Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

WOUT KÈ KONTAN AN

Sante fizik ak aprann adapte

Sante fizik ak aprann adapte

LÈ YON MOUN GEN YON MALADI KI PA GEN TRETMAN OSWA LI ENFIM SA KA GEN GWO ENPAK SOU LAVI L. Ulf se yon mesye ki paralize, men anvan sa li te an sante e li t ap fè tout aktivite l. Men sa l di: “Mwen te fè yon gwo depresyon. Mwen te santi m pèdi tout fòs mwen ak kouraj mwen [...] Se kòmsi lavi m te fini.”

Eksperyans Ulf te fè a fè n sonje pa gen pèsonn ki gen kontwòl nèt sou sante l. Sepandan, nou ka fè sa n kapab pou n pwoteje sante nou. Men e si sante n vin ap bese? Èske sa vle di n kondane pou n pa gen kè kontan? Non se pa sa, jan nou pral wè sa pi devan. Men anvan sa, ann egzamine kèk prensip k ap ede n ret an sante.

SE POU W “MODERE NAN ABITID” OU. (1 Timote 3:2, 11). Nòmalman, lè yon moun manje oswa bwè depase limit, nonsèlman sa gen move efè sou sante l men tou sa koute l anpil kòb! Men sa Bib la di: “Pinga w vin yon moun ki bwè twòp diven, ni yon moun ki manje twòp vyann. Paske, bwasonyè ak aloufa ap vin pòv.” — Pwovèb 23:20, 21.

PA KITE ANYEN SAL KÒ W. Bib la di: “Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a.” (2 Korentyen 7:1). Anpil moun sal kò yo nan pran tabak, pran dwòg, fimen sigarèt oswa bwè twòp alkòl. Selon sa Sant ameriken kontwòl ak prevansyon kont maladi fè konnen, lè yon moun fimen pa egzanp, “sa fè l malad, sa ka rann li enfim e sa gen efè sou prèske tout ògàn nan kò l”.

KONSIDERE KÒ W AK LAVI W KÒM KADO KI GEN ANPIL VALÈ. Bib la di: “Se grasa [Bondye] nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” (Travay 17:28). Lè nou konprann sa, sa ede nou pa pran risk san nesesite, kit se nan travay nou, kit se lè n ap kondui, kit se lè n ap chwazi ki detant pou n pran. Poukisa pou n ta fè tout vi nou enfim jis pou yon ti moman plezi?

KONTWOLE SANTIMAN NEGATIF OU YO. Gen yon relasyon sere sere ant sa k nan panse nou ak kò nou. Kidonk, eseye evite strès ki pa nesesè, kòlè san kontwòl, anvye sò lòt moun ak lòt santiman ki pa bon pou sante w. Men sa Sòm 37:8 di: “Pinga w fè kòlè, pinga w move.” E anplis de sa, Bib la di nou tou pou n “pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l.” — Matye 6:34.

FÈ EFÒ POU W PANSE AK BAGAY KI POZITIF. Nan Pwovèb 14:30 nou li: “Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante. E Bib la fè konnen tou: “Kè kontan se bon remèd.” (Pwovèb 17:22). Lasyans pwouve sa vrèman. Gen yon doktè k ap viv nan peyi Ekòs ki di: “Si w se yon moun ki gen kè kontan, li pwobab pou w malad mwen souvan pase yon moun ki pa gen kè kontan.”

APRANN FÈ FAS AK CHAK SITIYASYON EPI ADAPTE W. Menm jan ak Ulf, nou te pale de li pi wo a, gendwa lè n ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil, sèl sa nou ka fè se andire l. Sepandan, nou dwe chèche konnen fason pou n andire. Gen kèk moun ki kite dekourajman pote yo ale e sa fè sitiyasyon yo vin pi mal. Pwovèb 24:10 fè konnen: “Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs.”

Gen lòt moun yo menm, petèt okòmansman yo santi yo dekouraje e apre sa yo reprann yo. Men, yo rive adapte yo e yo jwenn fason pou yo rive fè fas ak sitiyasyon yo. Se sa Ulf te fè. Li te di apre li te fin priye pandan plizyè fwa e li te medite sou bèl mesaj ki nan Bib la, li “te kòmanse konsantre sou sa l te ka fè olye l te konsantre l sou sa l pa t ka fè”. Anplis de sa, menm jan ak anpil lòt moun k ap fè fas ak gwo difikilte, li te aprann sa sa vle di demontre konpasyon epi mete l nan plas lòt moun, sa ki te pouse l fè lòt moun konnen mesaj ki nan Bib la ki bay rekonfò.

Steve se yon lòt moun ki te soufri anpil tou. Lè l te gen 15 an, li te fè yon aksidan ki te paralize l soti nan kou rive jis anba. Anvan l gen 18 an, li te vin kapab sèvi ak bra l yo ankò. Annapre, li t al nan inivèsite kote l te lage kò l nan pran dwòg, bwè alkòl epi fè imoralite seksyèl. Li te santi lavi l pa t gen sans jiskaske li te kòmanse etidye Labib, sa te ede l kòmanse wè lavi a yon lòt jan epi rive kite vye abitid li te genyen yo. Men sa li te di: “Vid mwen te santi pandan anpil tan an pa t la ankò. Kounye a, mwen santi m anpè, kè m kontan e mwen satisfè.”

Pawòl Steve ak Ulf yo fè n sonje sa ki ekri nan Sòm 19:7, 8 ki di: “Lwa Jewova yo bon nèt, yo rebay fòs. [...]. Lòd Jewova yo jis, yo fè kè moun kontan. Kòmandman Jewova yo bon, yo louvri je moun.”