CHAPIT DE
Labib: yon liv Bondye ban nou
1, 2. Poukisa Labib se yon kado ki bay anpil kè kontan?
KI JAN W santi w lè yon zanmi w ba w yon kado san w pa t atann? Ou pa ka tann pou w ouvè l, e w kontan paske zanmi w lan te panse avè w. Ou di l mèsi pou sa.
2 Labib se yon kado Bondye ban nou. Li ban nou enfòmasyon nou pa kapab jwenn okenn lòt kote. Pa egzanp, li fè nou konnen se Bondye ki kreye syèl la, tè a, premye gason an ak premye fi a. Li ban nou prensip ki ka ede nou lè nou gen pwoblèm. Nan Labib, nou aprann fason Bondye pral reyalize objektif li genyen pou l fè tè a vin yon pi bon kote pou moun viv. Vrèmanvre, Labib se yon kado ki bay anpil kè kontan!
3. Ki sa w ap aprann toutpandan w ap etidye Labib?
3 Toutpandan w ap etidye Labib, w ap aprann Bondye vle w zanmi l. Plis ou aprann konnen Bondye, se plis w ap vin zanmi l.
4. Ki sa k touche w konsènan Labib?
4 Yo tradui Labib nan anviwon 2 600 lang, e yo enprime plizyè milya bib. Plis pase 90 pousan moun sou tè a kapab li Labib nan lang pa yo. Epi chak semèn, gen plis pase yon milyon moun ki vin gen yon bib! Sa klè, Labib pa menm ak okenn lòt liv.
5. Poukisa nou ka di tout sa ki nan Labib se “Bondye ki enspire yo”?
5 Tout sa ki nan Labib se “Bondye ki enspire yo”. (Li 2 Timote 3:16.) Men, gen kèk moun ki ka di: ‘Si se lèzòm ki ekri Labib, ebyen, kòman li fè soti nan Bondye?’ Men repons Labib bay: “Yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo.” (2 Pyè 1:21). Se menm bagay la lè yon biznismann mande sekretè l ekri yon lèt. Pawòl kiyès ki nan lèt la? Se pawòl biznismann nan, se pa pawòl sekretè a. Menm jan an tou, se pawòl Bondye ki nan Labib, se pa pawòl moun Bondye te itilize pou ekri l yo. Bondye te gide moun sa yo pou yo ekri panse l. Vrèmanvre, Labib se “pawòl Bondye”. — 1 Tesalonisyen 2:13; gade nòt 2.
Labib — Tradiksyon monn nouvo a disponib nan anpil lang.
LABIB EGZAK
6, 7. Poukisa nou ka di gen amoni nan Labib?
6 Sa te pran plis pase 1 600 ane pou yo ekri Labib. Moun ki te ekri Labib yo pa t viv nan menm epòk. Gen kèk nan yo ki te gen gwo fòmasyon e gen lòt ki pa t gen gwo fòmasyon. Pa egzanp, gen youn ladan yo ki te doktè. Gen lòt ki te kiltivatè, pechè pwason, bèje, pwofèt, jij, e genyen ki te wa. Byenke se divès kalite moun ki te ekri Labib, tout Labib gen amoni. Li pa di yon bagay nan yon chapit epi li di lekontrè nan yon lòt a.
7 Premye chapit ki nan Labib yo esplike kòman pwoblèm yo te kòmanse nan monn nan, e dènye chapit yo montre kòman Bondye pral rezoud pwoblèm sa yo lè l pral fè tè a tounen yon paradi. Labib rapòte plizyè milye ane istwa lèzòm e li montre objektif Bondye toujou reyalize.
8. Bay kèk egzanp ki montre Labib egzak nan domèn lasyans.
8 Bondye pa t fè ekri Labib kòm yon liv pou anseye moun bagay ki gen rapò ak lasyans oswa ak lekòl, men, sa Labib di ki gen rapò ak lasyans toujou egzak. Se sa nou ta dwe atann n ap jwenn nan yon liv Bondye ban nou. Pa egzanp, nan liv Levitik la, nou jwenn kèk enstriksyon sou fason Izrayelit yo te ka anpeche maladi gaye. Yo te ekri bagay sa yo byen lontan anvan lèzòm te rive konprann fason mikwòb ak viris lakòz moun malad. Mete sou sa, Labib fè konnen tè a ret pandye san pa gen anyen ki kenbe l (Jòb 26:7). E menm lè pifò moun te panse tè a plat, Labib te fè konnen tè a won. — Ezayi 40:22.
9. Lefètke moun ki te ekri Labib yo te sensè, ki sa sa ede n konprann?
9 Labib toujou egzak lè l ap pale konsènan listwa. Sepandan, gen anpil liv istwa ki pa fin egzak paske moun ki te ekri liv sa yo pa t sensè. Pa egzanp, yo pa toujou ekri sou epòk kote peyi yo te pèdi kèk batay. Men, moun ki te ekri Labib yo te sensè menm lè nasyon Izrayèl la te pèdi batay. Yo te ekri bagay mal yo te fè yo tou. Pa egzanp, nan liv Nonb lan, Moyiz fè konnen li te fè yon bagay grav e Bondye te disipline l pou sa (Nonb 20:2-12). Senserite ki gen lakay moun ki te ekri Labib yo montre se Bondye ki ban nou Labib. Sa vle di nou ka fè Labib konfyans.
YON LIV KI CHAJE AK BON KONSÈY
10. Poukisa konsèy nou jwenn nan Labib itil nou jodi a?
10 Tout sa ki nan Labib “se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat”. (2 Timote 3:16.) Wi, konsèy nou jwenn nan Labib itil nou jodi a. Jewova konnen ki fason nou fèt, donk, li konprann fason nou panse ak fason nou santi nou. Li pi byen konnen nou pase nou konn tèt nou, e li vle nou gen kè kontan. Li konnen sa k bon pou nou ak sa k pa bon pou nou.
11, 12. a) Ki bon konsèy Jezi te bay nou jwenn nan Matye chapit 5 rive nan chapit 7? b) Ki lòt bagay nou ka aprann nan Labib?
11 Nan Matye chapit 5 rive nan chapit 7, Jezi te bay bonjan konsèy sou fason pou n gen kè kontan, fason pou n antann nou ak lòt moun, fason pou n priye ak fason pou n konsidere lajan. Byenke sa gen 2 000 an depi l te bay konsèy sa yo, yo toujou gen anpil fòs e yo toujou itil jis jounen jodi a.
12 Anplis de sa, nan Labib, Jewova anseye nou yon seri prensip k ap ede nou viv pi byen nan fanmi nou, k ap ede nou byen fè travay nou e k ap ede n viv anpè ak lòt moun. Kèlkeswa moun nou ye, kèlkeswa kote n ap viv e kèlkeswa pwoblèm nou genyen, prensip ki nan Labib yo ka toujou ede nou. — Li Ezayi 48:17; gade nòt 3.
OU KA FÈ PWOFESI KI NAN BIB LA KONFYANS
Ezayi, yon pwofèt ki te ekri nan Labib, te fè konnen yo t apral pot laviktwa sou Babilòn.
13. Ki sa Ezayi te di ki t ap rive vil Babilòn?
13 Gen anpil pwofesi nan Labib ki deja reyalize. Pa egzanp, nan yon pwofesi Ezayi te bay, li te fè konnen yo t ap detwi vil Babilòn (Ezayi 13:19). Li te esplike egzakteman fason yo t apral pot laviktwa sou vil la. Te gen yon gwo pòtay ak yon rivyè ki te pwoteje vil la. Men, Ezayi te fè konnen rivyè a t ap seche e pòtay vil la t ap ret ouvè. Moun ki t ap vin atake vil la t ap pran l san batay. Ezayi te menm fè konnen se yon mesye ki rele Siris ki t ap pot laviktwa sou Babilòn. — Li Ezayi 44:27–45:2; gade nòt 4.
14, 15. Ki jan pwofesi Ezayi te bay la te reyalize?
14 De san ane apre Ezayi te ekri pwofesi sa a, gen yon lame ki te vini, li te pare pou l atake vil Babilòn. Kiyès ki te alatèt lame sa a? Jan pwofesi a te di sa, se te Siris, wa peyi Pès la. Tout bagay te anplas pou rès pwofesi a reyalize.
15 Nan nuit atak la t apral fèt la, Babilónyen yo t ap fè yon gwo fèt. Yo te santi yo an sekirite paske te gen gwo miray ak yon rivyè ki te pwoteje yo. Pa deyò vil la, Siris ak lame l la te fouye yon kanal pou fè dlo rivyè a bese. Dlo a te tèlman bese, sòlda peyi Pès yo te ka travèse l apye. Men, ki jan lame a t ap fè travèse miray Babilòn yo? Jan pwofesi a te di sa, yo te kite pòtay vil la ouvri, konsa, sòlda yo te pran vil la san batay.
16. a) Ki sa pwofesi Ezayi a te fè konnen konsènan sa k t ap gen pou rive Babilòn? b) Kòman nou fè konnen pwofesi Ezayi te bay la te reyalize?
16 Ezayi te fè konnen, rive yon lè, pèsonn pa t ap janm abite ankò nan vil Babilòn. Men sa li te ekri: “Pap janm gen moun ki abite ladan l, e jenerasyon apre jenerasyon, moun pap janm ka ret [oswa viv] kote sa a.” (Ezayi 13:20). Èske sa te rive vre? Kote vil Babilòn te ye a, anviwon 80 kilomèt nan sid vil Bagdad, nan peyi Irak, se restan vil la sèlman ki la. Jis jounen jodi a, pa gen pèsonn k ap viv nan zòn sa a. Jewova te bale [oswa detwi] Babilòn “menm jan yon moun bale pou l retire fatra”. — Ezayi 14:22, 23 b.
Restan vil Babilòn.
17. Poukisa nou ka fè tout pwomès Bondye yo konfyans?
17 Piske gen anpil pwofesi nan Labib ki deja reyalize, sa montre nou ka fè sa Labib di konsènan lavni yo konfyans. Nou mèt gen asirans Jewova ap kenbe pwomès li fè pou l fè tè a vin yon paradi. (Li Nonb 23:19.) Wi, nou gen espwa pou nou gen “lavi ki pap janm fini an, lavi Bondye, ki pa ka bay manti, te pwomèt depi byen lontan an”. — Tit 1:2 c.
LABIB KAPAB CHANJE LAVI W
18. Ki sa Pòl te ekri konsènan “pawòl Bondye a”?
18 Nou sot aprann Labib pa menm ak okenn lòt liv. Li gen amoni, e lè l ap pale sou sijè ki gen rapò ak lasyans oswa ak listwa, sa l di yo toujou egzak. Epitou, li ban nou bon konsèy e li gen anpil pwofesi ki deja reyalize. Men, Labib fè plis pase sa. Men sa apot Pòl te ekri: “Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” Ki sa sa vle di? — Li Ebre 4:12.
19, 20. a) Ki jan Labib ka ede w konnen kiyès ou ye? b) Ki jan w ka montre ou gen rekonesans pou Labib ki se yon kado?
19 Labib kapab chanje lavi w. Li ka ede w konnen kiyès ou ye toutbonvre. Li ka ede w konprann panse ak santiman ki pi pwofon ou genyen yo. Pa egzanp, nou ka panse nou renmen Bondye. Men, pou nou montre nou renmen l, nou bezwen fè sa Labib di.
20 Vrèmanvre, Labib se yon liv Bondye ban nou. Bondye vle w li l, li vle w etidye l, epi li vle w renmen l. Se pou w gen rekonesans pou kado sa a, epi se pou w kontinye etidye l. Konsa, w ap rive konprann objektif Bondye gen pou lèzòm. Nan chapit ki vin apre a, nou pral aprann plis bagay sou objektif sa a Bondye genyen an.
a Gen kèk moun ki di pa gen amoni nan Labib, men se pa vre. Gade chapit 7 nan liv La Bible: Parole de Dieu ou des hommes? nan. Se Temwen Jewova ki pibliye l.
b Si w ta renmen aprann plis bagay sou pwofesi ki nan Bib la, ou kapab li paj 27-29 nan bwochi Un livre pour tous la. Se Temwen Jewova ki pibliye l.