Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LÈ W GEN YON MOUN PA W KI MOURI

Fason pou w fè fas ak lapenn ou genyen

Fason pou w fè fas ak lapenn ou genyen

Pa manke konsèy sou sijè sa a. Sepandan, se pa tout konsèy yo ba ou ki ka ede w. Pa egzanp, ou ka jwenn moun ki ba w konsèy pou w pa kriye oswa pou w montre sa w santi kèlkeswa fason an. Gen lòt moun ki ka pouse w fè lekontrè epi mete tout santiman w deyò. Bib la prezante yon pwennvi ki pi ekilibre, yon pwennvi moun k ap fè rechèch nan epòk nou an apiye.

Nan kèk kilti, yo konsidere sa pa nòmal pou yon gason kriye. Men, èske se vre nou dwe santi nou jennen pou nou kriye, menm an piblik? Gen kèk espesyalis ki etidye sante mantal ki fè konnen tandans nou genyen pou n kriye a se yon bagay nòmal e sa fè pati lapenn nou genyen an. Epi lè w kriye pou moun nan, avèk letan, sa ka ede w santi w miyò, menmsi moun ou te pèdi a toujou gen yon pakèt valè pou ou. Sepandan, si w kache lapenn ou genyen an, sa ka fè w plis mal olye sa fè w byen. Labib pa dakò ak ide ki fè konprann li pa bon pou yon gason kriye akoz lapenn li genyen. Annou reflechi sou egzanp Jezi kite. Lè laza, bon zanmi l lan, te mouri, li te pran kriye, byenke li te gen pisans pou l fè moun ki mouri tounen viv ankò. — Jan 11:33-35.

Souvan, yon moun ki nan lapenn akoz moun pa l ki mouri, sitou lè moun sa a mouri sibit, konn gen moman kote l an kòlè. Gen yon pakèt rezon ki ka fè yon moun ki nan lapenn santi l an kòlè, tankou lè yon moun yo respekte fè yon seri kòmantè san reflechi. Mike, yon mesye ki moun Afrik disid, fè konnen: “Mwen te gen sèlman 14 an lè papa m te mouri. Nan antèman an, pastè legliz anglikan an te di Bondye bezwen bon moun e li pran yo an premye. * Sa te fè m an kòlè paske nou te vrèman bezwen papa nou. Jodi a, 63 an apre, lapenn sa a toujou la.”

E konsènan santiman moun konn genyen ki fè yo panse yo koupab la? Sitou lè yon moun mouri bridsoukou, moun ki nan lapenn nan ka ap panse: ‘Si m te fè yon bagay, sa pa t ap rive.’ Oswa petèt dènye fwa l te rankontre ak defen an, se yon diskisyon nou te pete. Sa ka ajoute sou santiman w genyen ki fè w panse w koupab.

Si w dekouraje akoz santiman sa yo ki fè w panse w koupab e ki fè w an kòlè, li enpòtan pou w pa kache emosyon sa yo. Olye de sa, pale ak yon zanmi ki kapab koute w e ki kapab ba w asirans anpil moun ki nan lapenn konn gen menm santiman sa yo ki pa rezonab. Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

Pi bon zanmi yon moun ki nan lapenn ka genyen se Jewova Dye, Kreyatè nou an. Vide kè w ba li nan lapriyè paske “li gen sousi pou nou”. (1 Pyè 5:7.) Anplis de sa, li pwomèt tout moun ki fè sa, l ap kalme panse yo ak santiman yo genyen grasa “lapè Bondye ki depase tout sa moun ka konprann”. (Filipyen 4:6, 7.) Mete sou sa, kite Bondye ede w geri pa mwayen Labib, Pawòl li a, ki kapab konsole w. Fè yon lis kèk vèsè ki ka konsole w. (Gade  kare ki mache ak atik la.) Ou ka menm memorize plizyè ladan yo. Ou ka medite sou panse sa yo k ap ede w sitou lannuit, lè w poukont ou ak lè l difisil pou w dòmi. — Ezayi 57:15.

Sa pa gen lontan gen yon mesye yo rele Jack ki gen 40 an ki te gen madanm li ki mouri ak yon kansè. Jack di pafwa li santi l poukont li anpil. Men li te jwenn èd grasa lapriyè. Men sa l esplike: “Lè m priye Jewova, mwen pa janm santi m poukont mwen. Souvan, mwen leve lannuit e m pa ka dòmi ankò. Apre m fin li kèk panse rekonfòtan nan Ekriti yo e m medite sou yo, epi m pale sou santiman m yo nan lapriyè, mwen santi m gen yon trankilite ak yon lapè ki depase sa k nòmal, sa fè lespri m ak kè mwen kalm e sa pèmèt mwen dòmi.”

Vanessa, yon jèn dam, te gen manman l ki mouri akoz yon maladi. Li menm tou li te wè pouvwa lapriyè genyen. Men sa l di: “Lè m nan moman ki pi difisil yo, mwen annik site non Bondye, epi m sispann kriye. Jewova te tande priyè m yo e li te toujou ban m fòs mwen bezwen.”

Kèk moun ki bay konsèy sou lapenn moun genyen lè yo gen moun pa yo ki mouri konseye moun k ap lite ak lapenn yo pou yo ede lòt moun oswa pou yo bay tan yo pou ede moun nan kominote a. Lè yo fè sa, yo ka jwenn lajwa e sa ka soulaje lapenn yo genyen an (Travay 20:35). Anpil kretyen ki nan lapenn rann yo kont lè yo travay pou ede lòt moun, sa fè yo jwenn yon gwo konsolasyon. — 2 Korentyen 1:3, 4.

^ § 5 Se pa sa Labib anseye. Bib la bay twa rezon ki lakòz lanmò. — Eklezyas 9:11; Jan 8:44; Women 5:12.