Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan lòt moun ka bay èd pa yo?

Ki jan lòt moun ka bay èd pa yo?

LÈ NOU gen yon zanmi nou oubyen yon fanmi nou ki fèk pèdi yon moun pa l, anpil nan nou konn di yo: “Si gen yon bagay ou ta renmen m fè pou ou, fè m konn sa.” Natirèlman, nou sensè. Nou dispoze fè nenpòt bagay pou nou ede moun nan. Men, èske moun ki gen moun mouri a ap janm rele nou pou l di nou: “Men yon bagay m ta renmen w fè pou mwen”? Sa pa fèt souvan. Li klè, li ka pi bon pou nou aji si nou vle ede moun ki nan lapenn nan e si nou vle konsole l toutbon.

Men sa yon pwovèb ki nan Bib la di: “Tankou pòm annò nan kabare ki fèt ann ajan, se konsa pawòl moun di nan bon moman ye.” ​(Pwovèb 15:23; 25:11). Donk, li saj pou nou byen konnen sa pou nou di ak sa pou nou pa di, sa pou nou fè ak sa pou nou pa fè. Men kèk konsèy biblik kèk moun ki nan lapenn te twouve ki ede yo.

Sa nou dwe fè...

Koute yo: Jak 1:19 di: “Tout moun dwe dispoze koute.” Youn nan pi bon bagay ou ka fè pou w ede moun ki nan lapenn yo se koute yo lè y ap pale sou sa k fè yo lapenn. Gen kèk moun ki nan lapenn akoz yo gen moun mouri ki konn bezwen pale de moun nan, yo ka bezwen pale sou aksidan oswa sou maladi ki te touye moun nan, oubyen tou sou jan yo santi yo depi lè moun nan mouri. Donk, ou bezwen mande yon moun ki nan sitiyasyon sa a: “Èske w ta renmen pale sou sa?” Epi kite l deside. Gen yon jèn gason ki te gen papa l mouri ki di: “Yon bagay ki te vrèman ede m, se lè gen moun ki te mande m sa k te pase e ki te koute m toutbon.” Pran tan pou w koute moun ki nan lapenn yo, epi aji yon fason ki montre w santi lapenn yo. Kite yo pale san w pa oblije reponn oubyen san w pa oblije chèche yon solisyon pou yo. Kite yo di sa k nan kè yo.

Ankouraje yo: Fè yo konnen yo te fè tout sa k posib pou moun nan (oubyen fè lòt remak ou konnen ki vrè e k ap gen bon efè sou yo). Fè yo konnen, sa yo santi a, kit yo tris kit yo fache kit yo santi yo koupab oubyen kèlkeswa sa yo santi, se ka yon bagay ki nòmal e se pa yo menm sèl ki santi yo konsa. Pale yo de lòt moun ou konnen ki te retounen nan nòmal yo apre yo te fin pèdi yon moun pa yo menm jan an. Selon Pwovèb 16:24, “bon pawòl” sa yo “se yon remèd pou zo”. — 1 Tesalonisyen 5:11, 14.

Mete w disponib: Se pou w disponib pou yo, nou pap fè sa nan premye jou yo sèlman, sètadi nan moman kote tout zanmi ak fanmi yo la, men menm plizyè mwa apre sa, lè tout lòt moun yo retounen nan aktivite yo. Konsa, w ap montre ou se yon “bon zanmi”, yon zanmi ki kanpe la ansanm ak zanmi l lè gen “malè”. (Pwovèb 17:17.) Men sa Teresa, ki te gen pitit fi l mouri nan yon aksidan machin, fè konnen: “Zanmi nou yo te veye pou nou toujou gen aktivite nan sware nou yo, dekwa pou n pa t pase twòp tan nan kay la poukont nou. Sa te ede nou, fè fas ak gwo vid nou te vin gen nan lavi nou an.” Lè yon seri dat rive, tankou dat anivèsè maryaj oubyen dat moun nan te mouri, moun ki nan lapenn yo konn tris anpil, menm plizyè ane apre moun nan mouri. Poukisa w pa make dat sa yo nan almanak ou dekwa pou w ka mete w disponib, si sa nesesè, pou w soutni moun ki nan lapenn yo lè dat sa yo rive, yon fason pou w ka montre ou konprann yo?

Si w remake moun nan gen yon bezwen reyèl, pa tann li mande w, ede l.

Ede yo san w pa tann yo mande w: Èske gen komisyon yo ka bezwen w fè pou yo? Èske yo bezwen yon moun pou voye je sou timoun yo? Èske gen kèk zanmi oswa fanmi ki sot lwen e ki bezwen yon kote pou yo desann? Souvan, moun ki gen moun mouri yo konn tèlman sou chòk, yo gendwa pa menm konnen sa yo dwe fè, alewè pou yo ta konnen ki èd pou yo mande lòt moun. Donk, si w remake gen yon bagay yo vrèman bezwen, pa tann yo mande w. Ede yo (1 Korentyen 10:24; konpare ak 1 Jan 3:17, 18). Gen yon madanm ki pèdi mari l ki di: “Gen anpil moun ki te di m: ‘Si gen yon bagay ou ta renmen m fè pou ou, fè m konn sa.’ Men, gen yon zanmi m ki pa t mande m. Li te annik antre nan chanm nan, li retire dra mari m te sal ki te sou kabann nan epi li lave yo. Gen yon lòt zanmi m ki pran yon bokit, li pran dlo ak pwodui netwayaj, epi li bwose kapèt la, ki te sal, paske mari m te vomi sou li. Kèk semèn apre sa, gen yon ansyen ki te vin wè m ak rad travay li sou li ak zouti l nan men l epi li di m: ‘Mwen konnen dwe gen yon bagay ou bezwen repare. Ki sa m ka repare pou ou?’ Li te repare yon pòt pou mwen ki te gen yon sèl gon ki kenbe l, e li te repare yon aparèy elektrik pou mwen. Se pa ti kontan m te kontan!” — Gade Jak 1:27.

Se pou nou akeyan: Labib di pou nou “pa bliye montre nou akeyan”. (Ebre 13:2.) Sitou, nou ta dwe sonje pou nou akeyan anvè moun ki nan lapenn yo. Olye pou nou annik di yo “vin lè w vle”, nou ka fikse yon jou ak yon lè pou nou envite yo lakay nou. Pa kouri bay vag si yo refize envitasyon an. Yo ka bezwen nou ankouraje yo pou yo aksepte envitasyon an, e nou ka fè sa avèk jantiyès. Petèt, rezon ki fè yo pa dakò vini, se paske yo pè pou yo pa ka kontwole santiman yo e pou yo pa kriye devan moun. Oubyen yo gendwa santi yo koupab si yo ta ap manje, ap pran plezi ak zanmi nan yon moman konsa. Men nou bezwen sonje Lidi, yon dam Labib di ki te akeyan anpil. Men sa Lik di lè Lidi te fin envite l lakay li: “Li fòse nou vin lakay li.” — Travay 16:15.

Pran pasyans avèk yo, epi chèche konprann yo: Nou pa dwe twò sezi pou sa moun ki nan lapenn yo ka di okòmansman. Pa bliye sa, yo gendwa santi yo an kòlè e yo ka santi yo koupab. Si se sou ou yo fè kòlè, w ap bezwen konprann yo, e w ap bezwen pran pasyans avèk yo yon fason pou w pa reyaji avèk kòlè. Labib ban nou konsèy pou nou “abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans”. — Kolosyen 3:12, 13.

Ekri yo: Byen souvan, nou pa rann nou kont jan lè nou ekri yon lèt pou nou swete moun ki gen moun mouri a kondoleyans oubyen yon kat pou montre senpati nou, sa gen gwo efè sou li. Ki avantaj sa genyen? Men sa Cindy ki te pèdi manman l di: “Gen yon zanmi ki te ekri m yon bèl lèt. Sa te vrèman ede m, paske mwen te ka reli l souvan.” Ou kapab ekri yon lèt oubyen yon kat konsa, avèk “kèk mo sèlman”, men ou ta dwe ekri sa k sot nan kè w (Ebre 13:22). Nan lèt sa a, ou ka fè moun nan konnen ou gen sousi pou li e ou ka pale sou bon souvni w genyen sou moun ki mouri a, oubyen ou ka pale sou fason moun nan te gen efè sou lavi w.

Priye avèk yo: Pa souzestime sa, ni lè w priye ak moun ki gen moun mouri yo ni lè w priyè pou yo sa gen anpil enpòtans. Men sa Labib di: “Lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs.” ​(Jak 5:16). Pa egzanp, lè yo tande w k ap priye pou yo, sa ka ede yo konbat yon seri santiman negatif yo genyen, pa egzanp sa ka ede yo pou yo pa santi yo koupab. — Konpare ak Jak 5:13-15.

Sa nou pa dwe fè...

Si w la nan lopital la, sa ka ankouraje moun ki gen moun mouri a.

Pa mawon moun yo paske w pa konn sa pou w di yo oubyen paske w pa konn sa pou w fè: Nou gendwa di tèt nou: ‘Mwen pa panse yo bezwen wè moun kounye a.’ Men an reyalite, nou gendwa ap mawon yo, paske nou pè pou nou pa di oubyen pou nou pa fè yon bagay ki pa kòrèk. Sepandan, si moun ki gen moun mouri a santi zanmi l, fanmi l oubyen kwayan parèy li yo ap mawon l, sa ka fè l santi l poukont li pi rèd, e sa ka fè l gen plis lapenn toujou. Pa bliye, souvan se mo ki pi senp yo oubyen aksyon ki pi senp yo ki gen plis efè sou yo (Efezyen 4:32). Prezans ou sèlman ka ankouraje yo anpil. (Konpare ak Travay 28:15.) Men sa Teresa di lè l ap rakonte sa k te pase jou pitit fi l la te mouri a: “Nan inèdtan sèlman, saldatant lopital la te gentan chaje ak zanmi nou. Tout ansyen yo ak madanm yo te la. Gen kèk medam ki te gen woulo nan tèt yo. Gen kèk moun ki te gen rad travay sou yo. Yo te annik kite tout sa yo t ap fè pou yo vini. Gen anpil nan yo ki te di nou yo pa t konn sa pou yo di, men sa pa t fè anyen, sa k te pi enpòtan sèke yo te la.”

Pa mande yo pou yo sispann gen lapenn: Nou ka anvi di yo: ‘Pa kriye, pa kriye non.’ Men li ka pi bon pou nou kite yo kriye. Men sa Katherine di apre lanmò mari l: “Mwen panse li enpòtan anpil pou nou kite moun ki nan lapenn yo montre sa yo santi epi kite yo mete sa k nan kè yo deyò.” Evite tandans nou konn genyen pou n ap di lòt moun jan pou yo santi yo. Epitou, pa panse ou dwe kache santiman ou gen nan kè w yon fason pou w pa bay lòt moun lapenn. Okontrè, Labib ankouraje nou pou nou “kriye ak moun k ap kriye”. — Women 12:15.

Pa kouri ankouraje moun ki gen moun mouri yo pou yo jete rad moun ki mouri a te genyen oubyen kèlkeswa lòt bagay li te posede si yo poko santi yo pare pou yo fè sa: Nou ka panse l ap pi bon pou yo jete bagay ki ka fè yo sonje moun nan, paske nou panse bagay sa yo ka fè lapenn yo genyen an dire pi lontan. Men malgre sa, li ka pa posib pou yo bliye moun nan. Moun ki gen moun mouri a ka bezwen tan pou l bliye moun ki mouri a. N ap sonje Labib dekri fason Jakòb te reyaji lè yo te fè l kwè gen yon bèt sovaj ki touye Jozèf, pitit gason l. Yo te pote rad long Jozèf la ki te gen san sou li bay Jakòb. Lè sa a, Jakòb ‘pase anpil jou nan lapenn pou pitit gason l lan. Epi, tout pitit gason l yo ak tout pitit fi l yo t ap eseye konsole l, men li pa t kite yo konsole l’. — Jenèz 37:31-35.

Pa di: ‘W a fè yon lòt pitit’: Gen yon manman ki te pèdi pitit li ki di: “Mwen te konn fache lè moun yo di m mwen ka fè yon lòt pitit.” Petèt moun yo gen bon entansyon lè yo di sa, men lè yon paran ki pèdi pitit li tande sa, sa ka bay enpresyon yo ka ranplase timoun ki mouri a, e pawòl sa yo ka fè yo mal tankou “kout epe”. (Pwovèb 12:18.) Yon timoun pa ka ranplase yon lòt. Poukisa? Paske pa gen de timoun ki menm, chak timoun se yon moun.

Li pa nesesè pou w evite pale de moun ki mouri a: Men sa yon manman di: “Gen anpil moun ki pa menm site non Jimmy, pitit gason m nan. Fò m di mwen te santi sa yon jan fè m mal.” Donk, ou pa oblije chanje sijè lè yo site non moun ki mouri a. Mande moun nan si l ta renmen pale de moun ki mouri a. (Konpare ak Jòb 1:18, 19 e 10:1.) Gen moun ki gen moun mouri ki renmen tande lè zanmi yo ap pale de bèl kalite moun ki mouri a te genyen ki te fè lòt moun renmen l. — Konpare ak Travay 9:36-39.

Pa kouri di: ‘Li pi bon l mouri’: Lè n ap eseye jwenn yon bagay pozitif pou nou di konsènan lanmò moun nan, sa pa toujou “konsole moun ki tris yo”. (1 Tesalonisyen 5:14.) Men sa yon jèn fi te di lè l t ap sonje epòk manman l te mouri: “Gen moun ki te konn di: ‘Li sispann soufri’ oubyen: ‘Omwen li anpè kounye a’. Men, mwen pa t vle tande pawòl konsa.” Kòmantè konsa ka bay moun ki vivan yo enpresyon yo pa ta dwe tris poutèt moun nan mouri oubyen sa pa ta dwe di yo anyen. Sepandan, yo ka santi yo tris anpil, paske yo sonje moun pa yo a.

Pito w pa di: ‘Mwen konn sa w santi’: Èske se vre? Pa egzanp, èske l posib pou w konnen sa yon paran santi lè yon pitit li mouri si ou menm ou pa t gen pitit ki mouri? E menmsi w te gen yon pitit ki mouri, pa bliye, lòt moun pap santi yo egzakteman menm jan avèk ou. (Konpare ak Lamantasyon 1:12.) Yon lòt bò, si sa apwopriye, li ka bon pou w di ki jan ou te retounen nan nòmal ou apre w te fin pèdi yon moun pa w. Gen yon dam ki te gen yon pitit fi yo te touye ki te jwenn yon bagay ki te fè l santi l mwens enkyè, se lè yon lòt manman ki te pèdi pitit fi l te pale avè l sou fason li menm li te retounen nan nòmal li ankò. Men sa l di: “Lè manman tifi ki mouri a te vin pale avè m, li pa t di m ‘mwen konnen jan w santi w’. Li te annik di m ki jan bagay yo te ye pou li, e li te kite m konpare sa l di m nan ak sitiyasyon pa m.”

Pou nou ede yon moun ki gen moun mouri, sa mande pou nou gen konpasyon, pou nou konprann moun nan e pou nou gen anpil lanmou nan kè nou. Pa tann se moun ki gen moun mouri a ki vin abòde w. Pa annik di: “Si gen yon bagay ou ta renmen m fè pou ou, fè m konn sa.” Chèche konnen ki sa w ka fè, epi ede moun nan.

Gen kèk kesyon nou ka poze toujou: Ki sa nou ka di konsènan esperans Bib la bay sou rezirèksyon an? Ki sa esperans sa a reprezante ni pou ou ni pou moun pa w ki mouri a? Ki jan nou ka sèten esperans sa a se yon esperans nou ka fè konfyans?