Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Tire ki konn gen nan lekòl yo — Ki sa Bib la di?

Tire ki konn gen nan lekòl yo — Ki sa Bib la di?

 Nan dat 24 me 2022, gen yon gwo trajedi ki te frape yon ti vil ki rele Ouvalde nan Tegzas Ozetazini. Selon jounal ki rele The New York Times lan, “gen yon moun ak zam ki te touye 19 timoun ak de pwofesè […] nan yon lekòl primè ki rele Robb Elementary School.”

 Malerezman, bagay terib sa yo rive souvan. Selon jounal ki rele USA Today la, nan peyi Etazini sèlman, “ane pase, pandan 249 fwa te gen tire nan lekòl. E sanble depi 1970, se premye fwa gen tout tire sa yo nan lekòl pandan yon ane”.

 Poukisa bagay terib sa yo rive? Ki sa k kapab ede nou lè n wè zak terib sa yo? Èske vyolans ap janm fini? Bib la reponn kesyon sa yo.

Poukisa vin gen tout vyolans sa a nan monn nan?

 Anpil moun ap mande tèt yo poukisa Bondye pa anpeche bagay terib sa yo rive tankou tire y ap tire nan lekòl yo. Pou w jwenn repons Bib la bay, li atik “Gen move bagay ki rive bon moun — Poukisa?

Ki sa k kapab ede nou lè n wè zak terib sa yo?

  •    “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans […] grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” — Women 15:4.

 Prensip ki nan Bib la ka ede w fè fas ak monn vyolan sa a. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Reveye n!La violence cessera-t-elle un jour ?

 Pou w jwenn kèk konsèy sou fason paran yo ka ede pitit yo lè yo tande nouvèl ki fè yo pè, li atik “Fason w ka ede pitit ou jere nouvèl ki ka boulvèse yo”.

Èske vyolans ap janm fini?

  •    “L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — Sòm 72:14.

  •    “Y ap bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè, e y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt. Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, e yo pap aprann fè lagè ankò.” — Miche 4:3.

 Bondye pral fè sa okenn moun pa kapab fè. Wayòm li an ki nan syèl la pral elimine tout zam e li pral met fen nan tout vyolans. Li atik “Lè Wayòm Bondye a ap dirije tè a, ‘lapè ap blayi tout kote’” pou w aprann plis sou sa Wayòm Bondye a pral fè.