Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 21

Kontinye chèche Wayòm nan an premye

Kontinye chèche Wayòm nan an premye

(Matye 6:33)

  1. 1. Yon bagay Jewova renmen

    E ki gen anpil valè

    Se Wayòm Jezi, Seyè’n nan,

    K’ap pote anpil byenfè.

    (REFREN)

    Chèche Wayòm nan an premye.

    Fè volonte Jewova.

    Toujou sèvi li fidèlman.

    Chante pou li avèk jwa.

  2. 2. Poukisa pou’n enkyete nou

    Konsènan bwè ak manje?

    Bondye ap ban’n bagay sa yo,

    Si nou chèche’l an premye.

    (REFREN)

    Chèche Wayòm nan an premye.

    Fè volonte Jewova.

    Toujou sèvi li fidèlman.

    Chante pou li avèk jwa.

  3. 3. Ann preche mesaj Wayòm nan.

    Ann ede moun yo konprann

    Espwa yo se nan Jewova,

    Se li menm pou yo ret tann.

    (REFREN)

    Chèche Wayòm nan an premye.

    Fè volonte Jewova.

    Toujou sèvi li fidèlman.

    Chante pou li avèk jwa.