Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la ye?

Ki sa Bib la ye?

Repons Bib la bay

 Kèk verite konsènan Bib la

  •   Kiyès ki te ekri Bib la? Se nan Bondye Bib la soti, men li te sèvi ak anviwon 40 gason pou ekri l. Pami mesye sa yo gen Moyiz, Wa David, Matye, Mak, Lik ak Jan a. Bondye te mete panse l yo nan lespri moun sa yo yon fason pou yo te ka ekri mesaj li ba yo a. — 2 Timote 3:16.

     Men yon egzanp: Si yon biznismann mande sekretè l pou l ekri yon mesaj pou li, e petèt li ka menm di l sa pou l di nan mesaj la, se toujou biznismann nan ki mèt mesaj la. Menm jan an tou, menm lè Bondye te sèvi ak moun pou ekri mesaj li a, se li ki Mèt Bib la.

  •   Ki sa mo “Bib” la vle di? Mo “Bib” la soti nan bibliya, yon mo grèk ki vle di “ti liv”. Rive yon lè, mo bibliya a te vin fè referans ak tout ti liv ki nan Bib la.

  •   Ki lè yo te ekri Bib la? Yo te kòmanse ekri Bib la nan ane 1513 anvan epòk nou an e yo te fin ekri l plis pase 1 600 ane apre sa, nan zòn ane 98 epòk nou an.

  •   Kote premye Bib la? Selon sa yo konnen tout Bib ki egziste jodi a se kopi yo ye. Se paske moun ki te patisipe nan ekri Bib la te sèvi ak yon seri materyo ki pa konsève pandan lontan tankou papiris ak pachemen, ki te disponib nan epòk la. Men, moun ki te patisipe nan rekopye Bib la te fè sa avèk anpil swen pandan plizyè syèk. Konsa, yo te konsève sa k nan Bib la pou moun ki t ap gen pou yo li l pi devan yo.

  •   Ki sa “Ansyen Testaman” ak “Nouvo Testaman” an ye? Sa yo abitye rele Ansyen Testaman an fè referans ak pati nan Bib la ki te ekri ann ebre b a, yo rele l Liv ki te ekri ann ebre yo tou. Pati yo rele Nouvo Testaman an fè referans ak seksyon ki te ekri nan lang grèk la, yo rele l Liv ki te ekri an grèk yo. Toule de pati sa yo ansanm fòme yon liv antye yo rele Labib c.

  •   Ki sa k gen nan Bib la? Nan Bib la, gen istwa, lwa, pwofesi, pwezi, pwovèb, chante ak lèt. — Gade “ Lis liv ki nan Bib la”.

 Sou ki sa Bib la pale?

 Bib la kòmanse ak yon ti pale sou lè Bondye ki Toupisan te kreye syèl la ak tè a. Li sèvi ak Bib la pou l fè nou konnen l nan non l, ki se Jewova, konsa li envite lèzòm aprann konnen l. — Sòm 83:18.

 Bib la fè konnen yo te fè manti sou Bondye e li montre fason li pral fè moun konn kiyès li ye toutbon.

 Bib la fè konnen ki objektif Bondye gen pou lèzòm e pou tè a. Li montre ki jan talè konsa Bondye pral elimine sa ki lakòz lèzòm ap soufri.

 Bib la bay bonjan konsèy sou fason pou n viv chak nou. Men kèk egzanp:

  •   Fason pou n gen bon relasyon ak moun. “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” — Matye 7:12.

     Sa l vle di: Nou dwe aji ak lòt moun fason nou ta renmen yo aji avèk nou.

  •   Fason pou n jere strès. “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l.” — Matye 6:34.

     Sa l vle di: Olye n ap plede bay tèt nou pwoblèm pou sa k ka rive alavni, l ap pi bon pou n konsantre sou sitiyasyon nou nan moman an.

  •   Fason pou n gen kè kontan nan maryaj nou. “Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” — Efezyen 5:33.

     Sa l vle di: Lanmou ak respè se de bagay ki enpòtan anpil pou yon maryaj reyisi.

 Èske yo te fè chanjman nan Bib la?

 Non. Espesyalis yo te pran tan pou yo konpare maniskri ki te la lontan yo ak Bib ki la jodi a e yo vin wè mesaj ki te nan Bib la okòmansman an pa chanje. Sa fè sans, paske si Bondye vle pou moun li mesaj li bay la e pou yo konprann li, se nòmal pou l veye pou yo pa chanje mesaj li d. — Ezayi 40:8.

 Poukisa gen tout tradiksyon Labib sa yo?

 Pifò moun k ap li Bib la jodi a pa konprann lang yo te itilize pou yo ekri Bib la okòmansman yo. Men, Bib la gen “bon nouvèl” pou “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”. (Revelasyon 14:6.) Se pou rezon sa a, moun yo bezwen jwenn Bib la nan yon lang yo ka konprann pou yo ka li l e pou yo ka byen konprann mesaj Bondye bay la.

 Gen twa fason yo fè tradiksyon Labib:

  •   Yon tradiksyon mo pou mo, yo fè l yon fason ki literal.

  •   Yon tradiksyon kote yo tradui ide yo ki sèvi ak mo ki bay sans mesaj ki nan tèks orijinal la.

  •   Yon tradiksyon lib. Tradiksyon sa a fè anpil chanjman nan sa k di nan tèks la yon fason pou moun pran plezi li l. Men, pafwa gwo chanjman yo fè nan tradiksyon sa yo konn fè yo pèdi vrè sans sa ki di a.

 Nan yon bon tradiksyon Labib, yo fè efò pou yo sèvi ak yon langaj ki modèn, moun ka konprann, toutpandan yo bay mesaj Bondye voye pou lèzòm nan san yo pa chanje l e.

 Kiyès ki deside ki sa k dwe nan Bib la?

 Se Bondye ki deside ki sa k dwe nan Bib la, paske se li ki Mèt li. Okòmansman, Bondye te chwazi nasyon Izrayèl tan lontan an pou l “konfye [l] deklarasyon sakre Bondye yo”, konsa, se yo menm ki te gen Liv ki ekri ann ebre yo nan men yo. — Women 3:2.

 Èske gen liv nan Bib la ki disparèt?

 Non. Bib la konplè. Pa gen okenn liv ladan l ki “pèdi”. Gen moun ki fè konprann gen kèk liv ki te egziste nan tan lontan ki fè pati Bib la, men yo te kache yo f. Men, Bib la montre fason pou yon moun verifye si l kòrèk (2 Timote 1:13). Lè n suiv metòd Bib la bay, nou wè liv Bondye enspire yo mache byen youn ak lòt. Nou pa ka di sa pou liv ki te ekri nan tan lontan moun vle fè konprann ki nan Bib la g.

 Fason pou n jwenn vèsè ki nan Bib la

  Lis liv ki nan Bib la

a Pou w jwenn yon lis ki gen tout liv nan Bib la, ki gen moun ki te ekri yo a ak ki lè yo te ekri yo, tanpri al nan “Enfòmasyon sou liv ki nan Bib la”.

b Gen kèk ti pati nan Bib la yo te ekri nan lang arameyen, yon lang ki pwòch ak lang ebre.

c Gen anpil moun k ap li Bib la ki prefere di “Liv ki te ekri ann ebre yo” ak “Liv ki te ekri an grèk yo”. Lè yo sèvi ak ekspresyon sa yo sa ede yo pa bay enpresyon “Ansyen Testaman” an pase mòd e “Nouvo Testaman” an ranplase l.

e Anpil moun pran plezi li Labib — Tradiksyon monn nouvo a paske li egzak e li fasil pou moun li. Gade “Èske Tradiksyon monn nouvo a egzat?

f An jeneral yo rele liv sa yo liv Apokrif. Selon Encyclopædia Britannica, “nan piblikasyon kote y ap pale de Bib la, [ekspresyon sa a fè referans ak] bagay yo ekri ki pa nan kanon ekriti yo”, sa vle di ki pa fè pati lis liv moun konnen depi lontan ki nan Bib la.