Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE NOU BEZWEN BONDYE?

Poukisa nou poze kesyon sa a?

Poukisa nou poze kesyon sa a?

“Èske w santi w byen san Bondye? Gen plizyè milyon moun ki santi yo byen konsa.” Se mesaj sa a yon gwoup moun ki pa kwè nan Bondye te peye pou yo ekri pou yo sou yon gwo pankat pa gen twò lontan. Li klè, moun sa yo santi yo pa bezwen Bondye.

Yon lòt bò, anpil moun ki di yo kwè nan Bondye pran yon seri desizyon ki montre pou yo se kòmsi Bondye pa egziste vre. Men sa yon achevèk ki rele Salvatore Fisichella te di konsènan moun ki mache nan legliz li yo: “Jodi a, lè moun ap gade nou, petèt yo pa ka di nou se kretyen paske nou viv menm jan ak enkwayan yo.”

Gen kèk moun ki santi yo twò okipe pou y ap reflechi sou afè Bondye. Yo panse Bondye twò lwen pou l ta jwe yon wòl nan lavi yo. Jan de moun sa yo sonje gen Bondye sèlman lè yo nan pwoblèm oubyen lè yo bezwen yon bagay. Yo prèske konsidere Bondye kòm yon sèvant ki dwe toujou la pou yo lajounen kou lannuit.

Gen lòt moun ki pa wè ansèyman y ap bay nan relijyon yo gen okenn valè pratik oubyen yo pa menm aplike sa y ap preche nan legliz yo a. Ann site yon egzanp sèlman. Gen 76 pousan katolik ann Almay ki kwè li akseptab pou yon gason ak yon fi viv nan plasaj anvan yo marye. Opinyon sa a moun yo genyen an pa menm ni ak ansèyman yo bay nan legliz yo a ni ak sa Bib la anseye (1 Korentyen 6:18; Ebre 13:4). Natirèlman, se pa nan katolik sèlman gen diferans ant sa yo di nan legliz yo ak sa moun yo ap fè nan lavi yo. Klèje nan anpil Legliz ap plenyen jan moun ki mache nan legliz yo ap aji “tankou moun ki pa kwè nan Bondye”.

Egzanp sa yo fè nou poze kesyon sa a: Èske nou vrèman bezwen Bondye? Pa gen dout, kesyon sa a pa nouvo. Nou jwenn li pou premye fwa nan Bib la nan premye chapit yo. Pou nou ka jwenn repons kesyon sa a, ann egzamine kèk kesyon yo poze nan liv Jenèz la, yon liv ki nan Bib la.