Repons Bib la bay

Lach alyans lan se te yon kòf sakre Izrayelit yo te konstwi dapre lòd Bondye te ba yo e selon fason l te di yo fè l. Se ladan l yo te met de “wòch plat” ki te gen dis kòmandman ekri sou yo a. — Egzòd 25:8-10, 16; 31:18.

  • Fason l te fèt. Lach la te mezire, 2,5 koude longè, 1,5 koude lajè ak 1,5 koude wotè (111 x 67 x 67 santimèt). Li te fèt ak bwa akasya, li te kouvri ak lò anndan kou deyò e l te gen yon bèl travay atis arebò l. Kouvèti a te fèt ak bonjan lò e te gen de cheriben ki fèt annò sou li, youn nan chak pwent. Fas chak cheriben yo te bay sou kouvèti a e zèl yo te kontre youn ak lòt, sa ki te pèmèt yo kouvri tout kouvèti a. Lach la te gen kat bag annò pa anlè chak pye l. Yo te konn met de baton ki fèt ak bwa akasya e ki kouvri ak lò nan bag yo yon fason pou yo te ka pote lach la. — Egzòd 25:10-21; 37:6-9.

  • Kote l te ye. Okòmansman, yo te konn met lach la nan Kote ki pi sen nan tabènak la, ki se yon tant adorasyon yo te ka transpòte e ki te fèt nan menm epòk ak lach la. Gen yon rido ki te anpeche prèt yo ak pèp la wè sa k anndan Kote ki pi sen an (Egzòd 40:3, 21). Se sèlman gran prèt la ki te ka antre nan pati sa a, yon fwa chak ane nan jou Pirifikasyon an, e konsa li te konn wè lach la (Levitik 16:2; Ebre 9:7). Annapre, yo t al met lach la nan Kote ki pi sen nan tanp Salomon an. — 1 Wa 6:14, 19.

  • Rezon ki fè yo te fè l. Lach la te tankou yon achiv kote yo te sere kèk bagay sakre ki t ap fè Izrayelit yo sonje alyans oswa angajman yo te pran ak Bondye nan mòn Sinayi a. Li te jwe yon wòl enpòtan nan seremoni yo te konn fè nan jou Pirifikasyon an. — Levitik 16:3, 13-17.

  • Sa k te ladan l. Wòch plat ki te gen dis kòmandman yo se premye bagay yo te met nan lach la (Egzòd 40:20). Pi devan, yo te vin ajoute yon ja annò ki te gen lamàn ansanm ak “baton Arawon [an] ki te boujonnen”. (Ebre 9:4; Egzòd 16:33, 34; Nonb 17:10.) Rive yon lè, petèt yo te retire ja a ak baton an paske yo pa t jwenn yo nan lach la lè yo t al mete l nan tanp lan. — 1 Wa 8:9.

  • Fason yo te konn pote l. Levit yo te dwe sèvi ak baton ki fèt ak bwa akasya yo pou yo te pote lach la sou zepòl yo (Nonb 7:9; 1 Kwonik 15:15). Etandone baton yo te toujou ret atache nan lach la, konsa, Levit yo pa t janm touche lach la (Egzòd 25:12-16). Yo te konn sèvi ak “rido” ki te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an pou kouvri lach la pandan y ap pote l *. — Nonb 4:5, 6.

  • Sa l te reprezante. Lach la te gen rapò ak prezans Bondye. Pa egzanp, nyaj ki te konn parèt sou lach la nan Kote ki pi sen an ak nan moman Izrayelit yo te konn monte tant yo te yon siy ki montre prezans Jewova ak benediksyon l (Levitik 16:2; Nonb 10:33-36). Anplis de sa, Bib la di Jewova “chita sou twòn [li] anlè cheriben yo”, sa ki fè referans ak de cheriben ki sou kouvèti lach la (1 Samyèl 4:4; Sòm 80:1). Konsa, cheriben sa yo se te “reprezantasyon charyo” Jewova a (1 Kwonik 28:18). Akoz de sa lach la te reprezante a, wa David te ka ekri Jewova “abite nan Siyon” apre yo te fin pote lach la nan mòn Siyon. — Sòm 9:11.

  • Lòt non l te genyen. Bib la sèvi ak plizyè ekspresyon pou pale de kòf sakre sa a, tankou “lach alyans lan”, “Lach Jewova a” ,“Lach [...] ki montre fòs” Jewova a. — Nonb 7:89; Jozye 3:6, 13; 2 Kwonik 6:41.

    Yo te rele kouvèti lach la “kouvèti pou padon an”. (1 Kwonik 28:11.) Ekspresyon sa a fè referans ak wòl espesyal kouvèti a te jwe nan jou Pirifikasyon an, lè gran prèt Izrayèl la te konn voye san bèt yo te sakrifye a nan direksyon kouvèti a ak devan kouvèti a. Aksyon sa a gran prèt la te konn fè a te pèmèt li jwenn padon pou peche l, pou peche “moun lakay li e pou [peche] tout pèp Izrayèl la”. — Levitik 16:14-17.

Èske lach alyans lan egziste jodi a?

Pa gen okenn prèv ki montre sa. Bib la montre lach la pa nesesè ankò etandone gen “yon nouvo alyans”, ki baze sou sakrifis Jezi a, ki vin ranplase alyans ki te asosye avè l la (Jeremi 31:31-33; Ebre 8:13; 12:24). Konsa, Bib la te predi yon tan kote lach alyans lan pa t ap la ankò e pèp Bondye a pa t ap bezwen l. — Jeremi 3:16.

Nan yon vizyon apot Jan te resevwa apre etablisman nouvo alyans lan, li te wè lach alyans lan parèt nan syèl la (Revelasyon 11:15, 19). Lach senbolik sa a reprezante prezans Bondye ak benediksyon l ap bay grasa nouvo alyans lan.

Èske lach la te gen yon pouvwa majik?

Non. Lè yon moun te gen lach alyans lan avè l sa pa t ba l garanti l ap reyisi. Pa egzanp, Izrayelit yo te pote lach la nan kan yo a lè yo t al goumen ak vil Ayi, men, yo te pèdi batay la etandone youn nan yo pa t fidèl (Jozye 7:1-6). Pi devan, yo te pèdi yon batay devan moun Filisti yo aktout yo te pote lach alyans lan nan batay la. Yo te pèdi batay sa a akoz mechanste Ofni ak Fineyas, de prèt ann Izrayèl (1 Samyèl 2:12; 4:1-11). Moun Filisti yo te pran lach la nan batay sa a, men, Bondye te lage flewo sou yo jiskaske yo pote l tounen Izrayèl. — 1 Samyèl 5:11–6:5.

Istwa lach alyans lan

Ane (ANV.E.N.)

Evènman

1513

Betsalèl ak moun k ap travay avè l yo sèvi ak ofrann Izrayelit yo pou yo fè l. — Egzòd 25:1, 2; 37:1.

1512

Moyiz inogire l ansanm ak tabènak la ak fonksyon prèt la. — Egzòd 25:1, 2; 37:1.

1512 — Apre 1070

Yo deplase l mennen plizyè kote. — Jozye 18:1; Jij 20:26, 27; 1 Samyèl 1:24; 3:3; 6:11-14; 7:1, 2.

Apre 1070

Wa David pote l Jerizalèm. — 2 Samyèl 6:12.

1026

Yo mennen l nan tanp Salomon an nan Jerizalèm. — 1 Wa 8:1, 6.

642

Wa Jozyas remete l nan tanp lan. — 2 Kwonik 35:3 *.

Anvan 607

Sanble yo te retire l nan tanp lan paske yo pa site l nan lis bagay moun Babilòn yo te pran lè yo te detwi tanp lan nan ane 607 anvan epòk nou an, ni li pa t fè pati lis bagay ki te retounen Jerizalèm yo pi devan. — 2 Wa 25:13-17; Esdras 1:7-11.

63

Ponpe, yon jeneral women, fè konnen l pa t nan tanp lan lè l te anvayi Jerizalèm epi l t al enspekte Kote ki pi sen nan tanp lan *.

^ § 8 Lè Izrayelit yo te dezobeyi lwa Bondye te bay sou fason pou yo pote lach la, yo te sibi anpil konsekans terib. — 1 Samyèl 6:19; 2 Samyèl 6:2-7.

^ § 31 Bib la pa di ki lè yo te deplase l, poukisa yo te fè sa, ni kiyès ki te deplase l.

^ § 35 Gade The Histories, liv V paragraf 9 (anglè) dapre Tasit.