Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di konsènan ladim?

Ki sa Bib la di konsènan ladim?

Repons Bib la bay

 Bondye te bay Izrayelit nan tan lontan yo lòd pou yo bay ladim a, oswa yon dizyèm nan tout sa yo te antre pou ane a e sa te fè pati kontribisyon yo te dwe bay pou yo soutni vrè adorasyon an. Men sa Bondye te di yo: “Chak ane, nou dwe veye pou nou bay yon dizyèm [“ladim”, Bib la] nan tout sa grenn nou te plante nan jaden nou yo pwodui.” — Detewonòm 14:22.

 Kòmandman pou moun bay ladim nan gen rapò ak Lwa Moyiz la, ki se yon seri lwa Bondye te bay pèp Izrayèl nan tan lontan. Piske kretyen yo pa anba Lwa Moyiz la, yo pa oblije bay ladim (Kolosyen 2:13, 14). Men, chak kretyen dwe fè ofrann “jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”. — 2 Korentyen 9:7.

 Ladim nan Bib la nan “Ansyen Testaman an”

 Nan Bib la, yo pale plizyè fwa de ladim, nan pati anpil moun konnen sou non “Ansyen Testaman” an. Pifò kote yo pale de ladim se apre Moyiz te bay Izrayèl tan lontan an Lalwa (Lwa Moyiz la). Men, gen kèk kote yo pale de ladim anvan sa.

Anvan Lwa Moyiz la

 Premye moun Bib la montre ki te bay ladim se Abram, pi devan ki te vin rele Abraram (Jenèz 14:18-20; Ebre 7:4). Sanble ladim Abram te bay la, se yon kado li te ofri wa Salèm nan ki te prèt tou, men se yon sèl fwa Abram te bay kado sa a. Pa gen okenn lòt kote nan Bib la ki montre Abraram oswa pitit li yo te bay ladim ankò.

 Dezyèm moun Bib la montre ki te bay ladim, se Jakòb, pitit pitit Abraram. Li te fè yon pwomès, li te di si Bondye beni l, l ap bay Bondye “yon dizyèm nan tout sa l” resevwa (Jenèz 28:20-22). Selon kèk biblis, sanble Jakòb te bay ladim sa a sou fòm sakrifis bèt. Menm lè Jakòb te kenbe pwomès li te fè a e l te peye ladim nan, li pa t enpoze fanmi l pou yo bay ladim tou.

Anba Lwa Moyiz la

 Yo te bay Izrayelit nan tan lontan yo lòd pou yo bay ladim, se te yon fason pou yo soutni adorasyon y ap bay Bondye a.

  •   Ladim yo te konn bay la te soutni Levit yo, pami yo prèt yo, ki te konn travay aplentan nan sèvis Bondye, paske yo pa t gen pwòp tè pa yo pou yo travay (Nonb 18:20, 21). Levit ki pa t prèt yo te resevwa ladim moun yo te konn bay la, e yo menm yo te konn bay “yon dizyèm nan dizyèm” yo resevwa a e se sa k te pi bon an yo te bay. — Nonb 18:26-29.

  •   Sanble yo te dwe bay ladim yon dezyèm fwa chak ane, e ladim sa a te ni pou Levit, ni pou moun ki pa Levit (Detewonòm 14:22, 23). Fanmi Izrayelit yo te konn sèvi ak ladim sa a pandan yon seri fèt espesyal yo te konn fè, e gen ane kote yo te konn bay moun ki pòv yo li pou ede yo jwenn sa yo bezwen. — Detewonòm 14:28, 29; 26:12.

 Ki jan yo te kalkile ladim nan? Izrayelit yo te konn rezève yon dizyèm nan sa yo te konn pwodui chak ane (Levitik 27:30). Si yo te deside bay lajan nan plas bagay yo te pwodui yo, yo te dwe bay 20 pousan anplis sou dizyèm yo t ap bay la (Levitik 27:31). Epitou, “sou chak dis bèt” yo te vin gen anplis, yo te dwe bay youn. — Levitik 27:32.

 Pou Izrayelit yo te ka konnen bèt yo te dwe bay kòm ladim, yo te pran chak dizyèm bèt ki te sot nan pak yo. Lalwa te fè konnen yo pa t dwe egzamine dizyèm bèt sa yo, yo pa t dwe ni chanje yo, ni bay lajan nan plas yo (Levitik 27:32, 33). Men, yo te gendwa bay lajan nan plas dezyèm ladim yo te konn bay pou fèt yo te fè chak ane yo. Dispozisyon sa a te fè bagay yo pi fasil pou Izrayelit ki te dwe fè yon vwayaj byen long pou y al nan fèt sa yo. — Detewonòm 14:25, 26.

 Ki lè Izrayelit yo te konn bay ladim? Izrayelit yo te konn bay ladim chak ane (Detewonòm 14:22). Men, chak setan, yo te konn fè yon eksepsyon. Setyèm ane a se te yon ane saba, sa vle di yon ane repo, lè sa a, Izrayelit yo pa t dwe travay tè a (Levitik 25:4, 5). Piske se te yon okazyon espesyal, yo pa t gen pou yo mete anyen apa kòm ladim nan sezon rekòt la. Kòm chak setyèm ane se te yon ane saba, chak twazyèm ane ak sizyèm ane ki te tonbe anvan ane Saba sa yo, Izrayelit yo te dwe separe dezyèm ladim nan ak moun ki pòv yo e ak Levit yo. — Detewonòm 14:28, 29.

 Ki konsekans ki te genyen si yon Izrayelit pa t peye ladim? Lwa Moyiz la pa t fè konnen t ap gen konsekans si yo pa t peye ladim. Izrayelit yo te peye ladim paske yo te konnen se sa yo te dwe fè. Yo te dwe parèt devan Bondye pou yo di l yo te bay ladim e pou yo te mande l pou li beni yo poutèt sa (Detewonòm 26:12-15). Bondye te konsidere yon moun ki pa peye ladim kòm yon moun ki vòlè sa k pou li. — Malachi 3:8, 9.

 Èske ladim te yon chay lou? Non. Bondye te pwomèt nasyon an si pèp la te bay ladim, li t ap vide benediksyon sou yo e yo pa t ap manke anyen (Malachi 3:10). Yon lòt bò, pèp la te soufri lè yo pa t bay ladim e yo pa t ap jwenn benediksyon nan men Bondye. Epitou, prèt yo ak Levit yo te oblije al travay pou pran swen tèt yo olye yo te ede Izrayelit yo rete pwòch ak Bondye. — Neyemi 13:10; Malachi 3:7.

 Ladim nan Bib la nan “Nouvo Testaman an”

 Ladim te toujou yon obligasyon pou sèvitè Bondye yo lè Jezi te sou tè a. Men, apre lanmò Jezi, li pa t yon obligasyon ankò.

Nan epòk Jezi

 Nan Bib la, nan pati anpil moun konnen sou non “Nouvo Testaman” an, Izrayelit yo te kontinye peye ladim lè Jezi te sou tè a. Li te fè konnen se te yon obligasyon pou yo. Li te kondane chèf relijye yo ki te met aksan sou peye ladim, men ki te “neglije pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo, anpalan de jistis, mizèrikòd ak fidelite”. — Matye 23:23.

Apre lanmò Jezi

 Ladim pa t yon obligasyon apre lanmò Jezi. Sakrifis lanmò Jezi te aboli Lwa Moyiz la, sa ki gen ladan l “lòd pou yo ranmase dizyèm yo”. — Ebre 7:5, 18; Efezyen 2:13-15; Kolosyen 2:13, 14.

a Selon yon diksyonè, ladim se “yon dizyèm nan tout sa yon moun antre, moun nan mete apa pou yon rezon byen presi […]. An jeneral, lè Bib la pale de ladim, se pou adorasyon moun ap bay Bondye”. — Harper’s Bible Dictionary, paj 765.