Al gade sa k anndan l

Ki kote Temwen Jewova yo jwenn non yo genyen an?

Ki kote Temwen Jewova yo jwenn non yo genyen an?

 Jewova se non pèsonèl Bondye, jan Bib la montre sa (Egzòd 6:3; Sòm 83:18). Yon temwen se yon moun k ap pale ak lòt moun sou sa l kwè ki se laverite.

 Donk, lefètke nou rele Temwen Jewova, sa montre nou se yon gwoup kretyen k ap pwoklame laverite sou Jewova, Kreyatè tout bagay la (Revelasyon 4:11). Nou bay lòt moun temwayaj nan fason nou viv e lè nou pataje sa nou aprann nan Bib la avèk yo. — Izayi 43:10-12; 1 Pyè 2:12.