Al gade sa k anndan l

Ki de rezon ki fè Bondye pa koute tout priyè?

Ki de rezon ki fè Bondye pa koute tout priyè?

Repons Bib la bay

 Se pa tout priyè Bondye koute. Ann wè de rezon ki kapab fè Bondye pa koute priyè yon moun fè.

1. Lè priyè a pa fèt selon volonte Bondye

 Bondye pa reponn priyè ki pa fèt selon volonte l, oswa ki pa ann amoni ak sa l mande pou moun fè ki nan Bib la (1 Jan 5:14). Pa egzanp, Bib la mande pou nou evite vin ava. Jwèt aza ankouraje avidite (1 Korentyen 6:9, 10). Donk, Bondye pap reponn priyè w si w ap priye l pou w ka genyen nan yon lotri. Bondye pa la jis pou l reponn tout priyè yon moun fè selon chak dezi li genyen. Anfèt, ou kapab montre w rekonesan pou sa. Sinon, ou ta ka bay tèt ou pwoblèm pou sa lòt moun ap mande Bondye fè (Jak 4:3).

2. Lè moun k ap priye a se yon moun ki dezobeyisan

 Bondye pa koute priyè moun ki pran plezi nan dezobeyi l. Pa egzanp, Bondye te di moun ki te pretann yo t ap sèvi l, men ki t ap fè sa ki mal: “Malgre n ap fè anpil priyè, Mwen pap koute nou. Men nou chaje ak san” ​(Ezayi 1:15). Men si yo te chanje konpòtman yo epi yo te “ranje bagay yo” ak Bondye, li t ap koute yo lè yo te priye l (Ezayi 1:18).