Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 117

Bonte se yon bèl kalite

Bonte se yon bèl kalite

(2 Kwonik 6:41)

  1. 1. O Jewova, Gran Dye nou an,

    Ou fè’n jwenn benediksyon.

    Ou toujou montre ou fidèl,

    Nan tout aksyon ou, ou bon.

    Ou vrèman gen pitye pou nou,

    Plis pase sa’n merite.

    Ou diy pou nou adore ou

    E pou’n sèvi’w nètale.

  2. 2. Nou wè jan bonte ou parèt

    Lakay moun ou chwazi yo:

    Yo gen bon konduit, yo fidèl,

    Y’ap preche yon monn nouvo.

    Ou anseye’n, ou pran swen nou.

    N’ap louwe’w nan tout peyi.

    Ou dakò ban nou lespri sen’w.

    Pou bonte’w n’ap di’w mèsi.

  3. 3. Nou vle sitou montre nou bon

    Ak frè nou yo nan lafwa.

    N’ap montre bonte pou tout moun,

    Piske’w pran plezi nan sa.

    Nan kongregasyon’n, nan fanmi’n

    Nan tout vil, nan vwazinaj,

    Avèk èd ou, n’ap aji byen,

    N’ap fè sa avèk kouraj.