Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Se pou l pèmèt tout sa w planifye reyisi”

“Se pou l pèmèt tout sa w planifye reyisi”

“Pran tout plezi w nan Jewova e l ap ba ou tout sa w swete nan kè w.” — SÒM 37:4.

KANTIK: 135, 81

1. Ki sa yon jèn dwe deside fè anrapò ak avni l, men, poukisa l pa bezwen bay tèt li pwoblèm? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

OU MENM jèn, sandout w ap dakò, anvan w kòmanse yon vwayaj, li saj pou w planifye ki kote w prale. Lavi a tankou yon vwayaj, e se pandan w jèn nan ou dwe planifye ki kote w vle ale. Nòmalman, li ka difisil anpil pou w fè planifikasyon. Men sa yon jèn fi ki rele Heather te di: “Sa bay gwo kè kase. Se ou ki dwe deside sa w ap fè ak rès vi w.” Men, pran kouraj. Men sa Jewova di: “Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.” — Eza. 41:10.

2. Ki jan w fè konnen Jewova vle w planifye pou w gen yon avni ki bay kè kontan?

2 Jewova ankouraje w planifye avni w avèk sajès (Ekl. 12:1; Mat. 6:20). Li vle w gen kè kontan. Bèl bagay ou wè, ou tande e w goute nan kreyasyon an fè w wè sa aklè. Anplis de sa, reflechi ak fason l byen pran swen nou e ak jan l anseye n pi bon fason pou n viv. Men sa Jewova di moun ki rejte konsèy li yo: “Nou te chwazi fè sa ki pa fè m plezi. [...] Gade! Sèvitè m yo ap kontan, men nou menm, n ap wont. Gade! Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon.” (Eza. 65:12-14). Jewova jwenn glwa lè pèp li a fè bon chwa nan lavi a. — Pwo. 27:11.

PLANIFIKASYON K AP FÈ KÈ W KONTAN

3. Ki sa Jewova mande w fè?

3 Ki planifikasyon Jewova mande w fè? Li te kreye lèzòm pou yo gen kè kontan lè yo aprann konnen l ak lè yo sèvi l fidèlman (Sòm 128:1; Mat. 5:3). Se pa menm bagay ditou konsènan bèt yo li te kreye ki annik kontante yo manje, bwè epi fè pitit. Bondye vle w gen kè kontan lè w planifye pou w fè yon seri bagay ki pa menm ak sa ki satisfè bèt yo. Kreyatè w la se “Bondye lanmou an”, li se “Bondye ki gen kè kontan an”, Bondye ki te kreye lòm “pòtre ak li” a (2 Kor. 13:11; 1 Tim. 1:11; Jen. 1:27). W ap gen kè kontan lè w imite Bondye nou an ki gen lanmou. Èske w pa janm viv verite ki gen nan vèsè ki vin annapre a ki di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Tra. 20:35)? Pawòl sa a se yon verite fondamantal nan lavi lèzòm. Kidonk, Jewova vle pou sa w planifye yo konsantre sitou sou demontre lanmou pou Li ak pou lòt moun. — Li Matye 22:36-39.

4, 5. Ki sa k te fè kè Jezi kontan?

4 Ou menm jèn, Jezi Kris kite yon egzanp pafè pou ou. Lè l te timoun, sandout li te konn jwe e l te konn distrè l. Pawòl Bondye a di gen “yon lè pou moun ri [...] ak yon lè pou moun danse”. (Ekl. 3:4.) Jezi te konn etidye Ekriti yo tou pou l pwoche bò kot Jewova. Lè l te gen 12 an, anseyan yo nan tanp lan te ret bouch ouvè devan “entèlijans li e devan repons li t ap bay” konsènan bagay espirityèl yo. — Lik 2:42, 46, 47.

5 Lè Jezi te vin gran, li te gen kè kontan. Ki sa k te fè kè l kontan? Pami bagay Bondye te mande l fè yo, li te konnen Bondye te vle l ‘anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la e pou l fè avèg yo wè ankò’. (Lik 4:18.) Jezi te pran plezi nan fè sa Bondye te mande l fè. Sòm 40:8 montre sa l te santi. Men sa vèsè a di: “O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w.” Jezi te renmen pale ak lòt moun konsènan Papa l ki nan syèl la. (Li Lik 10:21.) Yon lè, apre Jezi te fin pale ak yon dam konsènan vrè adorasyon an, li te di disip li yo: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” (Jan 4:31-34). Demontre lanmou pou Bondye ak pou lòt moun te fè kè Jezi kontan. Sa ka fè kè w kontan tou.

6. Poukisa l bon pou w pale ak kretyen ki gen eksperyans yo konsènan sa w planifye pou avni w?

6 Gen anpil kretyen ki te gen kè kontan pandan yo te jèn lè yo te nan sèvis pyonye. Poukisa w pa pale ak kèk nan yo konsènan sa w planifye fè? “Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache, men, bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” (Pwo. 15:22). Moun sa yo ki djanm nan domèn espirityèl ka di w sèvis aplentan ap ba w yon fòmasyon k ap fè w jwenn byenfè pandan tout vi w. Apre Jezi te fin jwenn fòmasyon nan men Papa l nan syèl la, li te kontinye aprann pandan l t ap preche sou tè a. Pa egzanp, li te aprann jan sa bay kè kontan lè l touche kè moun ak bon nouvèl la ak lè l kenbe entegrite l devan eprèv. (Li Ezayi 50:4; Ebre 5:8; 12:2.) Ann egzamine kèk bagay nan sèvis aplentan ki ka fè kè w kontan anpil.

REZON KI FÈ N REYISI NAN TRAVAY FÈ DISIP LA

7. Poukisa anpil jèn renmen travay fè disip la?

7 Jezi te di: ‘Ale, fè disip epi anseye yo.’ (Mat. 28:19, 20). Si w planifye pou w vin yon moun k ap fè disip, w ap chwazi yon karyè ki bay anpil satisfaksyon e ki fè Bondye jwenn glwa. Menm jan ak tout lòt karyè, ou bezwen tan pou w vin maton nan sa w ap fè a. Men sa yon frè ki rele Timothy ki te kòmanse sèvi kòm pyonye nan adolesans li te di sa pa gen twò lontan: “M renmen sèvi Jewova aplentan paske se fason sa a mwen demontre lanmou m gen pou li. Okòmansman, m pa t ka gen okenn etid biblik, men annapre, m te deplase al nan yon lòt tèritwa, e nan yon mwa, m te kòmanse plizyè etid. Youn nan moun m ap etidye avè yo a te kòmanse vin nan Sal Wayòm nan. Apre m te fin fè de mwa ap asiste Lekòl biblik pou frè selibatè yo *, m te resevwa yon nouvo asiyasyon kote m te kòmanse kat etid. M renmen anseye moun paske m ka wè fason lespri sen ap chanje yo.” — 1 Tes. 2:19.

8. Ki sa kèk jèn fè pou yo patisipe plis toujou nan travay fè disip la?

8 Gen kèk jèn kretyen ki aprann yon lòt lang. Pa egzanp, men sa Jacob, k ap viv ann Amerik dinò, ekri: “Lè m te gen setan, gen anpil nan kamarad lekòl mwen yo ki te moun peyi Vyetnam. M te vle pale avèk yo de Jewova, se sa k fè m te planifye pou m aprann lang yo pale a. Sa m te konn plis fè pou m aprann lang lan se konpare Toudegad anglè a ak Toudegad vyetnamyen an. Mete sou sa, m te fè zanmi ak moun ki nan yon kongregasyon lang vyetnamyen ki pa twò lwen. Lè m te gen 18 an, m te kòmanse sèvis pyonye. Annapre, m te asiste Lekòl biblik pou frè selibatè yo. Sa ede m nan asiyasyon m gen kounye a antanke pyonye, piske m se sèl ansyen nan yon gwoup lang vyetnamyen. Gen anpil moun peyi Vyetnam ki kontan dèske m te aprann lang yo a. Yo envite m lakay yo, e byen souvan, m konn etidye Labib avèk yo. Gen kèk nan yo ki fè pwogrè jiskaske yo batize.” — Konpare ak Travay 2:7, 8.

9. Ki jan travay fè disip la fè moun jwenn bonjan fòmasyon?

9 Travay fè disip la se yon fòmasyon ki aprann ou vin gen bon abitid travay, byen kominike ak lòt moun, gen konfyans nan tèt ou epi gen tak (Pwo. 21:5; 2 Tim. 2:24, nòt). Men sitou, travay fè disip la ba w kè kontan paske l ede w vin pi abitye ak bagay nan Ekriti yo ki fè w gen lafwa. Anplis de sa, ou aprann ki jan pou w travay kòtakòt ak Jewova. — 1 Kor. 3:9.

10. Ki jan w ka pran plezi nan travay fè disip la menm nan tèritwa ki difisil yo?

10 Ou ka pran plezi nan travay fè disip la menmsi se kèk moun nan tèritwa w la ki byen reyaji devan bon nouvèl la. Travay fè disip la se yon travay ki fèt ann ekip. Se tout moun nan kongregasyon an k ap chèche moun ki gen kè sensè yo. Menm lè se yon sèl frè oswa yon sèl sè ki gendwa jwenn yon moun ki vin yon disip finalman, se tout moun ki te kontribye pou chèche l e yo tout ka gen kè kontan. Pa egzanp, Brandon te pase nevan ap sèvi kòm pyonye nan yon tèritwa kote moun yo pa enterese. Men sa l di: “M renmen preche bon nouvèl la paske se sa Jewova mande n fè. M te pran sèvis pyonye tousuit apre m fin lekòl. M renmen ankouraje jèn frè nan kongregasyon m nan e m renmen wè jan y ap fè pwogrè nan domèn espirityèl. Apre m te fin asiste Lekòl biblik pou frè selibatè yo, m te resevwa yon nouvo asiyasyon kòm pyonye. Se vre m pa janm jwenn yon moun nan tèritwa a ki fè pwogrè pou l batize, men, gen lòt moun ki jwenn. M kontan dèske m te planifye pou m patisipe plis toujou nan travay fè disip la.” — Ekl. 11:6.

KOTE PLANIFIKASYON W FÈ YO KA MENNEN W

11. Ki sèvis sakre anpil jèn renmen?

11 Gen anpil opòtinite pou moun sèvi Jewova. Pa egzanp, gen anpil jèn k ap travay kòm volontè nan konstriksyon. Gen plizyè santèn Sal Wayòm yo bezwen konstwi. Patisipe nan konstriksyon yo se yon sèvis sakre ki bay Bondye glwa e ki ka ba w kè kontan. Menm jan ak lòt kalite sèvis sakre yo, sa bay kè kontan lè w ansanm ak konpayon travay ou yo. Travay konstriksyon k ap fèt nan sèvis Bondye a se yon fòmasyon tou k ap aprann ou bay kesyon sekirite enpòtans, vin yon travayè dilijan epi kolabore ak moun k ap sipèvize w yo.

Gen anpil benediksyon k ap tann moun ki antre nan sèvis aplentan. (Gade paragraf 11-13.)

12. Ki jan sèvis pyonye ka mennen nan lòt opòtinite?

12 Men sa yon frè ki rele Kevin di: “Depi lè m toupiti, m te vle sèvi Jewova aplentan. Finalman, m te kòmanse sèvi kòm pyonye lè m gen 19 an. Pou m te ka pran swen tèt mwen, m te konn travay demi jounen pou yon frè ki konn fè konstriksyon. M te aprann mete twati, fenèt ak pòt. Annapre, m te fè dezan ap sèvi nan yon komite sekou pou siklòn, kote n te konn rebati Sal Wayòm ak kay pou frè yo. Lè m te aprann gen bezwen pou konstriksyon ann Afrik disid, m te ranpli yon fòmilè e m te jwenn envitasyon pou m ale. Isit la ann Afrik, m konn sot nan yon pwojè Sal Wayòm al nan yon lòt nan kèk semèn. Gwoup konstriksyon mwen ladan l lan tankou yon fanmi. Nou viv ansanm, nou etidye Labib ansanm e n travay ansanm. Anplis de sa, m renmen preche ak frè nan zòn nan chak semèn. Planifikasyon m te fè lè m te timoun nan fè kè m kontan fason m pa t atann.”

13. Ki fason sèvis Betèl fè jèn yo gen kè kontan?

13 Gen kèk nan moun ki te planifye pou sèvi Jewova aplentan k ap sèvi kounye a nan Betèl. Sèvis Betèl se yon vi ki bay kè kontan piske tout sa w fè nan sèvis la se pou Jewova. Fanmi Betèl la ap ede nan distribye manje espirityèl la. Men sa yon Betelit ki rele Dustin fè konnen: “M te fikse objektif pou m antre nan sèvis aplentan lè m te gen nevan e m te kòmanse sèvis pyonye kou m fin lekòl. Apre ennan edmi, yo te envite m vin sèvi nan Betèl kote m te aprann travay sou machin enprimri, e annapre, kòm moun k ap fè pwogram enfòmatik. Nan Betèl, m kontan dèske m pami premye moun ki tande pwogrè k ap fèt nan travay fè disip la nan lemonnantye. M renmen sèvi nan Betèl paske sa n fè yo ede moun yo vin pwòch ak Jewova.”

KI SA W AP PLANIFYE POU AVNI W?

14. Ki jan w ka planifye pou w antre nan sèvis aplentan?

14 Ki jan w ka planifye pou w vin yon sèvitè aplentan? Plis pase nenpòt lòt bagay, kalite espirityèl yo ap ede w byen reyisi nan sèvis w ap bay Jewova a. Donk, montre w dilijan nan etid w ap fè nan Pawòl Bondye a, byen medite sou sa l di epi chèche jwenn fason pou w demontre lafwa w lè w nan reyinyon kongregasyon an. Pandan w lekòl toujou, ou ka vin gen eksperyans ak bonjan kapasite antanke moun k ap preche bon nouvèl la. Aprann enterese nan lòt moun lè w mande yo opinyon yo avèk tak ak lè w koute repons yo bay. Mete sou sa, ou ka ofri tèt ou pou w fè kèk travay nan kongregasyon an, tankou patisipe nan netwayaj ak nan antretyen Sal Wayòm nan. Jewova kontan sèvi ak moun ki gen imilite e ki dispoze sèvi l. (Li Sòm 110:3; Tra. 6:1-3.) Apot Pòl te envite Timote nan sèvis misyonè paske “frè [...] yo te pale an byen de Timote”. — Tra. 16:1-5.

15. Ki jan w ka prepare w pou w jwenn yon mwayen pou w viv?

15 An jeneral, sèvitè aplentan yo bezwen gen yon mwayen pou yo viv (Tra. 18:2, 3). Petèt yon kou ki pa pran anpil tan ap ede w kalifye pou w jwenn yon travay amitan nan zòn ou abite a. Pandan w ap planifye sa, pale ak siveyan sikonskripsyon an ansanm ak pyonye nan sikonskripsyon an. Mande yo ki travay yon pyonye ka fè. Epi, jan Bib la di sa: “Lage tout sa w ap fè nan men Jewova, e plan w yo ap mache.” — Pwo. 16:3; 20:18.

16. Lè w bay tout ou menm nan sèvis Jewova a pandan w jèn, ki jan sa ka prepare w pou lòt responsablite alavni?

16 Ou kapab gen asirans Jewova vle w “kenbe” avni k ap bay kè kontan an “fèm”. (Li 1 Timote 6:18, 19.) Sèvis aplentan pèmèt ou ret an kontak ak sèvitè aplentan parèy ou e l ede w vin gen matirite antanke kretyen. Epitou, anpil moun rann yo kont, lefètke yo te bay tout yo menm nan sèvis Jewova a pandan yo jèn, sa ede yo pi byen reyisi maryaj yo. Byen souvan, moun ki te pran sèvis pyonye anvan maryaj yo konn gen posiblite kontinye nan sèvis la antanke koup marye. — Wom. 16:3, 4.

17, 18. Nan ki sans ou bezwen met tout kè w nan planifikasyon w ap fè yo?

17 Ou bezwen met tout kè w nan planifikasyon w ap fè yo. Men sa Sòm 20:4 di konsènan Jewova: “Se pou l ba w tout sa w swete nan kè w e se pou l pèmèt tout sa w planifye reyisi.” Kidonk, reflechi ak sa w vle fè ak lavi w. Reflechi ak sa Jewova ap fè nan epòk nou an ansanm ak fason w ka patisipe nan sèvis li a. Apre sa, planifye pou w fè sa k fè l plezi.

18 Lefètke w sèvi Jewova aplentan sa ap fè w jwenn anpil satisfaksyon, paske lè w viv fason sa a sa onore Bondye. Wi, “pran tout plezi w nan Jewova e l ap ba ou tout sa w swete nan kè w”. — Sòm 37:4.

^ § 7 Se Lekòl pou Evanjelizatè Wayòm nan ki ranplase l.