Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | VIZYON KI BAY LIMYÈ SOU MONN ENVIZIB LA

Vizyon sou moun ki nan monn envizib la

Vizyon sou moun ki nan monn envizib la

Labib prezante yon seri vizyon estrawòdinè ki pèmèt nou pi byen wè sa k ap pase nan syèl la, kote ki envizib la. Nou envite w byen egzamine yo. Byenke nou pa dwe pran tout sa yo dekri nan vizyon sa yo kòm bagay literal, sepandan, vizyon sa yo ka ede nou. Nonsèlman yo ka ede n byen wè moun ki rete nan monn envizib la, men tou, yo ka ede n konprann fason moun sa yo kapab gen efè sou nou.

JEWOVA SE SILA A KI NAN PI GWO POZISYON AN

“Mwen wè yon twòn nan syèl la, e gen yon moun ki chita sou twòn nan. Sila a ki chita a gen aparans yon pyè ki gen anpil valè yo rele jasp ak yon pyè ki gen anpil valè yo rele sadwàn, e toutotou twòn nan te gen yon lakansyèl ki sanble ak yon pyè ki gen anpil valè yo rele emwòd.” — Revelasyon 4:2, 3.

“Te gen yon limyè toutotou l ki t ap klere e ki te tankou lakansyèl ki parèt nan nyaj lè gen lapli. Se konsa limyè ki t ap klere toutotou l la te ye. Li te sanble ak glwa Jewova.” — Ezekyèl 1:27, 28.

Vizyon sa yo apot Jan ak pwofèt Ezekyèl te resevwa yo dekri glwa Jewova Dye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, genyen an. Yo dekri glwa sa a pa mwayen yon seri bagay nou ka imajine san pwoblèm, yon seri pyè ki gen anpil valè ki klere, yon lakansyèl ansanm ak yon gwo bèl twòn. Yo fè n konnen prezans Jewova bèl anpil. Se yon bagay ki fè moun gen lakrentif, ki fè yo santi yo byen e ki fè yo santi yo anpè.

Fason yo pale de Bondye mache ak pawòl yon moun ki te ekri yon sòm te di. Men sa l te di: “Jewova gran e li vrèman merite pou moun fè louwanj pou li. Li merite pou moun gen lakrentif pou li plis pase tout lòt dye yo. Tout dye lòt pèp yo ap sèvi yo se dye ki san valè. Men, Jewova se Sila a ki fè syèl la. Kote l ye a gen glwa ak mèvèy, nan kote ki apa pou li a gen fòs ak bèl bagay.” — Sòm 96:4-6.

Byenke Jewova se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, li envite nou pou n pwoche kote l pa mwayen lapriyè e li ban nou asirans li koute nou (Sòm 65:2). Bondye renmen nou e li gen sousi pou nou, nan pwen apot Jan te ka ekri: “Bondye se lanmou.” — 1 Jan 4:8.

JEZI BÒ KOTE BONDYE

‘[Etyèn, yon disip ki te kretyen], te ranpli ak lespri sen’, “li fikse syèl la, li wè glwa Bondye, e li wè Jezi ki kanpe adwat Bondye. Epi li di: ‘Gade! Mwen wè syèl la ouvè, e mwen wè Pitit lòm nan ki kanpe adwat Bondye.’” — Travay 7:55, 56.

Yon tikras tan anvan Etyèn te fè vizyon sa a, yo te touye Jezi e se konsènan menm moun ki te fè mannigans pou yo touye Jezi yo, anpalan de chèf relijye Juif yo, Etyèn t ap pale. Vizyon Etyèn te fè a te bay prèv Jezi te vivan, Bondye te resisite l e li te onore l. Men sa apot Pòl te ekri sou sa: “[Jewova] te leve [Jezi] sot nan lanmò e [...] li te fè l chita adwat li nan syèl la, nan yon pozisyon ki pi wo lontan pase tout gouvènman, tout otorite, tout pisans, tout dominasyon ak tout non ki genyen, nonsèlman nan sistèm sa a, men tou nan sa ki gen pou vini an.” — Efezyen 1:20, 21.

Nonsèlman Ekriti yo dekri gwo pozisyon Jezi genyen an, men tou, yo montre li gen anpil sousi pou lèzòm menm jan ak Jewova. Pandan Jezi te sou tè a, li te geri moun ki malad ak moun ki enfim e li te leve moun ki te mouri. Lefètke Jezi te bay lavi l kòm sakrifis, sa montre nan ki pwen li renmen Bondye ak lèzòm (Efezyen 2:4, 5). Detan Jezi kanpe adwat Bondye a, li pral sèvi ak otorite li genyen an talè konsa pou l vide anpil benediksyon sou tout moun ki obeyisan.

ZANJ YO AP SÈVI BONDYE

“Mwen [Pwofèt Dànyèl] te kontinye gade jiskaske yo te mete yon seri twòn nan plas yo e Sila a ki la depi byen lontan an [Jewova] te chita sou twòn li. [...] Te gen 1 000 000 zanj ki t ap travay pou li, e te gen 100 000 000 zanj ki te kanpe devan l.” — Dànyèl 7:9, 10.

Lè Dànyèl te fè vizyon konsènan syèl la, li pa t wè yon sèl zanj, men li te wè yon pil ak yon pakèt zanj. Se pa ti lakrentif vizyon sa a dwe te fè l genyen pou Bondye! Zanj yo se yon pakèt espri ki gen glwa, ki entèlijan e ki gen pisans. Selon pozisyon yo, gen serafen ak cheriben. Labib pale de zanj yo plis pase 250 fwa.

Se pa moun ki te viv sou tè a ki vin tounen zanj. Bondye te kreye zanj yo byen lontan anvan l te kreye moun. Lè Bondye t ap fè tè a, zanj yo te la, yo t ap gade e yo te rele tèlman yo te kontan. — Jòb 38:4-7.

Youn nan fason zanj fidèl yo sèvi Bondye se patisipe yo patisipe nan travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a, anpalan de travay anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a (Matye 24:14). Nan yon vizyon apot Jan te fè, li te montre fason zanj yo patisipe nan travay sa a. Men sa l te ekri: “Mwen wè yon lòt zanj k ap vole nan mitan syèl la. Li gen yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse moun ki abite sou tè a, moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp.” (Revelasyon 14:6). Se vre, jodi a zanj pa pale ak moun jan yo te konn fè sa kèk fwa nan tan lontan, men, yo ede moun k ap preche bon nouvèl la jwenn moun ki gen kè sensè yo.

SATAN AP TWONPE PLIZYÈ MILYON MOUN

“Gen yon gè ki pete nan syèl la: Mikayèl ak zanj li yo batay ak dragon an, e dragon an ak zanj li yo batay avèk yo. Men, dragon an pa t pote laviktwa, e pa t gen plas pou yo ankò nan syèl la. Kidonk, yo pimpe gwo dragon an sou tè a, li menm ki premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an, li menm k ap twonpe lemonnantye a. Yo pimpe l sou tè a, e yo pimpe zanj li yo sou tè a avèk li.” — Revelasyon 12:7-9.

Pa t toujou gen lapè nan syèl la. Depi nan kòmansman istwa limanite, gen youn nan zanj yo ki te gen gwo anvi pou yo adore l, ki te rebele kont Jewova, konsa li te vin tounen Satan, ki vle di “Opozan”. Gen lòt zanj ki te vin met ansanm avè l e ki te vin tounen demon. Yo mechan anpil, yo opoze ak Jewova e yo lakòz pifò moun suiv yon chemen ki kontrè ak direksyon Jewova bay avèk lanmou.

Satan ak demon l yo kòwonpi e yo san pitye. Yo se ènmi lèzòm e se yo ki lakòz anpil nan soufrans ki gen sou tè a. Pa egzanp, Satan te touye bèt Jòb yo, yon moun ki te fidèl e li te touye sèvitè l yo. Apre sa, li te touye toule dis pitit Jòb yo lè l te fè “yon gwo van” kraze kay kote yo te ye a. Annapre, Satan te “fè yon pakèt gwo bouton leve sou Jòb e yo t ap fè l mal, yo te soti depi nan pla pye l rive nan tèt li”. — Jòb 1:7-19; 2:7.

Men, talè konsa, yo pral detwi Satan. Depi lè yo te fin pimpe l ozalantou tè a, li konnen “se yon tikras tan li rete”. (Revelasyon 12:12.) Yo kondane Satan. Vrèmanvre, sa se yon bon nouvèl!

YON SERI MOUN KI TE SOU TÈ A

“Ou [Jezi] achte moun pou Bondye, moun ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon, ou fè yo vin wa, ou fè yo vin prèt pou Bondye nou an, e yo gen pou yo dirije tè a antanke wa.” — Revelasyon 5:9, 10.

Menm jan Jezi te resisite e l t al nan syèl la, se konsa tou ap gen lòt moun k ap resisite pou y al nan syèl la. Jezi te di apot fidèl li yo: “Mwen prale pou m prepare yon plas pou nou. Epitou, [...] m ap retounen e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou kote m ye se la nou ye tou.” — Jan 14:2, 3.

Moun ki al nan syèl la ale pou yon rezon. Yo pral fè pati yon gouvènman ansanm ak Jezi, ki pral dirije tout moun k ap sou tè a e ki pral fè yo jwenn benediksyon. Se pou Wayòm sa a Jezi te di disip li yo pou yo priye lè l te bay priyè modèl la: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” — Matye 6:9, 10.

SA MOUN KI NAN SYÈL YO PRAL FÈ

“Mwen [apot Jan] tande yon vwa ki soti nan twòn nan ki di byen fò: ‘Gade! Tant Bondye a avèk lèzòm. [...] L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.’” — Revelasyon 21:3, 4.

Vizyon sa a ki anonse yon pwofesi atire atansyon nou sou moman kote Wayòm Bondye a pral mete fen nan dominasyon Satan an e fason li pral fè tè a tounen yon paradi. Se Jezi ak moun ki t ap viv sou tè a ki resisite pou y al nan syèl la ki fòme Wayòm sa a. Tout bagay ki te konn fè moun soufri anpil e ki te konn mete moun nan gwo lapenn yo pap la ankò. Menm lanmò pral disparèt!

Men, e plizyè milyon moun ki mouri e ki pa pral nan syèl yo, sa yo pral jwenn menm? Pi devan yo pral retounen viv ankò e y ap gen posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi k ap gen sou tè a. — Lik 23:43.

Vizyon sa yo ban nou asirans Jewova Dye ak Jezi Kris, Pitit li a, ansanm ak zanj fidèl yo ak moun yo te achte sou tè a gen anpil sousi pou nou e yo vle sa ki bon pou nou. Pou w ka aprann plis sou sa yo pral fè, nou envite w pran kontak ak Temwen Jewova yo oubyen al sou sit nou an www.jw.org/ht epi telechaje liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.