Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 22

Wayòm nan deja tabli — Fò l vini!

Wayòm nan deja tabli — Fò l vini!

(Revelasyon 11:15; 12:10)

  1. 1. Jewova, ou te toujou la,

    W’ap toujou egziste.

    Ou tabli Jezi sou twòn nan.

    Kouny’a, l’ap dirije.

    Finalman, Wayòm nan parèt,

    Li pral jere tout tè a nèt.

    (REFREN)

    Delivrans lan rive!

    Wayòm nan anplas, li pisan.

    Wi, li deja tabli.

    Ann di: “Fò’l vini, Fò’l vini!”

  2. 2. Dyab la rete yon tikras tan,

    Sa fè’n pa pè demen,

    Malgre nou nan tan difisil,

    Nou konn sa’k pral genyen.

    Finalman, Wayòm nan parèt,

    Li pral jere tout tè a nèt.

    (REFREN)

    Delivrans lan rive!

    Wayòm nan anplas, li pisan.

    Wi, li deja tabli.

    Ann di: “Fò’l vini, Fò’l vini!”

  3. 3. Nan syèl la zanj yo nan lajwa,

    Yo pran chante byen fò.

    Manti fini, yo soulaje,

    Satan pa la ankò.

    Finalman, Wayòm nan parèt,

    Li pral jere tout tè a nèt.

    (REFREN)

    Delivrans lan rive!

    Wayòm nan anplas, li pisan.

    Wi, li deja tabli.

    Ann di: “Fò’l vini, Fò’l vini!”