèn fi a sonje lanmou jènjan an ak non li, sa fòtifye l e sa rekonfòte l (Sòm 23:5 ; 104:15). Vrè kretyen yo, patikilyèman kretyen wen yo, yo menm tou yo jwenn fòs ak ankourajman lè yo reflechi sou lanmou Jezi Kris montre anvè yo.

1:5 — Poukisa jèn peyizàn nan konpare koulè bwonze li genyen an ak “ tant ki nan Keda yo ” ? Plim kabrit yo fè twal avèk yo a ka sèvi pou plizyè bagay (Nonb 31:20). Pa egzanp, yo te itilize ‘ twal ki fèt ak plim kabrit ’ pou yo fè “ tant ki sou tabènak la ”. (Egzòd 26:7.) Menm jan ak tant Bedwen yo jodi a (yon seri Arab ki abite nan dezè), li pwobab pou tant ki nan Keda yo te fèt ak plim kabrit nwa.

1:15 — Ki sa jèn bèje a vle di lè l di : “ Je w se je pijon ” ? Jèn bèje a vle di je konpay li a dou e delika menm jan ak je pijon.

2:7 ; 3:5 — Poukisa ‘ gazèl oswa bich ki nan savann ’ te fè dam nan lakou wayal yo fè sèman ? Gazèl ak bich remakab poutèt elegans yo ak bote yo. Annefè, jèn Choulamit la te mande dam nan lakou wayal yo pou yo fè sèman sou tout sa ki elegan e ki bèl pou yo pa eseye reveye lanmou nan li.

Leson pou nou jodi a :

1:2 ; 2:6. Demontre tandrès nan yon fason ki kòrèk ka apwopriye diran peryòd frekantasyon yo. Sepandan, de moun k ap frekante dwe veye pou se yon afeksyon reyèl y ap eksprime, se pa ta dwe yon pasyon ki malsen ki ka debouche sou imoralite seksyèl. — Galat 5:19.

1:6 ; 2:10-15. Frè Choulamit yo pa t kite sè yo a ale yon kote izole nan mòn yo ak byenneme l la, men se pa paske li te imoral oswa li te gen move mobil. Okontrè, yo te pran devan pou anpeche l tonbe nan yon sitiyasyon ki ta ka fè l tonbe nan tantasyon. Leson pou moun k ap frekante yo : yo dwe evite ale kote ki izole.

2:1-3, 8, 9. Byenke jèn Choulamit la te bèl, avèk modesti li te konsidere tèt li tankou “ yon senp safran [yon flè òdinè] nan plenn ki sou kot ”. Akoz bote li ak fidelite li anvè Jewova, jèn bèje a konsidere li kòm “ yon lis ki pami plant ki gen pikan ”. E ki sa nou ka di de jèn bèje a ? Poutèt jèn bèje a te bèl gason, nan je demwazèl la, li te sanble ak “ yon gazèl ”. Li te sipoze yon moun espirityèl tou ki fidèl ak Jewova. Li di : “ Tankou yon pye pòm [ki bay lonbray ak fwi] ki pami pyebwa ki nan forè, se konsa cheri m nan ye pami pitit gason yo. ” Èske lafwa ak atachman pou Bondye se pa de bèl kalite pou yon moun chèche nan yon moun li pral marye avè l ?

2:7 ; 3:5. Jèn peyizàn nan pa t santi yon atirans womantik pou Salomon. Li te fè dam nan lakou wayal yo fè sèman pou yo pa eseye reveye nan li lanmou pou pèsonn lòt moun, eksepte pou bèje a. Li pa posib e li pa kòrèk tou pou yon moun gen lanmou womantik pou nenpòt moun. Yon kretyen selibatè ki ta renmen marye dwe enterese sèlman nan yon sèvitè Jewova ki fidèl. — 1 Korentyen 7:39.

“ KI SA N AP KONTANPLE NAN CHOULAMIT LA ? ”

(Chan Salomon 3:6–8:4)

Gen yon bagay “ k ap monte sot nan dezè a tankou kolòn lafimen ”. (Chan Salomon 3:6.) Ki sa medam Jerizalèm yo wè lè yo soti al gade ? Salomon ak asistan l yo k ap retounen nan vil la ! E wa a mennen jèn Choulamit la avè l.

Jèn bèje a suiv jèn fi a e prèske tousuit li jwenn yon fason pou li wè l. Etandone jènjan an asire jèn fi a li renmen l, jèn fi a di pawòl sa yo pou li eksprime dezi li genyen pou l kite vil la : “ Anvan jou a soufle e anvan lonbray yo kouri ale, mwen pral fè wout mwen nan montay lami ak nan kolin lansan. ” Li envite bèje a “ antre anndan jaden li pou l manje pi bon fwi yo. ” Bèje a reponn : “ Mwen antre anndan jaden m, o sè mwen, madan marye mwen. ” Medam Jerizalèm yo di yo : “ Manje, o konpayon ! Bwè epi soule tèt nou ak tandrès ! ” — Chan Salomon 4:6, 16 ; 5:1.

Apre Choulamit la fin rakonte dam nan lakou wayal yo yon rèv, li di yo : “ Mwen gen maladi damou. ” Yo mande l : “ Nan ki sa cheri pa w la depase tout lòt cheri yo. ” Li reponn : “ Cheri m nan eklatan e li wòz, se li ki pi remakab pami dimil. ” ​(Chan Salomon 5:2-10). Devan louwanj egzajere Salomon t ap fè, li reponn avèk imilite, li di : “ Ki sa n ap kontanple nan Choulamit la ? ” ​(Chan Salomon 6:4-13). Etandone wa a wè sa kòm yon opòtinite pou li bon nan li, li kontinye vide konpliman sou li. Sepandan, jèn fi a kontinye kenbe lanmou li genyen pou jèn bèje a fèm. Finalman, Salomon kite l al lakay li.

Kesyon biblik ak tout repons :

4:1 ; 6:5 — Poukisa yo konpare cheve jèn fi a ak “ twoupo kabrit ” ? Konparezon an vle fè konprann cheve l te klere e yo te pouse ann abondans tankou plim kabrit nwa.

4:11 — Ki sa sa endike lefètke ‘ myèl ki sot nan gato myèl ap degoute sot nan lèv Choulamit la ’ e li gen ‘ siwo myèl ak lèt anba lang li ’ ? Siwo myèl ki nan gato myèl gen pi bon gou e li pi dous pase siwo myèl ki pran lè. Konparezon sa a, ansanm ak ide ki di te gen siwo myèl ak lèt anba lang jèn fi a, mete aksan sou jan pawòl nan bouch Choulamit la te bon e jan yo te agreyab.

5:12 — Ki ide ki dèyè ekspresyon ki di : “ Je li tankou pijon ki toupre kanal dlo, k ap benyen nan lèt ” ? Jèn fi a t ap pale konsènan bèl je byenneme l la genyen. Petèt nan yon sans powetik, li konpare nwa je li ki antoure ak blan an ak pijon ble gri k ap benyen nan lèt.

5:14, 15 — Poukisa yo dekri men ak pye bèje a jan yo dekri l la ? Aparamman jèn fi a fè referans ak dwèt bèje a ki tankou silenn annò e zong li tankou krizolit. Li konpare pye li ak “ kolòn an mab ”, paske yo fèm e yo bèl.

6:4, nòt anba paj — Èske “ Vil Agreyab ” la fè referans ak Jerizalèm ? Non. “ Vil Agreyab ” la se “ Titsa ”. Se Jozye ki te pran vil kananeyen sa a, e apre epòk Salomon an li te vin premye kapital wayòm dis tribi Izrayèl la, wayòm nò a (Jozye 12:7, 24 ; 1 Wa 16:5, 6, 8, 15). Yon ouvraj referans di : “ Sanble vil la te yon kote ki bèl anpil, ki fè yo te pale de li la a. ”

6:13, nòt anba paj — Ki sa “ dans de kan yo ” ye ? Yo ka tradui ekspresyon sa a konsa tou : “ Dans Mahanayim. ” Vil ki te pote non sa a te nan lès rivyè Jouden, toupre vale Yabòk (Jenèz 32:2, 22 ; 2 Samyèl 2:29). “ Dans de kan yo ” ka fè referans ak yon dans yo te konn danse nan vil sa a nan okazyon yon fèt.

7:4 — Poukisa Salomon konpare kou jèn Choulamit la ak “ yon tou ann ivwa ” ? Anvan sa, jèn fi a te resevwa konpliman sa a : “ Kou w tankou tou David la. ” ​(Chan Salomon 4:4). Yon tou se yon konstriksyon ki wo e ki etwat, e ivwa se yon bagay ki rafine. Salomon enpresyone lè li wè jan kou jèn fi a elanse e rafine.

Leson pou nou jodi a :

4:1-7. Lefètke Choulamit la te reziste devan presyon Salomon te fè sou li yo, byenke li te enpafè, li te montre li gen yon moralite ki san fay. Konsa, fòs moral li te genyen te ajoute sou bote li. Se ta dwe menm bagay la tou pou kretyèn yo.

4:12. Menm jan yon bèl jaden ki ansèkle ak yon lantouray oswa ak yon mi se sèlman nan yon baryè ki fèmen moun ka antre ladan l, se moun ki pral marye ak jèn Choulamit la sèlman ki benefisye afeksyon l ak tandrès li. Ala yon bèl egzanp pou kretyèn ak kretyen ki poko marye yo !

“ FLANM YA ”

(Chan Salomon 8:5-14)

Lè frè Choulamit yo wè l ap retounen lakay, yo mande : “ Kiyès dam sa a k ap monte sot nan dezè a, ki apiye sou cheri li ? ” Anvan sa, youn nan yo te di : “ Si li se yon miray, n ap bati yon tou ann ajan sou li. Men, si li se yon pòt, n ap bloke l ak yon planch sèd. ” Piske kounye a lanmou Choulamit la pase anba eprèv e li bay prèv li fidèl, men sa l di : “ Mwen se yon miray, e tete m tankou fòtrès. Nan ka sa a mwen parèt nan je l kòm moun ki jwenn lapè. ” — Chan Salomon 8:5, 9, 10.

Vrè lanmou an se “ flanm Ya ”. Poukisa ? Paske yon lanmou konsa soti nan Jewova. Se Li menm ki mete kapasite pou renmen nan nou. Li se yon flanm ki pa ka etenn. Chan Salomon an demontre nan yon bèl fason lanmou ki egziste ant yon gason ak yon fi ka “ fò [enfleksib] tankou lanmò ”. — Chan Salomon 8:6.

Pi bèl chan Salomon te fè a fè nou konprann pi byen lyen ki egziste ant Jezi Kris ak moun ki konpoze “ madanm ” selès li a (Revelasyon 21:2, 9). Lanmou Jezi gen pou kretyen wen yo depase kèlkeswa lanmou ki egziste ant yon gason ak yon fi. Moun ki fè pati klas madanm nan pa lage nan atachman yo gen pou li. Avèk amou, Jezi te bay vi li pou “ lòt mouton yo ” tou (Jan 10:16). Kidonk, tout vrè adoratè yo ka imite egzanp lanmou ak atachman ki stab Choulamit la kite.