Al gade sa k anndan l

Èske y ap detwi tè a?

Èske y ap detwi tè a?

Repons Bib la bay

 Non, tè a pap janm ni detwi, ni boule nan dife, ni ranplase. Labib anseye Bondye te kreye tè a pou yo abite sou li pou toutan.

  •   “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

  •   “[Bondye] mete tè a chita sou fondasyon l, tè a pap janm deplase kite kote l ye a pou tout tan gen tan.” — Sòm 104:5.

  •   “Tè a ret la pou toutan.” — Eklezyas 1:4.

  •   ‘Sila a ki te fè tè a e ki fè l rete byen djanm nan [...] pa t annik kreye l pou granmesi, men [li] te fè l pou moun rete sou li.’ — Ezayi 45:18.

Èske lèzòm ap rive detwi tè a?

 Bondye pap kite lèzòm rive detwi tè a nèt ak polisyon, lagè oswa nenpòt sa l ta ye a. Okontrè, li pral “detwi moun k ap detwi tè a”. (Revelasyon 11:18.) Ki jan Bondye pral fè sa?

 Bondye pral mete Wayòm li an ki pafè ki nan syèl la nan plas gouvènman lèzòm yo, ki pa gen kapasite pou yo pwoteje tè a (Dànyèl 2:44; Matye 6:9, 10). Wayòm sa a se Jezi Kris, Pitit Bondye a, ki pral dirije l (Ezayi 9:6, 7). Lè Jezi te sou tè a, li te montre li gen pouvwa sou bagay ki gen nan lanati yo e li konn fè mirak (Mak 4:35-41). Antanke Wa Wayòm Bondye a, Jezi gen tout pouvwa sou tè a ak sa k ladan l yo. L ap refè, oswa ranje, kondisyon ki gen sou tè a, konsa l ap fè yo vin menm jan sa te ye nan jaden Edenn nan. — Matye 19:28; Lik 23:43.

Èske Labib pa anseye tè a pral boule nan dife?

 Non, li pa anseye sa. Gen moun ki konn konprann sa lè yo mal entèprete pawòl nou jwenn nan 2 Pyè 3:7, kote yo di: “Syèl ak tè ki la kounye a, yo mete yo la pou dife.” Ann egzamine de pwen enpòtan k ap ede n konprann sans pawòl sa yo:

  1.   Labib itilize mo “syèl”, “tè” ak “dife” pou l fè referans ak plizyè bagay. Pa egzanp, Jenèz 11:1 di: “Tout tè a te pale yon sèl lang.” La a, mo “tè” a fè referans ak sosyete lèzòm nan.

  2.   Kontèks 2 Pyè 3:7 la fè n konprann sans mo syèl, tè ak dife yo itilize nan vèsè a. Vèsè 5 ak vèsè 6 pale sou delij nan epòk Noye a. Nan moman sa a, monn sa a ki te la nan epòk la te detwi, men planèt tè a pa t detwi. Okontrè, delij la te efase sosyete moun mechan an, ki se “tè” a (Jenèz 6:11). Li te detwi yon “syèl”, sa vle di moun ki t ap dirije sou moun ki te sou tè a lè sa a. Kidonk, se mechan yo ki te detwi, se pa tè n ap viv sou li a. Noye ak fanmi l te sove anba destriksyon ki te ale ak monn sa a, epi se yo ki te abite sou tè a apre delij la. — Jenèz 8:15-18.

 Menm jan dlo delij la te detwi moun yo, se konsa tou destriksyon an, sa vle di “dife” yo pale de li nan 2 Pyè 3:7 la pral mete yon fen nan monn mechan ki egziste a, se pa tè a li pral detwi. Bondye pwomèt pral gen “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf”, e “jistis ap abite” ladan yo (2 Pyè 3:13). “Syèl tounèf” la, sa vle di yon lòt gwoup dirijan, ki se Wayòm Bondye a, pral dirije yon “tè tounèf”, sa vle di yon nouvo sosyete lèzòm. Lè Wayòm sa a ap dirije tè a, tè a pral vin tounen yon paradi, kote gen lapè. — Revelasyon 21:1-4.