Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Egzòd 20:12 — “Onore papa nou ak manman nou”

Egzòd 20:12 — “Onore papa nou ak manman nou”

 “Onore papa nou ak manman nou pou n ka viv lontan nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an.” — Egzòd 20:12, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.” — Egzòd 20:12, Bib la.

Sa Egzòd 20:12 vle di

 Bondye te bay Izrayelit nan tan lontan yo lòd pou yo onore paran yo. Lefètke l te fè yon pwomès anplis kòmandman sa a, sa te ba yo yon lòt rezon pou yo obeyi l. Byenke kretyen yo pa gen pou yo suiv Lwa Bondye te bay Izrayelit yo oswa Lwa Moyiz la, prensip Bondye yo pa chanje. Prensip ki te sèvi kòm baz pou Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz yo toujou valab, kidonk, yo enpòtan pou kretyen yo. — Kolosyen 3:20.

 Tout pitit, kit yo piti kit yo gran, dwe onore paran yo lè yo respekte yo e lè yo obeyi yo (Levitik 19:3; Pwovèb 1:8). Menm lè yo fin grandi e yo gen pwòp fanmi pa yo, yo dwe kontinye renmen paran yo e yo dwe kontinye ede yo. Pa egzanp, yo veye pou paran yo jwenn bonjan swen yo bezwen pandan yo granmoun, e yo menm ba yo kòb pou ede yo lè sa nesesè. — Matye 15:4-6; 1 Timote 5:4, 8.

 N ap remake timoun Izrayelit yo te dwe onore ni papa yo ni manman yo, konsa, yo te montre yo rekonèt wòl enpòtan manman yo jwe nan fanmi an (Pwovèb 6:20; 19:26). Jodi a, timoun yo dwe fè menm bagay la.

 Lòd pou yon moun onore paran l lan te toujou gen limit. Yon Izrayelit pa t dwe obeyi paran l, oubyen nenpòt lòt moun, si sa t ap fè l dezobeyi Bondye (Detewonòm 13:6-8). Menm jan an tou jodi a, “se Bondye” kretyen yo “obeyi antanke chèf, se pa lèzòm”. — Travay 5:29.

 Nan Lwa Bondye te bay Izrayelit yo, li te pwomèt timoun ki onore paran yo t ap “viv lontan e [...] tout bagay [t ap] mache byen” pou yo nan peyi Bondye ba yo a (Detewonòm 5:16). Yo pa t ap sibi menm konsekans ak timoun ki vin gran ki meprize lwa Bondye a e ki rebele kont paran yo (Detewonòm 21:18-21). Tan yo chanje, men, prensip ki sèvi kòm baz pou lwa sa yo pa chanje (Efezyen 6:1-3). Kit nou jèn kit nou granmoun, nou gen kont pou n rann Kreyatè nou an. E jan l pwomèt sa a, pitit ki obeyi l e ki obeyi paran yo ap viv lontan. Anfèt, yo gen esperans pou yo viv pou toutan. — 1 Timote 4:8; 6:18, 19.

Kontèks Egzòd 20:12

 Nou ka aprann yon bagay enteresan lè nou wè plas kote yo mete kòmandman ki nan Egzòd 20:12 la nan Dis Kòmandman yo, oswa Dis Pawòl yo (Egzòd 20:12, 1-17). Kòmandman ki vin anvan l yo bay esplikasyon sou obligasyon Izrayelit yo genyen anvè Bondye, tankou nesesite pou se li sèl yo adore. Kòmandman ki vin apre l yo bay esplikasyon sou obigasyon yo genyen anvè moun parèy yo, sa gen ladan l kòmandman pou yo fidèl ak moun yo marye avè l la e pou yo pa vòlè. Kidonk, yo konsidere kòmandman ki di “onore papa nou ak manman nou” an kòm yon pon ki relye de gwoup kòmandman sa yo.

Li Egzòd chapit 20 ansanm ak nòt yo ak referans yo.