Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason n ka fè fas ak fatig ki lye ak pandemi an

Fason n ka fè fas ak fatig ki lye ak pandemi an

 Èske w kòmanse santi w bouke ak pandemi kowonaviris la? Si w reponn wi, konnen ou pa poukò w. Sa deja gen plizyè mwa depi moun toupatou sou tè a oblije adapte fason yo viv akoz pandemi sa a. Men sa doktè Hans Kluge ki se direktè rejyonal Òganizasyon mondyal lasante ann Ewòp fè konnen: “Anpil moun oblije fè gwo sakrifis pou anpeche kowonaviris la gaye. Donk, li toutafè nòmal pou moun yo vin yon ti jan vag, yo pèdi motivasyon yo te genyen okòmansman an e yo vin santi yo fatige.”

 Si w deja ap fè fas ak fatig ki lye ak pandemi an, ou mèt pran kouraj. Bib la ede anpil moun jere pwoblèm lavi a pandan moman difisil sa yo. Li kapab ede w tou.

 Ki sa fatig ki lye ak pandemi an ye?

 Fatig ki lye ak pandemi an se pa yon maladi, men se yon ekspresyon yo itilize pou esplike fason kèk moun santi yo lefètke pandemi an chanje lavi yo e yo pa konn kòman sa ap ye pi devan. Byenke chak moun ka reyaji yon fason diferan, men kèk siy ki ka montre yon moun ap fè fas ak fatig ki lye ak pandemi an:

  •   Li pa santi l motive

  •   Li manje plis oswa mwens, li dòmi plis oswa li manke dòmi

  •   Li fache pou ti krik ti krak

  •   Li strese pou bagay ki pa t konn strese l anvan

  •   Li difisil pou l konsantre

  •   Li santi l pèdi espwa

 Poukisa fatig ki lye ak pandemi an se yon pwoblèm grav?

 Fatig ki lye ak pandemi an ka yon gwo danje ni pou nou ni pou lòt moun. Si n pa fè atansyon, tikras pa tikras nou ka sispann suiv konsiy sekirite yo bay konsènan pandemi COVID-19 la. Avèk letan, nou ka pa bay maladi a regle anyen pou nou menm lè li kontinye ap gaye e li kontinye ap touye moun. Lefètke nou vin bouke ak restriksyon yo, nou ka chèche plis libète, sa ki ka vin yon danje ni pou nou ni pou lòt moun.

 Pandan moman stresan sa yo, anpil moun ap viv pawòl sa yo ki nan Bib la: “Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs.” ​(Pwovèb 24:10). Bib la bay plizyè prensip ki ka ede n fè fas ak sitiyasyon ki ka dekouraje n, san wete pandemi sa a.

 Ki prensip nan Bib la ki ka ede n ak fatig ki lye ak pandemi an?

  •   Kenbe distans, men toujou kenbe kontak

     Men sa Bib la di: ‘Yon bon zanmi se yon moun ou ka konte sou li lè gen malè.’ — Pwovèb 17:17.

     Poukisa sa enpòtan?: Se paske vrè zanmi fòtifye youn lòt (1 Tesalonisyen 5:11). Men, si n met kò n apa, sa ka gen yon move efè sou sante n. — Pwovèb 18:1.

     Eseye fè sa: Kenbe kontak ak zanmi w yo pa mwayen telefòn, apèl videyo, imel oswa mesaj tèks. Chèche pale ak kèk zanmi lè w ap pase yon move jounen, epi rele yo regilyèman pou w pran nouvèl yo. Youn kapab pataje avèk lòt sa n fè ki ede n fè fas ak pandemi an. Chèche wè sa w ka fè pou w ede yon zanmi, konsa ni ou menm ni li menm ap pase yon pi bon jounen.

  •   Byen pwofite tan nou vin genyen pandan peryòd sa a

     Men sa Bib la di: “Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — Efezyen 5:16.

     Poukisa sa enpòtan?: Lè n byen sèvi ak tan nou, sa ka ede n ret pozitif e sa ka ede n gen mwens enkyetid. — Lik 12:25.

     Eseye fè sa: Olye n ret konsantre sou sa n pa ka fè ankò, chèche wè kèk lòt bagay nou ka pwofite fè pandan moman an. Pa egzanp, èske kounye a ou vin gen tan pou w fè kèk pwojè oswa èske w ka chèche gen kèk nouvo pastan? Èske w ka pase plis tan ak fanmi w?

  •   Chèche gen yon bon woutin

     Men sa Bib la di: “Se pou tout bagay fèt [...] nan lòd.” — 1 Korentyen 14:40.

     Poukisa sa enpòtan?: Anpil moun santi yo pi alèz e yo pi kontan lè yo gen yon bon woutin.

     Eseye fè sa: Fè yon pwogram ki koresponn ak sitiyasyon w ye kounye a. Rezève tan pou w fè devwa, pou w travay, pou w fè kèk aktivite nan kay la e pou w vin pi pwòch ak Bondye. Rezève tan tou pou lòt aktivite tankou pase tan ak fanmi w, fè yon ti soti deyò, e pou w fè yon ti spò. Detanzantan, regade pwogram ou te fè a e fè ajisteman si sa nesesè.

  •   Chèche adapte w ak chanjman tanperati a

     Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” — Pwovèb 22:3.

     Poukisa sa enpòtan?: Selon kote w ap viv la, lè tanperati a chanje ou ka pa jwenn ase solèy oswa bon ti van fre, e nou bezwen bagay sa yo pou sante nou.

     Eseye fè sa: Lè w nan sezon fredi, eseye fè ti chanjman anndan kay la oswa kote w travay la pou w rive jwenn plis solèy. Planifye kèk aktivite w ka fè deyò menmsi l ta fè frèt. Si sa posib, achte rad pou fredi k ap pèmèt ou pase plis tan deyò.

     Lè se sezon chalè, ap gen plis moun k ap pase tan deyò, donk fè atansyon. Byen planifye kote w gen pou w ale, epi eseye ale nan yon lè ki pap gen anpil moun.

  •   Kontinye suiv konsiy sekirite ki gen rapò ak COVID-19 la

     Men sa Bib la di: “Moun ki sòt la radi e li twò kwè nan tèt li.” — Pwovèb 14:16.

     Poukisa sa enpòtan?: COVID-19 la se yon maladi ki touye moun, si n pa fè atansyon nou ka trape l.

     Eseye fè sa: Kontinye verifye konsiy pwofesyonèl yo bay pou zòn kote w rete a e egzamine si w toujou suiv konsiy sa yo. Reflechi sou efè aksyon w ka genyen ni sou ou, ni sou fanmi w, ni sou lòt moun.

  •   Chèche gen yon relasyon ki pi sere ak Bondye

     Men sa Bib la di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

     Poukisa sa enpòtan?: Bondye ka ede w fè fas ak nenpòt pwoblèm. — Ezayi 41:13.

     Eseye fè sa: Li kèk vèsè nan Labib, Pawòl Bondye a, chak jou. Pwogram lekti Labib sa a kapab ede w fè sa.

 Ou kapab kontakte Temwen Jewova yo pou w konnen ki jan w ka pwofite dispozisyon yo pran pou yo kontinye reyini ansanm pandan pandemi COVID-19 la. Pa egzanp, toupatou sou tè a, yo itilize videyo konferans pou yo fè reyinyon kongregasyon yo, pou yo selebre lanmò Jezi e pou yo fè kongrè yo.

 Kèk vèsè ki ka ede n

 Ezayi 30:15: “Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou.”

 Sa sa vle di: Lè n gen konfyans nan konsèy Bondye bay, sa ka ede n rete kalm nan moman difisil yo.

 Pwovèb 15:15: “Pa gen yon jou ki bon pou yon moun ki nan lapenn, men, yon moun ki gen kè kontan toujou ap fete.”

 Sa sa vle di: Lè n ret konsantre sou bagay ki pozitif, sa ka ede n jwenn kè kontan menm nan moman difisil yo.

 Pwovèb 14:15: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.”

 Sa sa vle di: Suiv konsiy yo bay pou pwoteje sante nou, pa kouri kwè moun ki di bagay sa yo pa nesesè.

 Ezayi 33:24: “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’”

 Sa sa vle di: Bondye pwomèt li pral elimine tout kalite maladi.