Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou dinozò yo?

Ki sa Bib la di sou dinozò yo?

Repons Bib la bay

 Pa gen yon kote nan Bib la yo pale dirèkteman de dinozò. Sepandan, Labib fè louwanj pou Bondye, antanke Sila a ki “kreye tout bagay” la, se sa k fè, li klè, dinozò pami bagay li te kreye yo a (Revelasyon 4:11). Se vre Labib pa site dinozò yo dirèkteman, men li pale de kèk gwoup bèt Bondye te kreye ki ka gen dinozò yo ladan yo:

  •   “Gwo bèt ki nan lanmè yo”, oubyen “mons yo”. — Jenèz 1:21; New American Bible.

  •   “Tout kalite bèt k ap rale sou vant sou tè a.” — Jenèz 1:25.

  •   “Bèt nan bwa ki sou tè a.” — Jenèz 1:25.

Èske se lòt bèt ki te evolye pou yo vin bay dinozò yo?

 Dinozò yo pa t parèt tikras pa tikras, tankou w ta di se evolye yo te evolye, okontrè, yo te parèt yon sèl kou, jan fosil yo montre sa. E sa ann akò ak sa Labib di, kote l montre se Bondye ki kreye tout bèt yo. Pa egzanp, Sòm 146:6 fè konnen Bondye se “Sila a ki fè syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo”.

Ki lè dinozò yo te egziste?

 Labib di Bondye te kreye bèt ki nan lanmè a ak bèt ki sou tè a nan senkyèm ak sizyèm jou kreyasyon an, oswa senkyèm ak sizyèm peryòd nan kreyasyon an b (Jenèz 1:20-25, 31). Konsa, Labib pèmèt nou kwè Bondye te kreye dinozò yo e li pèmèt nou di yo te egziste pandan yon bon bout tan.

Èske Beyemòt ak Levyatan se te dinozò?

 Non. Byenke yo pa ka konnen ki bèt Beyemòt ak Levyatan yo mansyone nan liv Jòb la ye egzakteman, an jeneral, yo di Beyemòt se ipopotam e Levyatan se kwokodil. Bèt sa yo sanble ak deskripsyon Bib la bay yo (Jòb 40:15-23; 41:1, 14-17, 31). Antouka, mo “Beyemòt” ak “Levyatan” an pa ka fè referans ak dinozò yo. Bondye te di Jòb pou l egzamine bèt yo pèsonèlman, e Jòb te viv lontan apre dinozò yo te disparèt. — Jòb 40:16; 41:8.

Ki sa k rive dinozò yo?

 Bib la pa di anyen sou fason dinozò yo disparèt. Men, li fè nou konnen “se paske [Bondye] te vle” ki fè l te kreye tout bagay, donk, li klè, Bondye te gen yon objektif ki fè l te kreye dinozò yo (Revelasyon 4:11). Lè objektif sa a te fin reyalize, Bondye te kite dinozò yo disparèt.

a Divès fosil bèt yo (kakas zo oswa restan bèt yo jwenn apre anpil ane) montre dinozò yo te egziste. An reyalite, fosil yo montre pandan yon tan, te gen anpil dinozò sou tè a, yo te gen divès kalite fòm ak gwosè.

b Nan Bib la, mo “jou” a ka vle di peryòd tan ki dire plizyè milye ane. — Jenèz 1:31; 2:1-4; Ebre 4:4, 11.