Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon seri charyo ak yon kouwòn ap pwoteje nou

Yon seri charyo ak yon kouwòn ap pwoteje nou

“Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa [Jewova], Bondye nou an, ban nou lòd fè.” — ZAK. 6:15, Bib la.

KANTIK: 61, 22

1, 2. Nan ki sitiyasyon Juif ki t ap viv Jerizalèm yo te ye nan fen setyèm vizyon Zakari a?

PWOFÈT Zakari te gen anpil bagay k ap pase nan tèt li lè l te fin fè setyèm vizyon l lan. Jewova te bay garanti l ap pini tout moun k ap aji yon fason malonèt akoz move aksyon y ap fè. Se sèten pwomès sa a te fòtifye Zakari. Men, pa gen anyen ki te chanje vre. Moun yo te toujou ap aji yon fason malonèt, yo te toujou ap fè move bagay, e travay rekonstriksyon tanp Jewova a potko prèt pou l fini. Ki jan Juif yo te fè vire do bay travay Jewova te konfye yo a vit konsa? Èske yo te tounen nan peyi yo senpleman pou yo regle zafè pa yo?

2 Zakari te konnen Juif ki te vin Jerizalèm yo se gason ak fi ki te gen lafwa. Se te moun “vrè Dye a te touche kè yo” pou yo kite kay yo ak biznis yo (Esd. 1:2, 3, 5). Yo te kite yon peyi yo te konnen byen pou yo vin yon kote pifò nan yo potko janm wè. Si travay rekonstriksyon tanp Jewova a pa t enpòtan pou yo, yo pa t ap janm fè vwayaj difisil sa a sou yon distans 1 600 kilomèt nan move wout.

3, 4. Ki difikilte Juif ki t ap tounen Jerizalèm yo te jwenn?

3 Ki jan vwayaj sa a dwe te ye? Toutpandan Juif yo t ap fè vwayaj la, se sèten yo te pase plizyè èdtan ap panse ak kote yo pral abite a. Yo te konn tande lòt moun ap di jan vil Jerizalèm te bèl yon lè. Moun aje ki te pami yo te wè jan ansyen tanp lan te bèl anpil (Esd. 3:12). Si w t ap fè vwayaj sa a avèk yo, ki jan w t ap santi w lè w fèk wè Jerizalèm, nouvo peyi w pral viv la? Èske w t ap santi w tris lè w wè kay kraze yo ki chaje ak raje? Èske w t ap konpare gwo miray double ki Babilòn yo ak miray Jerizalèm yo ki tou kraze ansanm ak gwo espas kote pòtay la te ye a ak kote gad te konn ap fè pòs yo? Men, pèp la te pran kouraj. Yo te deja wè fason Jewova sèvi ak men l pou l sove yo nan vwayaj byen long yo t ap fè pou yo retounen lakay yo a. Premye bagay yo te fè lè yo te rive se konstwi yon lotèl kote ansyen tanp lan te ye a e yo te kòmanse ofri sakrifis bay Jewova chak jou (Esd. 3:1, 2). Pou jan yo te montre yo zele okòmansman, sanble pa gen anyen ki te ka dekouraje yo.

4 Anplis travay nan tanp lan, Izrayelit yo te dwe rebati vil yo tou. Yo te gen kay pou repare, jaden pou yo plante ak bouch pou yo bay manje (Esd. 2:70). Travay yo te gen pou fè yo sanble te twòp pou yo. Apre sa, byen vit, yo te fè fas ak opozisyon ki rèd anpil. Aktout yo te ret fèm okòmansman, yo te fè 15 an ap jwenn opozisyon (Esd. 4:1-4). Yo te fè fas ak yon gwo eprèv nan ane 522 anvan epòk nou an lè wa peyi Pès la te entèdi moun kontinye konstwi nan Jerizalèm. Sanble vil sa a pa t ap janm fin konstwi. — Esd. 4:21-24.

5. Ki jan Jewova te reyaji lè l wè pèp li a pap fè anyen?

5 Jewova te konnen sa pèp li a bezwen. Bondye te bay Zakari yon dènye vizyon pou l te ka bay Juif yo asirans Li renmen yo e Li apresye tout sa yo fè, epitou, Li te ba yo garanti l ap pwoteje yo si yo retounen nan travay Li a. Anrapò ak travay rekonstriksyon tanp lan, men pwomès Jewova te fè: “Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa [Jewova], Bondye nou an, ban nou lòd fè.” — Zak. 6:15, Bib La.

YON LAME ZANJ KI SOU CHEVAL

6. a) Ki fason uityèm vizyon Zakari a kòmanse? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Poukisa cheval yo pa menm koulè?

6 Petèt se dènye nan uit vizyon Zakari te fè yo ki plis fòtifye lafwa nou. (Li Zakari 6:1-3.) Imajine sèn nan: “Nan mitan de mòn ki fèt an kuiv”, gen kat charyo k ap vin ak tout boulin, e sanble yo tou pare pou lagè. Cheval k ap rale charyo yo pa menm koulè. Sa pèmèt yo distenge chak kavalye ki sou charyo yo. Zakari te mande: “Ki sa charyo sa yo reprezante?” (Zak. 6:4). Nou menm tou nou vle konnen etandone vizyon sa a gen efè sou nou.

Jewova toujou ap sèvi ak zanj li yo pou l pwoteje pèp li a e pou l fòtifye l.

7, 8. a) Ki sa de mòn yo reprezante? b) Poukisa mòn yo fèt an kuiv?

7 Nan Bib la, mòn yo ka reprezante wayòm oswa gouvènman. Mòn ki nan vizyon Zakari a menm jan ak de mòn yo pale de yo nan pwofesi Dànyèl la. Gen youn nan yo ki reprezante dwa Jewova genyen pou l dirije linivè pou toutan gen tan. Lòt mòn nan reprezante Wayòm Mesi a Jezi ap dirije (Dàn. 2:35, 45). Lè Jezi te resevwa pouvwa antanke Wa ann otòn 1914, de mòn sa yo te vin parèt e yo jwe yon wòl espesyal nan akonplisman volonte Bondye sou tè a.

8 Poukisa mòn yo fèt an kuiv? Menm jan ak lò, kuiv se yon metal ki gen anpil valè. Jewova te mande pou yo sèvi ak metal klere sa a nan konstriksyon tabènak la e pi devan nan tanp Jerizalèm nan (Egz. 27:1-3; 1 Wa 7:13-16). Donk, li toutafè nòmal pou kuiv de mòn senbolik yo fè n sonje jan dwa Jewova genyen pou l dirije linivè antanke Souvren an enpòtan anpil ak jan Wayòm Mesi a enpòtan. Yo toude pral fè tout moun sou tè a viv ak kè poze e y ap beni yo.

9. Kiyès kavalye ki sou charyo yo ye, e ki misyon yo genyen?

9 Kounye a, ann pale de charyo yo ankò. Ki sa charyo yo ak kavalye ki sou yo a reprezante? Kavalye ki sou charyo yo se zanj, petèt plizyè gwoup oswa plizyè rejiman zanj. (Li Zakari 6:5-8.) Yo soti “devan Seyè ki Mèt tout tè a” pou y al ranpli yon misyon espesyal. Ki misyon yo ba yo? Yo voye kavalye yo ak charyo yo al pwoteje yon seri kote byen presi. Yo gen responsablite pou yo pwoteje pèp Jewova a, sitou kont “peyi ki nan nò a”, anpalan de Babilòn. Jewova ap asire l Babilòn pap fè pèp li a vin esklav ankò. Se pa ti rekonfò pawòl sa a dwe te bay moun ki t ap rebati tanp lan nan epòk Zakari a! Yo pap gen pou yo bay tèt yo pwoblèm pou ènmi k ap vin nui yo.

10. Ki asirans pèp Bondye a nan epòk nou an ka jwenn nan pwofesi Zakari te bay konsènan charyo ak kavalye yo?

10 Menm jan sa te ye nan epòk Zakari a, Jewova, Chèf lame yo, toujou ap sèvi ak zanj li yo pou l pwoteje pèp li a e pou l fòtifye l (Mal. 3:6; Ebre 1:7, 14). Depi lè Izrayèl espirityèl la fin libere nan prizon senbolik Gran Babilòn nan an 1919, pa gen anyen ki rive anpeche vrè adorasyon an gaye toupatou malgre tout opozisyon l rankontre (Rev. 18:4). Piske zanj yo ap pwoteje nou, nou pa bezwen pè pou òganizasyon Jewova a pa fè fas ak lòt moman eprèv nan domèn espirityèl ankò (Sòm 34:7). Okontrè, nou kapab gen asirans sèvitè Bondye yo toupatou sou tè a ap kontinye pwogrese nan domèn espirityèl. Lè n reflechi ak vizyon Zakari a, nou pa gen okenn dout nou an sekirite nan lonbray de mòn yo.

11. Ki sa k fè n pa bezwen pè atak yo pral fè kont pèp Bondye a?

11 Talè konsa, pisans politik ki nan monn Satan an pral met tèt yo ansanm pou eseye detwi pèp Bondye a (Eze. 38:2, 10-12; Dàn. 11:40, 44, 45; Rev. 19:19). Pwofesi Ezekyèl la fè konnen pisans sa yo ap tankou nyaj ki kouvri peyi a, e y ap vin atake nou tou an kòlè toutpandan yo sou cheval yo (Eze. 38:15, 16) *. Èske gen yon bagay ki dwe fè n pè? Non! Nou gen yon lame ki avè n. Nan moman difisil sa a ki pral rive pandan gwo tribilasyon an, sòlda nan lame zanj Jewova a ap vin ansanm pou pwoteje pèp Bondye a e pou yo detwi moun sa yo ki opoze ak dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an (2 Tes. 1:7, 8). Jou sa a se pral yon gran jou! Men, kiyès ki alatèt lame Jewova a ki nan syèl la?

JEWOVA KOUWONE WA AK PRÈT LI CHWAZI A

12, 13. a) Ki sa yo mande Zakari fè kounye a? b) Esplike ki jan moun ki rele Boujon an gen rapò ak yon pwofesi ki konsène Jezi Kris.

12 Zakari te fè uit vizyon e se li menm sèlman ki te wè yo. Kounye a, l ap patisipe nan yon aksyon pwofetik kòm yon ankourajman pou moun ki t ap rebati tanp Bondye a. (Li Zakari 6:9-12.) Yo mande Zakari pou l pran ajan ak lò nan men Èldayi, Tobija ak Jedaya, twa moun ki te fèk retounen sot Babilòn, epi pou l fè “yon gwo kouwòn ki bèl anpil” ak bagay yo ba li yo (Zak. 6:11, nòt). Èske yo te mande Zakari pou l met kouwòn nan sou tèt gouvènè Zowobabèl ki sot nan tribi Jida e ki se desandan David? Non. Moun ki t ap gade dwe te etone lè Zakari te met kouwòn nan sou tèt Jozye, gran prèt la.

13 Lefètke yo te kouwone gran prèt Jozye, èske sa te fè l vin wa? Non, Jozye pa t soti nan liy fanmi wa David, konsa, li pa t kalifye pou l vin wa. Kouwone yo te kouwone l la te anonse yon pwofesi konsènan yon wa ki prèt tou ki t ap gen pou vini e ki t ap la pou toutan. Gran prèt yo fè vin wa a rele Boujon. Ekriti yo montre byen klè se Jezi Kris ki Boujon sa a. — Eza. 11:1; Mat. 2:23, nòt.

14. Antanke Wa ki Gran Prèt tou, ki travay Jezi ap fè?

14 Antanke Wa ki Gran Prèt tou, Jezi se chèf lame Jewova a ki nan syèl la. Antanke chèf lame, l ap travay ak tout fòs yon fason pou pèp Bondye a antanke gwoup ka viv an sekirite aktout y ap viv nan yon monn ki rayi yo (Jer. 23:5, 6). Talè konsa, Kris pral pran latèt nan viktwa l pral ranpòte sou nasyon yo nan objektif pou l defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an e pou l defann pèp Jewova a (Rev. 17:12-14; 19:11, 14, 15). Sepandan, anvan Boujon egzekite jijman l, li gen yon gwo travay pou l fè.

L AP BATI TANP LAN

15, 16. a) Ki travay reparasyon ak finisyon k ap fèt nan epòk nou an, e ki moun k ap fè l? b) Ki sa k ap rive nan fen Rèy mil an Kris la?

15 Nonsèlman Jezi se Wa ki Gran Prèt tou, men l gen responsablite pou l “bati tanp Jewova a” tou. (Li Zakari 6:13.) Nan epòk nou an, travay konstriksyon Jezi a te gen ladan l libere vrè adoratè yo nan Gran Babilòn nan epi retabli kongregasyon kretyen an nan ane 1919. Anplis de sa, li te tabli yon “esklav fidèl ki prevwayan” pou pran latèt nan dirije travay k ap fèt nan lakou gran tanp espirityèl la sou tè a (Mat. 24:45). Mete sou sa, Jezi okipe anpil nan pirifye pèp Bondye a pou ede yo bay Jewova yon adorasyon ki pwòp. — Mal. 3:1-3.

16 Pandan Rèy mil an Jezi a, li menm ak 144 000 wa ak prèt k ap ansanm avè l yo pral fè moun ki fidèl yo vin pafè. Lè sa fin fèt, se sèlman vrè adoratè Bondye yo k ap abite sou tè a k ap vin pwòp. Finalman, vrè adorasyon an ap retabli nèt!

ANN PATISIPE NAN TRAVAY KONSTRIKSYON K AP FÈT LA

17. Ki asirans Jewova rebay Juif yo annapre, e ki efè mesaj li a te gen sou yo?

17 Bon, ki efè mesaj Zakari a te gen sou Juif yo nan epòk li a? Jewova te ba yo garanti y ap ka travay san pwoblèm e l ap pwoteje yo. Piske l te ba yo asirans tanp lan t ap rebati, sa dwe te pot espwa ak soulajman pou yo. Men, ki jan yon tikras moun konsa t ap ka reyalize kalite gwo travay sa a? Pawòl Zakari te di annapre yo te retire kèlkeswa laperèz oswa dout yo te ka genyen. Nonsèlman yo t ap jwenn èd nan men kèk moun fidèl tankou Èldayi, Tobija ak Jedaya, men tou, Bondye te fè konnen t ap gen anpil lòt moun ki t ap “vini [e ki t ap] patisipe nan bati tanp Jewova a”. (Li Zakari 6:15.) Etandone Juif yo te gen konfyans Bondye t ap ede yo, yo te kòmanse aji byen vit, e yo te rekòmanse travay konstriksyon an malgre entèdiksyon. Yon ti tan annapre, Jewova te elimine entèdiksyon ofisyèl la ki te tankou yon gwo mòn ki te anpeche yo travay, e konstriksyon tanp lan te fini nèt nan ane 515 anvan epòk nou an (Esd. 6:22; Zak. 4:6, 7). Sepandan, pawòl Jewova a pale de bagay ki pi gwo lontan ki gen pou fèt nan epòk nou an.

Jewova pap janm bliye lanmou nou demontre pou li! (Gade paragraf 18, 19.)

18. Ki fason Zakari 6:15 ap akonpli nan epòk nou an?

18 Jodi a, gen plizyè milyon moun ki vin nan vrè adorasyon an e kè yo pouse yo bay sa yo genyen “ki gen valè”, tankou tan yo, fòs yo ak sa yo posede, pou ede nan travay k ap fèt nan gran tanp espirityèl Jewova a (Pwo. 3:9). Ki jan n ka gen asirans Jewova bay èd nou bay avèk fidelite yo anpil valè? Sonje Èldayi, Tobija ak Jedaya te pote materyo bay Zakari pou l fè kouwòn nan. Annapre, kouwòn sa a te fè moun “sonje” ofrann mesye sa yo te bay pou vrè adorasyon an (Zak. 6:14). Menm jan an tou, Jewova pap janm bliye travay nou fè ak lanmou nou gen pou li (Ebre 6:10). Y ap rete la pou toutan nan memwa Jewova, e l ap toujou ba yo valè.

19. Ki efè vizyon Zakari yo ta dwe gen sou nou jodi a?

19 Tout bagay nou rive fè pou vrè adorasyon an nan dènye jou sa yo se prèv klè ki montre Jewova beni nou e Kris ap dirije nou. Nou fè pati yon òganizasyon ki stab, ki an sekirite e k ap la pou toutan. Objektif Jewova genyen pou vrè adorasyon an ap reyalize. Ancheri plas ou genyen pami pèp Jewova a, epi pa sispann “fè tou sa [Jewova], Bondye nou an, ban nou lòd fè”. Konsa, w ap ka rete anba pwoteksyon Wa nou an ki Gran Prèt tou ansanm ak zanj ki sou charyo yo. Fè tout sa w kapab pou w ede vrè adorasyon an ak tout kè w. Toutpandan w ap fè sa, ou kapab gen asirans Jewova, Chèf lame yo, ap fè w ret an sekirite e l ap pwoteje w pandan rès sistèm sa a e pou tout tan gen tan!

^ § 11 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 me 2015, paj 29-30.