Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Fason n ka kite aparèy elektwonik yo nan plas yo

Fason n ka kite aparèy elektwonik yo nan plas yo

 Fason nou sèvi ak aparèy elektwonik yo kapab fè maryaj nou vin pi djanm oswa yo ka afekte relasyon nou genyen ak moun nou marye avè l la. Ki efè sa genyen sou maryaj pa w?

 Sa w dwe konnen

  •   Si n byen sèvi ak aparèy elektwonik yo, sa ka ede maryaj nou. Pa egzanp, gen kèk mari ak madanm ki sèvi ak aparèy elektwonik yo pou yo kenbe kontak youn ak lòt, lè yo pa ansanm pandan jounen an.

     “Yon senp ti mesaj ki di ‘m renmen w’ oswa ‘m ap panse avè w’ ka gen yon gwo efè sou moun ou marye avè l la.” — Jonathan.

  •   Si n mal sèvi ak aparèy elektwonik yo sa ka gen yon move efè sou maryaj nou. Pa egzanp, gen kèk moun ki toujou nan telefòn yo oswa ki toujou nan tablèt yo, sa ki fè yo pa gen ase tan pou konjwen yo, ni yo pa ba yo atansyon yo ta dwe ba yo a.

     “M sèten, gendelè mari m t ap pi byen kontan pale avè m si m pa t nan telefòn mwen.” — Julissa.

  •   Gen moun ki di yo ka gen yon konvèsasyon nòmal ak moun yo marye avè l la toutpandan y ap sèvi ak aparèy yo. Men sa yon sosyològ ki rele Sherry Turkle di: “Se yon erè lè moun panse yo ka fè plizyè bagay anmenmtan.” Sanble moun yo panse se yon bon bagay pou yo kapab fè plizyè bagay anmenmtan, men se pa vre. Men sa l di ankò: “Kapasite nou genyen pou n byen fè yon bagay diminye chak fwa nou ajoute yon nouvo bagay pou n fè anmenmtan.” a

     “Lè m ap pale ak mari m, m santi m byen, men se pa lè l ap plede fè plizyè bagay anmenmtan. Lè l ap fè plizyè bagay anmenmtan, m santi li fè kòmsi m pa t la.” — Sarah.

 Sa nou dwe sonje: Fason nou sèvi ak aparèy elektwonik nou yo ka swa ede maryaj nou swa gen move efè sou maryaj nou.

 Sa w ka fè

 Fikse priyorite. Bib la di: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” ​(Filipyen 1:10). Poze tèt ou kesyon sa a: ‘Èske tan mwen menm ak moun m marye avè l la pase nan itilize aparèy nou yo, se pa tan ak atansyon nou ta dwe bay youn lòt?’

 “Sa tris lè w wè yon gason ak yon fi k ap plede itilize telefòn yo lè y al manje nan restoran, yo sanble ak de moun ki pèdi nan aparèy yo. Nou pa vle vin tèlman esklav aparèy elektwonik nou yo, pou nou bliye sa k pi enpòtan an, ki se relasyon nou genyen youn ak lòt.” — Matthew.

 Fikse limit. Bib la di: “Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” ​(Efezyen 5:15, 16). Mande tèt ou: ‘Èske m ka gen yon lè fiks pou m li e pou m reponn mesaj ki pa ijan yo olye m annik reponn chak grenn mesaj ki vini?’

 “M twouve sa ede m lè m mete telefòn mwen sou mòd silans e m reponn mesaj yo lè m gen yon ti tan pou sa. Sa pa rive souvan pou yon apèl, yon mesaj oswa yon imèl se yon ijans grav ki bezwen pou m reponn li lamenm.” — Jonathan.

 Si sa posib, kite aktivite travay ou nan kad travay la. Bib la di: “Gen yon lè pou tout bagay.” ​(Eklezyas 3:1). Poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske m kite travay mwen anvayi vi fanmi m lè m ap itilize telefòn mwen pou m fè aktivite travay la lè m lakay? Si se sa, ki efè sa genyen sou maryaj mwen? Ki sa moun mwen marye avè l la t ap di sou sa?’

 “Grasa aparèy elektwonik yo, nou gen kapasite pou n travay nenpòt lè nou vle. M te oblije fè anpil efò pou m pa plede ap tcheke telefòn mwen pou m fè aktivite travay la lè m ansanm ak madanm mwen.” — Matthew.

 Pale ak moun ou marye avè l la sou fason nou sèvi ak aparèy elektwonik yo. Men sa Bib la di: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” ​(1 Korentyen 10:24). Pale ak moun ou marye avè l la sou fason nou chak itilize aparèy elektwonik nou yo e sou ki chanjman nou bezwen fè nan domèn sa a, si sa nesesè. Ou kapab sèvi ak gid ki nan atik sa a pou ede w kòmanse fè sa.

 “Mwen menm ak mari m vrèman onèt youn ak lòt, si youn nan nou santi lòt la ap itilize telefòn li oswa tablèt li twòp, nou di l sa. Nou toule de konprann sa ka yon pwoblèm, donk nou pran an konsiderasyon fason lòt moun nan wè bagay yo.” — Danielle.

 Sa nou dwe sonje: Asire n nou pa vin esklav aparèy elektwonik yo, men se nou menm ki dwe mèt yo.

a Selon liv Reclaiming Conversation—The Power of Talk in a Digital Age.