Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, ou ka gen kè kontan nan lavi w

Jèn, ou ka gen kè kontan nan lavi w

“Ou fè m konnen chemen ki mennen nan lavi a.” — SÒM 16:11.

KANTIK: 133, 89

1, 2. Ki kalite chanjman ki posib, jan egzanp yon jèn ki te nan klas segondè montre sa?

GEN yon elèv ki rele Tony ki te vle bay lekòl vag. Li pa t gen papa e li pa t sou lekòl menm. Lè wikenn, li te konn al nan sinema oswa li te konn ak zanmi. Li pa t vyolan e li pa t esklav dwòg. Li te jis pa t gen okenn objektif nan lavi a. Mete sou sa, li pa t fin kwè Bondye egziste. Te gen yon mari ak madanm ki Temwen Jewova ki te rankontre l, e li te fè yo konnen dout li te genyen yo e li te poze yo kesyon. Yo te ba l bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie ak bwochi La vie a-t-elle été créée? a.

2 Lè mesyedam yo te retounen, Tony te wè bagay yo yon lòt jan. Li te tèlman byen egzamine bwochi yo, paj yo te fè zòrèy e yo te chifonnen. Li te di: “Gen yon Bondye kanmenm.” Li te dakò fè yon etid Labib, e ofiramezi, li te vin wè lavi a yon lòt jan. Mete sou sa, li te sispann fè parese lekòl e li te vin youn nan pi bon elèv ki gen nan lekòl li. Menm direktè lekòl la te sezi. Li te konnen Tony te vin gen nouvo kwayans. Li te di l: “Ou fè gwo pwogrè nan konpòtman w e nòt ou yo amelyore anpil.” Apre sa l mande l: “Èske se paske w antre nan Temwen Jewova ki fè sa?” Tony te di wi epi li te ba l yon bèl temwayaj. Tony te reyisi fini lekòl e kounye a li se pyonye pèmanan e li se sèvitè ministeryèl. Mete sou sa, li kontan dèske kounye a, li genyen Jewova kòm Papa l, yon Papa estrawòdinè. — Sòm 68:5.

OBEYI JEWOVA E W AP REYISI NAN LAVI W

3. Ki sa Jewova ankouraje jèn yo pou yo fè?

3 Ou menm jèn, egzanp Tony an ka fè w sonje jan Jewova enterese nan ou. Li vle w reyisi toutbon nan lavi w e li vle w gen kè kontan. Se poutèt sa, men ki konsèy li ba w: “Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan.” (Ekl. 12:1). Sa pa toujou fasil nan monn n ap viv la. Men, sa pa enposib. Bondye ka ede w rive fè sa pandan w jèn nan e pandan tout vi w. Pou nou montre sa, nou pral wè yon leson nou ka aprann nan sa k te rive lè Izrayelit yo te pran Peyi Bondye te pwomèt yo a ak lè David t al batay ak Golyat.

4, 5. Ki leson enpòtan nou ka aprann nan sa ki te rive lè Izrayelit yo te pran peyi Kanaran ak lè David t al batay ak Golyat? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Lè Izrayelit yo t ap pwoche toupre Peyi Bondye te pwomèt yo a, Bondye pa t ba yo lòd pou yo chèche vin pi maton nan batay oswa pou yo fè antrènman pou lagè (Det. 28:1, 2). Okontrè, li te di yo yo bezwen obeyi kòmandman l yo epi fè l konfyans (Joz. 1:7-9). Yon moun te ka panse konsèy sa a pa gen sans! Men, se te pi bon konsèy la paske Jewova te fè pèp li a pote laviktwa sou moun Kanaran yo (Joz. 24:11-13). Vrèmanvre, nou bezwen gen lafwa pou nou fè sa Bondye mande nou, e lafwa sa a toujou pote benediksyon. Sa se yon verite ki pa janm chanje, e nou ka wè sa jodi a.

5 Golyat te yon sòlda vanyan ki te wo anpil, li te mezire anviwon 2,90 mèt e li te gen bonjan ekipman (1 Sam. 17:4-7). Men, sèl sa David te genyen se te yon flonn ak lafwa nan Jewova, Bondye l la. Moun ki pa gen lafwa yo te gendwa panse David fou. Men, yo te twonpe yo. Se Golyat ki te manke bonsans. — 1 Sam. 17:48-51.

6. Ki sa nou pral pi byen egzamine kounye a?

6 Nan atik ki vin anvan an, nou te egzamine kat bagay ki ka ede nou gen kè kontan epi reyisi nan lavi a. Kat bagay sa yo se: chèche vin pwòch ak Bondye, apresye zanmi Bondye ban nou yo, chèche gen bon objektif, bay libète nou genyen antanke pèp Bondye a anpil valè. Kounye a, annou pi byen egzamine chak bagay sa yo toutpandan n ap egzamine kèk prensip nou jwenn nan Sòm 16.

CHÈCHE VIN PWÒCH AK BONDYE

7. a) Ki jan w t ap dekri yon moun ki kite lespri Bondye gide l? b) Ki sa ki te “pòsyon” David la e ki efè sa te gen sou li?

7 Yon moun ki kite lespri Bondye gide l gen lafwa nan Bondye e li chèche wè bagay yo menm jan ak Bondye. Li chèche konsèy nan men Bondye e li pa kite anyen anpeche l obeyi l (1 Kor. 2:12, 13). David se yon bon egzanp. Men sa l te di nan yon chante: “Jewova se pòsyon pa m, li se pòsyon yo met apa pou mwen an, e se li menm ki plen gode m.” (Sòm 16:5). “Pòsyon” sa a gen ladan l bon relasyon David te gen ak Bondye ki te yon refij pou li (Sòm 16:1). Ki rezilta sa te bay? Men sa l ekri: “Se tout mwen menm ki kontan”. Vrèmanvre, pa gen anyen ki te fè David pi kontan pase bon relasyon li te gen ak Bondye a. — Li Sòm 16:9, 11.

8. Ki bagay konsa k ap fè yon moun mennen yon vi ki bay bonjan kè kontan?

8 Se pa moun ki konsantre lavi yo sou plezi ak richès k ap gen kè kontan David te genyen an (1 Tim. 6:9, 10). Gen yon frè nan peyi Kanada ki te di: “Sa k ap fè nou jwenn vrè satisfaksyon an, se pa sa nou ka jwenn nan lavi a, men se sa nou ka bay Jewova Dye, Sila a ki bay tout bon bagay la.” (Jak 1:17). Lè nou chèche gen lafwa nan Jewova e lè nou sèvi l, sa ap fè lavi nou gen yon sans e sa ap ban nou satisfaksyon. Ki jan w ka vin gen plis lafwa? Nan yon sans, ou dwe pase tan avèk Jewova lè w li Pawòl li a, lè w gade sa l kreye, ak lè w reflechi sou kalite li genyen tankou lanmou li gen pou ou. — Wom. 1:20; 5:8.

9. Ki jan w ka kite Pawòl Bondye a fòme w jan l te fè sa pou David?

9 Pafwa, Bondye montre li renmen nou lè l korije nou tankou yon bon papa. David te byen kontan resevwa koreksyon sa yo. Men sa l te di: “M ap fè louwanj pou Jewova, paske li ban m konsèy. Menm nan nuit, panse m yo korije m.” (Sòm 16:7). Li te medite sou panse Bondye, li te aprann panse menm jan ak Bondye e li te kite panse Bondye yo fòme l. Lè w fè menm jan avè l, ou menm tou w ap vin pi renmen Bondye e w ap vin gen plis dezi pou w obeyi l. Mete sou sa, w ap vin pi byen wè bagay yo menm jan ak Bondye. Gen yon sè ki rele Christin ki di: “Lè m fè rechèch e lè m medite sou sa m ap li a, mwen santi se kòmsi se pou mwen Jewova te fè ekri bagay sa yo!”

10. Jan nou wè sa nan Ezayi 26:3, ki avantaj yon moun ki wè bagay yo menm jan ak Bondye genyen?

10 Lè w wè bagay yo menm jan ak Bondye, sa ede w wè monn nan ak sa k ap tann li an jan Bondye wè yo. Se pa ti estrawòdinè konesans ak bon konprann sa a Jewova ban nou an estrawòdinè! Poukisa li ban nou yo? Li vle nou chèche gen bonjan priyorite nan lavi nou, li vle nou pran bon desizyon e pou nou pa pè lavni. (Li Ezayi 26:3.) Men sa yon frè ki rele Joshua k ap viv nan peyi Etazini di: “Lè w rete pwòch ak Jewova, sa ede w wè bagay yo jan w dwe wè yo.” Sa se vre, e se pa ti satisfaksyon sa pote!

CHÈCHE GEN BON ZANMI

11. Ki sa David te di ki enpòtan anpil pou moun gen bon zanmi?

11 Li Sòm 16:3. David te konnen sekrè pou moun jwenn bon zanmi. Lè li te ansanm ak moun ki renmen Jewova, sa te ba l “gwo kè kontan”. Li pale de moun sa yo kòm “moun ki sen”, ki pwòp nan domèn moral e ki jis. Gen yon lòt moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo ki te wè bagay yo menm jan an nan kesyon chwazi zanmi. Men sa l te ekri: “Mwen se zanmi tout moun ki gen lakrentif pou ou ak moun ki obeyi lòd ou yo.” (Sòm 119:63). Jan nou te wè sa nan atik anvan an, nou menm tou nou ka jwenn anpil bon zanmi pami moun ki gen lakrentif pou Jewova e ki obeyi l. Nòmalman, nou ka jwenn zanmi tout laj pami moun sa yo.

12. Sa k fè David ak Jonatan te zanmi?

12 David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo, pa t chèche fè zanmi ak moun ki te nan laj li sèlman. Èske w sonje non yon moun enpòtan ki te vin bon zanmi l? Moun sa a se te Jonatan. Anfèt, se youn nan pi bèl amitye Bib la pale de li. Men, èske w te konnen Jonatan te gen anviwon 30 an anplis David? Bon, sa k fè yo te vin zanmi? Yo te gen lafwa nan Bondye, yo te gen respè youn pou lòt, e youn te apresye kouraj lòt la te genyen lè yo t ap batay ak moun ki ènmi Bondye. — 1 Sam. 13:3; 14:13; 17:48-50; 18:1.

13. Ki jan nou ka ajoute lòt moun nan gwoup zanmi nou? Bay yon egzanp.

13 Menm jan ak David ak Jonatan, nou menm tou nou gen “gwo kè kontan” lè nou gen zanmi ki renmen Jewova e ki montre yo gen lafwa nan li. Men sa Kiera k ap sèvi Bondye depi plizyè ane di: “Mwen fè zanmi ak plizyè kategori moun ki soti toupatou sou tè a, e ki pa gen menm kilti.” Lè w pa fè zanmi ak yon sèl kategori moun, w ap wè aklè jan Pawòl Bondye a ak lespri sen l gen pouvwa pou ini moun.

CHÈCHE GEN BON OBJEKTIF

14. a) Ki sa ki ka ede w gen bon objektif nan lavi a? b) Ki jan kèk jèn te santi yo anrapò ak objektif yo te fikse nan sèvis Bondye?

14 Li Sòm 16:8. David te konsantre lavi l sou sèvi Bondye. Ou menm tou ou ka jwenn vrè satisfaksyon nan lavi w si w bay sèvis Jewova a priyorite e w fikse bon objektif nan sèvis li. Men sa yon frè ki rele Steven te di: “Lè m fè efò pou m rive atenn yon objektif mwen te fikse epi m wè pwogrè m fè, sa fè m satisfè.” Gen yon jèn frè ki soti nan peyi Almay k ap sèvi nan yon lòt peyi ki di: “Mwen pa vle lè m vin granmoun epi m ap gade dèyè, mwen wè tout sa m te fè se pou tèt mwen sèlman m te fè yo.” Nou swete w santi w menm jan an. Si w santi w konsa, ebyen, sèvi ak kado Bondye ba w la pou w onore l, epi ede lòt moun (Gal. 6:10). Fikse yon seri objektif nan sèvis Bondye a epi priye l pou l ede w rive reyalize yo. Li kontan reponn priyè konsa. — 1 Jan 3:22; 5:14, 15.

15. Ki objektif ou ka bay tèt ou? (Gade kare ki gen tit “ Kèk bon objektif mwen ka genyen”.)

15 Ki objektif ou ka bay tèt ou? Se kapab fè kòmantè ak pwòp mo pa w nan reyinyon yo, pran sèvis pyonye oswa al sèvi nan Betèl. Petèt, ou ka eseye aprann yon lòt lang nan objektif pou w al sèvi nan yon tèritwa lang etranje. Men sa Barak, yon jèn sèvitè aplentan di: “Lè m leve chak jou epi m konnen mwen pral bay Jewova tout fòs mwen, sa fè m gen yon santiman mwen pap janm ka jwenn nan okenn lòt aktivite.”

BAY LIBÈTE BONDYE BA W LA ANPIL VALÈ

16. Ki jan David te wè prensip jis Jewova yo, e poukisa?

16 Li Sòm 16:2, 4. Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, lwa ak prensip jis Bondye yo libere nou paske yo ede nou chèche vin gen lanmou pou sa ki byen epi rayi sa ki mal (Amòs 5:15). David te di se Jewova ki “sous tout bon bagay”. Jewova demontre bonte nan tout sa l fè, e tout bon bagay nou genyen soti nan li. David te fè tout sa l kapab pou l imite Bondye l la, e pou l fè sa ki bon menm jan avè l. David te chèche rayi sa Bondye rayi tou. Sa gen ladan l idolatri, yon pratik ki imilye lèzòm, e ki bay yon lòt moun oubyen yon lòt bagay glwa Jewova ta dwe resevwa a. — Eza. 2:8, 9; Rev. 4:11.

17, 18. a) Ki sa David di fo adorasyon an lakòz? b) Ki sa ki lakòz moun yo gen ‘anpil pwoblèm’ jodi a?

17 Nan tan biblik yo, byen souvan, fo adorasyon an te konn gen imoralite seksyèl ladan l (Oze 4:13, 14). Anpil moun te renmen fo adorasyon an paske yo te renmen imoralite. Men, èske sa te fè yo gen kè kontan nètale? Non! Men sa David di: “Se pa de pwoblèm moun ki kontinye ap sèvi lòt dye yo genyen.” Mete sou sa, yo te fè yon pakèt timoun soufri anpil (Eza. 57:5). Jewova te rayi mechanste yo t ap fè a (Jer. 7:31). Si w t ap viv nan epòk sa a, sandout ou t ap kontan si paran w te gen lafwa nan Jewova e si yo te obeyi l.

18 Jodi a tou, fo adorasyon an tolere imoralite seksyèl byen souvan, yo menm tolere relasyon seksyèl ant gason ak gason, ant fi ak fi. Swadizan libète moun yo genyen nan domèn moral fè yo rekòlte menm sa moun ki t ap viv nan epòk yo t ap ekri Bib la te rekòlte (1 Kor. 6:18, 19). Jan w ka wè sa, “se pa de pwoblèm” moun yo genyen. Donk, ou menm jèn, koute Papa w ki nan syèl la. Se pou w gen konviksyon lè w obeyi l se pou ou l ap bon. Se pou w toujou sonje plezi w jwenn lè w fè yon bagay ki mal se pou yon ti tan, men se pa ti soufri w ap soufri apre sa (Gal. 6:8). Men sa Joshua, nou te pale de li pi wo a, fè konnen: “Nou ka sèvi ak libète nou jan nou vle, men lè nou mal sèvi avè l, nou pap gen kè kontan.”

19, 20. Ki benediksyon jèn yo ap jwenn si yo mete lafwa yo nan Jewova e si yo obeyi l?

19 Jezi te di disip li yo: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” (Jan 8:31, 32). Libere nou anba ki sa? Anba anpil bagay, tankou fo relijyon, inyorans ak sipèstisyon. Jan nou te wè sa, libète sa a pral pèmèt nou “gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. (Wom. 8:21.) Ou ka goute libète sa a depi jodi a lè w “rete nan pawòl” Kris la sa vle di nan sa Kris te anseye yo. Konsa, w ap vin “konnen laverite”, pa sèlman lè w aprann li, men lè w viv li tou.

20 Ou menm jèn, se pou w bay libète Bondye ba ou a anpil valè. Byen sèvi avè l, e konsa, w ap byen prepare avni w. Gen yon jèn frè ki te di: “Antanke jèn, lè w byen sèvi ak libète w genyen, sa ap ede w anpil pi devan lè w ap gen pou w pran pi gwo desizyon, tankou chèche yon bon travay oswa deside si w ap marye oubyen si w ap rete selibatè pou yon tan.”

21. Ki jan w ka rete sou chemen “lavi toutbon an”?

21 Nan vye sistèm sa a, menm sa moun yo rele bèl vi a se yon vi ki kout e ki pa sèten. Nou pa konn sa demen sere (Jak 4:13, 14). Konsa, pi bon bagay pou nou fè, se rete sou chemen k ap mennen nan “lavi toutbon an”. (1 Tim. 6:19.) Yon bagay ki sèten, sèke Bondye pa fòse nou mache nan chemen sa a. Se nou ki pou chwazi. Fè Jewova vin “pòsyon” pa w. Apresye tout “bon bagay” li ba ou (Sòm 103:5). E se pou w sèten Jewova ap fè w gen “anpil lajwa”, wi “lajwa pou toutan”. — Sòm 16:11.