Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Wòch plat sa a se dokiman ekri ki gen non “Tatanou” an nan youn nan bò yo.

Yon prèv anplis

Yon prèv anplis

Èske akeyoloji kore istwa yo rapòte nan Bib la? Gen yon atik yo te pibliye an 2014 nan yon jounal (Biblical Archaeology Review) ki te pale sou kesyon sa a: “Konbyen moun yo site nan Liv ki te ekri ann ebre yo dekouvèt akeyològ yo pwouve ki te egziste vre?” Men repons yo te bay: “Gen omwen 50 moun!” Yon moun yo pa t site nan lis yo bay nan atik sa a se Tatenayi. Kiyès li te ye? Annou egzamine wòl li te jwe tou kout nan istwa ki nan Bib la.

Yon lè, vil Jerizalèm te fè pati Anpi Pès la, ki te gwo anpil. Vil la te nan yon zòn moun peyi Pès yo te rele Pa lòtbò Rivyè a, sa vle di nan pati lwès Rivyè Efrat. Apre moun peyi Pès yo te fin pran Babilòn, yo te libere Juif ki te prizonye nan peyi sa a e yo te ba yo dwa pou yo rekonstwi tanp Jewova a nan Jerizalèm (Esdras 1:1-4). Sepandan, ènmi Juif yo te kont pwojè sa a e yo te sèvi ak sa pou yo akize Juif yo kòmkwa yo te revòlte kont peyi Pès (Esdras 4:4-16). Pandan rèy Dariyis Iye a (522-486 anv. e. n.), yon fonksyonè nan peyi Pès ki te rele Tatenayi te fè yon ankèt sou sitiyasyon an. Bib la rele fonksyonè sa a “gouvènè zòn ki pa lòtbò Rivyè a”. — Esdras 5:3-7.

Gen yon kantite wòch plat ki gen non Tatenayi sou yo ki la jis jounen jodi a. Sanble yo fè pati sa yo ka rele rejis yon fanmi. Wòch plat ki pèmèt yon moun wè si yon manm fanmi sa a se yon pèsonaj nan Bib la se dokiman yo te ekri konsènan yon lajan yo te peye yon moun. Dokiman sa a gen dat 20yèm ane wa Dariyis Iye t ap dirije a sou li, sa vle di ane 502 anvan epòk nou an. Li montre yon moun ki te temwen acha sa a se yon sèvitè “Tatanou, gouvènè pa lòtbò Rivyè a”. Se Tatenayi sa a Bib la pale de li nan liv Esdras la.

Ki wòl mesye sa a te jwe? Nan ane 535 anvan epòk nou an, Siris Legran te fè kote li t ap dirije yo fè plizyè zòn. Youn ladan yo te rele “Babilòn ak Pa lòtbò Rivyè a”. Zòn sa a ki te anba pouvwa l te separe an de pati, e youn nan pati sa yo te rele Pa lòtbò Rivyè a. Li te gen ladan l Kowele-Siri, Fenisi, Samari ak Jida, e petèt yo te gouvène l depi Damas. Tatenayi te gouvène zòn sa a ozanviwon ane 520 rive ane 502 anvan epòk nou an.

Apre Tatenayi te fin vwayaje al Jerizalèm pou l fè rechèch sou akizasyon yo te fè kòmkwa Juif yo t ap revòlte a, li t al esplike Dariyis Juif yo te di yo te jwenn otorizasyon nan men Siris pou yo rekonstwi tanp Jewova a. Rechèch sa yo ki nan achiv wa yo kore sa Juif yo te di a (Esdras 5:6, 7, 11-13; 6:1-3). Konsa, yo te bay Tatenayi lòd pou l pa antre nan koze sa a, e li te obeyi. — Esdras 6:6, 7, 13.

Se vre, “Tatenayi, gouvènè zòn ki pa lòtbò Rivyè a” pa t reyalize gwo bagay nan listwa, men nou ka wè Labib pale de li e li ba l egzakteman tit li te genyen an. Sa ban nou yon lòt prèv ki montre akeyoloji kontinye fè moun wè istwa ki nan Bib la egzak.