Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 24

Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?

Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?

Nepal

Togo

Grann Bretay

Òganizasyon nou an pibliye plizyè milyon Bib ak lòt piblikasyon chak ane e nou distribye yo bay moun san n pa mande pou yo lajan. Nou konstwi Sal Wayòm ak filyal e nou fè antretyen ladan yo. Nou soutni plizyè milye Betelit ak misyonè e n bay èd lè gen katastwòf. Se sa k fè petèt w ap mande tèt ou: ‘Kote n jwenn lajan pou n fè tout travay sa yo?’

Nou pa fè moun peye ni ladim, ni sèvis relijye n fè yo, e n pa fè lakòlèt. Se vre, nou depanse anpil lajan pou travay predikasyon an ka fèt, men nou pa mande moun lajan. Sa gen plis pase santan, dezyèm nimewo Toudegad la te di nou kwè se Jewova k ap soutni nou, nou “pap janm mande moun ni nou pap janm fòse moun bay lajan pou travay la fèt”, e n pa janm fè sa vre! — Matye 10:8.

Se ofrann volontè moun bay ki ede n fè travay la. Gen anpil moun ki bay travay ansèyman biblik n ap fè a anpil valè, e yo bay ofrann volontè pou yo soutni travay sa a. Temwen Jewova yo bò kote pa yo kontan bay tan yo, fòs yo, lajan yo ak lòt bagay yo posede pou yo fè volonte Bondye toupatou sou tè a (1 Kwonik 29:9). Nan Sal Wayòm yo ak nan lokal nou fè asanble ak kongrè yo, gen bwat ofrann pou moun ki ta renmen bay ofrann yo. Oubyen yo ka fè ofrann sou sit nou an, jw.org. Pifò lajan nou resevwa yo se moun ki pa gen gwo mwayen ki bay yo, moun ki tankou vèv malerèz Jezi te pale an byen de li a. Vèv sa a te depoze de ti pyès monnen ki pa gen anpil valè nan trezò tanp lan (Lik 21:1-4). Se sa k fè, nenpòt moun nan ka “mete yon ti bagay apa” regilyèman pou l bay kòm ofrann “jan l te deside nan kè l la.” — 1 Korentyen 16:2; 2 Korentyen 9:7.

Nou sèten Jewova ap kontinye touche kè moun ki vle ‘onore l avèk bagay yo genyen ki gen valè yo’ lè yo soutni travay Wayòm nan pou volonte Jewova fèt. — Pwovèb 3:9.

  • Ki sa k fè òganizasyon nou an diferan ak lòt relijyon yo?

  • Ki sa yo fè ak ofrann volontè yo?