Jezi pral fini ak lagè
Lè Jezi te sou tè a, li te montre li renmen moun anpil. Li te tèlman renmen moun, sa te fè l bay lavi l pou yo (Matye 20:28; Jan 15:13). Talè konsa, li pral montre ankò ki jan l renmen lèzòm lè l pral sèvi ak pouvwa l genyen antanke Wa nan Wayòm Bondye a pou l “fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a”. — Sòm 46:9.
Gade ki jan Bib la pale de sa Jezi pral fè:
“L ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a, l ap delivre malere a ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l. L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo, l ap sove lavi moun ki pòv yo. L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — Sòm 72:12-14.
Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sa Jezi deja fè pou nou ak sa l pral fè pou nou talè konsa? Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou aprann plis bagay sou mesaj Jezi te preche a, anpalan de “bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Lik 4:43.) Li atik “Ki sa Wayòm Bondye a ye?”