Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 16

Kiyès Jòb te ye?

Kiyès Jòb te ye?

Te gen yon mesye ki te konn adore Jewova ki t ap viv nan yon peyi ki rele Ouz. Li te rele Jòb. Li te yon moun ki rich anpil e li menm ak madanm li te gen anpil pitit. Li te yon bon moun, li te konn ede moun ki malere, fi mari yo mouri ak timoun ki pa gen papa ak manman. Jòb te konn fè sa ki dwat, men, sa pa vle di li pa t janm gen okenn pwoblèm.

Byenke Jòb pa t konn sa, Satan Ledyab t ap gade l. Jewova te di Satan: ‘Èske w wè Jòb, sèvitè m nan? Pa gen pèsonn tankou l sou tè a. Li koute m e li fè sa ki dwat.’ Satan reponn: ‘Se nòmal pou Jòb obeyi w. Ou pwoteje l e ou beni l. Ou ba l tè e ou ba l bèt. Retire tout sa l genyen nan men l pou w wè si l pap sispann adore w.’ Jewova di: ‘Ou mèt teste Jòb. Men, m pa ba w dwa touye l.’ Poukisa Jewova te kite Satan teste Jòb? Se paske li te gen konfyans Jòb t ap pase tès la.

Satan te kòmanse lage yon pakèt malè sou Jòb pou l teste l. Premyèman, li te voye yon seri moun Seba vin vòlè bèf Jòb yo ak bourik li yo. Apre sa, gen yon dife ki te boule tout mouton Jòb yo nèt. Gen yon lòt gwoup moun, moun Kalde yo, ki te vòlè chamo l yo. Yo te touye sèvitè ki t ap pran swen bèt li yo. Epi, te gen yon pi gwo malè ki te rive Jòb. Tout pitit Jòb yo te mouri lè yon kay kote yo t ap fè yon fèt te tonbe sou yo. Jòb te nan gwo lapenn, men l pa t sispann adore Jewova.

Satan te vle fè Jòb soufri pi plis toujou, se sa k fè li te fè yon pakèt gwo klou leve sou tout kò l. Jòb t ap soufri anpil. Li pa t konnen pou ki rezon tout bagay sa yo te rive l. Malgre sa, Jòb te kontinye adore Jewova. Bondye te wè tout bagay, e Jòb te fè kè l kontan anpil.

Annapre, Satan te voye twa mesye vin teste Jòb. Yo te di l: ‘Alewè w dwe peche e w ap eseye kache sa. Se pini Bondye ap pini w!’ Jòb te di: ‘M pa fè anyen ki mal.’ Lè sa a, Jòb te kòmanse panse se Jewova ki te lage malè sa yo sou li, e l te di Bondye mal aji avè l.

Te gen yon jèn gason ki te rele Eliyou ki t ap koute konvèsasyon an san l pa di anyen. Apre yon ti tan, li te kòmanse pale, li di: ‘Sa nou tout te di yo pa laverite. Nou pa gen ase entèlijans pou n konprann jan Jewova gran. Li pa t ap janm fè yon bagay ki mal. Li wè tout bagay e l ede moun ki nan pwoblèm.’

Apre sa, Jewova pale ak Jòb. Li di l: ‘Ki kote w te ye lè m te fè syèl la ak tè a? Poukisa w di mwen mal aji avè w? W ap pale, men w pa konn pou ki sa bagay sa yo rive.’ Jòb te admèt erè l, epi l di: ‘Mwen antò. Mwen te tande pale de ou, men, kounye a, anverite, mwen konnen w. Pa gen anyen ki enposib pou ou. Mwen regrèt sa m te di yo.’

Lè Jòb fin pase tès la, Jewova te geri l e l te ba l plis byen pase sa l te genyen anvan sa. Jòb te viv lontan e kè l te kontan. Jewova te beni Jòb paske l te koute l menm lè sa te difisil anpil. Èske w ap imite Jòb e w ap kontinye adore Jewova kèlkeswa sa k rive?

“Nou tande pale de andirans Jòb, e nou wè ki jan Jewova te fè bagay yo fini pou li.” — Jak 5:11.