Al gade sa k anndan l

Ki sa Labib anseye sou don pou moun pale divès lang nan?

Ki sa Labib anseye sou don pou moun pale divès lang nan?

Repons Bib la bay

 “Don pou moun pale divès lang” nan gen rapò ak yon kapasite kèk kretyen nan premye syèk la te vin genyen pa mirak, sa ki te pèmèt yo pale yon lang san yo pa t aprann lang nan (Travay 10:46, New International Version). Lè moun nan te pale, nenpòt lòt moun ki te konn lang nan te ka konprann sa l t ap di yo byen fasil (Travay 2:4-8). Kapasite sa a kèk kretyen nan premye syèk la te genyen pou yo pale divès lang nan te yon don pami lòt lespri sen Bondye te bay yo. — Ebre 2:4; 1 Korentyen 12:4, 30.

 Ki lè don sa a pou moun pale divès lang nan te parèt e ki kote?

 Premye fwa mirak sa a te fèt, se te nan maten jou fèt juif yo rele Pannkòt la, nan ane 33 epòk nou an. Jou sa a, 120 disip Jezi te reyini ansanm lè “yo tout vin ranpli ak lespri sen, e yo kòmanse pale divès lang” (Travay 1:15; 2:1-4). Te gen yon gwo foul moun “ki te soti nan tout nasyon sou tè a” ki te reyini e “yo chak te tande disip yo k ap pale nan lang pa yo”. — Travay 2:5, 6.

 Nan ki objektif kretyen yo te gen don pou yo pale divès lang?

  1.   Pou montre Bondye te avèk kretyen yo. Nan tan lontan, Bondye te fè mirak pou l montre li te avèk sèvitè fidèl li yo, tankou Moyiz pa egzanp (Egzòd 4:1-9, 29-31; Nonb 17:10). Donk, Bondye te pèmèt kèk moun pou yo pale divès lang nan menm objektif la, sa vle di pou l montre li te avèk kongregasyon kretyen an ki te fèk fòme a. Apot Pòl te ekri: “Pale nan lòt lang se pa yon siy pou moun ki kwayan, men se yon siy pou moun ki pa kwayan.” (1 Korentyen 14:22).

  2.   Pou pèmèt kretyen yo bay yon temwayaj konplè. Moun ki te tande disip Jezi yo pale nan jou Pannkòt la te di: “Nou tande yo k ap pale nan lang pa nou sou bagay estrawòdinè Bondye fè.” (Travay 2:11). Anplis de sa, yon lòt objektif enpòtan ki fè Bondye te akonpli mirak sa a, se te pou pèmèt kretyen yo “bay yon temwayaj konplè” e pou yo “fè disip pami moun tout nasyon” jan Jezi te bay yo lòd fè sa (Travay 10:42; Matye 28:19). Anviwon 3 000 moun ki te wè mirak sa a fèt devan yo e ki te tande temwayaj yo te bay la, te tou vin disip nan menm jou sa a. — Travay 2:41.

 Èske don sa a t ap rete pou toutan?

 Non. Don pou moun pale divès lang nan menm jan ak lòt don lespri sen te bay yo, se pou yon tan Bondye te bay yo. Bib la te gentan fè konnen: “Kit se don pou moun pwofetize, don pou moun pale nan lòt lang [...] y ap disparèt.” (1 Korentyen 13:8).

 Ki lè don pou moun pale nan divès lang nan te disparèt?

 An jeneral, se nan men apot yo kretyen yo te konn resevwa don lespri sen bay, lè apot yo te poze men yo sou yo (Travay 8:18; 10:44-46). E sanble, sila yo ki te resevwa don nan men apot yo pa t fè lòt moun jwenn don sa yo (Travay 8:5-7, 14-17). Pou n bay yon egzanp, yon anplwaye Leta kapab bay yon sitwayen lisans li pou l kondui men, Leta pa bay moun sa a otorizasyon pou l bay yon lòt moun lisans. Sanble don pou moun pale divès lang nan te vin disparèt lè apot yo mouri e lè moun ki te jwenn don yo a nan men apot yo te vin mouri tou.

 Jodi a, ki sa nou ka di sou don pou moun pale nan divès lang nan?

 Sa parèt klè, mirak sa a ki fè moun pale nan divès lang nan te sispann nan zòn fen premye syèk nan epòk nou an. Jodi a, pèsonn pa gen dwa deklare se pa mwayen lespri Bondye li kapab pale nan lang. a

 Ki jan pou n rekonèt vrè kretyen yo?

 An reyalite, Jezi te di se lanmou ki pouse moun fè sakrifis k ap fè yo wè kiyès ki disip li yo (Jan 13:34, 35). Se menm jan an tou, apot Pòl te anseye se lanmou ki t ap yon mak fabrik k ap la toutan pou pèmèt moun yo rekonèt vrè kretyen yo (1 Korentyen 13:1, 8). Li te montre lespri Bondye t ap gen pou fè kalite ki mache ak sa Bib la rele “fwi lespri a” parèt lakay kretyen yo, e pami kalite sa yo, premye a se lanmou. — Galat 5:22, 23.