Repons Bib la bay
Èske n ap janm gen yon sèl gouvènman pou dirije monn nan?

Ki jan yon gouvènman mondyal ka ini moun tout nasyon? Izayi 32:1, 17; 54:13.
Imajine jan yon gouvènman mondyal ka pwofitab pou lèzòm. Jodi a, gen anpil moun k ap soufri paske yo pòv anpil, tandiske gen lòt moun ki rich anpil. Sepandan, yon gouvènman mondyal ki konprann bezwen lèzòm genyen ka fè tout moun jwenn sa yo bezwen. Èske w panse lèzòm ap janm gen yon gouvènman konsa? — Li Jeremi 10:23.
Pandan tout listwa, nan anpil sans, gouvènman yo echwe nan èd y ap bay moun y ap dirije yo, sitou moun ki pòv yo. Gen kèk gouvènman ki san pitye (Eklezyas 4:1; 8:9). Sepandan, Bondye Toupisan an pwomèt l ap etabli yon gouvènman k ap ranplase tout lòt gouvènman yo. Dirijan gouvènman sa a ap vrèman pran swen moun yo. — Li Izayi 11:4; Dànyèl 2:44.
Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?
Jewova chwazi Jezi, Pitit li a, ki se yon dirijan ideyal pou dirije monn nan (Lik 1:31-33). Lè Jezi te sou tè a antanke òm, li te enterese nan ede moun. Antanke Wa, li pral ini moun tout nasyon e li pral soulaje yo anba tout soufrans. — Li Sòm 72:8, 12-14.
Èske tout moun ap aksepte Jezi kòm Dirijan? Non. Men, Jewova pasyan (2 Pyè 3:9). Li bay moun yo posiblite pou yo aksepte Jezi kòm Dirijan. Talè konsa, Jezi pral elimine mechan yo e li pral etabli lapè ak sekirite nan lemonnantye. — Li Mika 4:3, 4.