Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 19

Kiyès ki esklav fidèl ki prevwayan an?

Kiyès ki esklav fidèl ki prevwayan an?

Manje espirityèl nou an bon pou nou tout.

Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te gen yon konvèsasyon ak kat nan disip li yo anpalan de Pyè, Jak, Jan ak Andre. Pandan Jezi t ap bay siy ki t ap fè konnen li prezan nan dènye jou yo, li te poze yon kesyon ki gen anpil enpòtans: “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li met responsab sèvitè ki lakay li yo pou ba yo manje nan bon moman?” (Matye 24:3, 45; Mak 13:3, 4). Jezi t ap bay disip li yo asirans, antanke “mèt” yo, li t ap gen pou l chwazi moun pou ba yo manje espirityèl nan tan lafen an. Ki moun ki t ap fè pati esklav sa a?

Se yon ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl pami disip Jezi yo. Kolèj Santral Temwen Jewova yo sanble tèt koupe ak “esklav” sa a, paske l bay moun k ap sèvi Jewova menm jan avè l yo manje espirityèl nan bon moman. Nou depann de esklav fidèl la pou l kontinye ban nou “kantite pwovizyon [nou] bezwen nan moman apwopriye a”. — Lik 12:42.

Li responsab kay Bondye a. (1 Timote 3:15). Jezi bay esklav la gwo responsablite pou l dirije travay k ap fèt nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a, pou l pran swen byen materyèl òganizasyon an. Li dirije travay predikasyon an e li anseye nou pa mwayen kongregasyon yo. Kidonk, pou “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou sa n bezwen nan bon moman an, li sèvi ak piblikasyon nou itilize nan travay predikasyon an ak ansèyman nou jwenn nan reyinyon yo ak nan asanble yo.

Esklav la fidèl, sa vle di li atache ak verite ki nan Bib la e l preche bon nouvèl la fidèlman. Li prevwayan nan fason li pran swen byen Kris yo sou tè a e li fè sa avèk sajès (Travay 10:42). Jewova beni travay esklav la lè l fè plis moun vin nan kongregasyon an e l ede l bay pi plis manje espirityèl. — Ezayi 60:22; 65:13.

  • Kiyès Jezi te chwazi pou bay disip li yo manje espirityèl?

  • Nan ki sans esklav la fidèl e li prevwayan?