Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moyiz: Yon moun ki te gen imilite

Moyiz: Yon moun ki te gen imilite

KI SA IMILITE YE?

Lè yon moun gen imilite, li pa gen ògèy lakay li. Yon moun ki enb pa panse lòt moun pi ba pase l. Yon moun ki enb dwe yon moun ki modès, sa vle di l rekonèt li gen limit.

KÒMAN MOYIZ TE DEMONTRE LI GEN IMILITE?

Moyiz pa t kite pouvwa l te genyen an fè l pran tèt li pou yon pakèt afè. Souvan, ou ka wè si yon moun gen ògèy lakay li oubyen si l gen imilite lè yo ba l pouvwa, menm lè se pa anpil pouvwa. Gen yon ekriven ki te viv nan 19yèm syèk la ki rele Robert G. Ingersoll ki te pale sou sijè sa a. Men sa l di: “Pifò moun ka andire anba difikilte. Men, si ou vle konnen jan yon moun ye vre, ba l pouvwa.” Nan sans sa a, Moyiz kite yon bèl egzanp pou nou nan fason l te demontre l gen imilite. Ki jan l te fè sa?

Jewova te bay Moyiz anpil pouvwa. Li te mete Moyiz alatèt Izrayelit yo. Men, Moyiz pa t janm kite pouvwa l te genyen an fè l pran tèt li pou yon pakèt afè. Pa egzanp, reflechi sou jan l te demontre imilite nan fason l te jere yon pwoblèm difisil ki te gen rapò ak dwa eritaj la (Nonb 27:1-11). Pwoblèm nan te difisil anpil. Desizyon l t ap gen pou l pran nan sitiyasyon sa a t apral etabli sa lòt jenerasyon ki t ap gen pou vin apre yo ta dwe fè lè yo nan yon sitiyasyon konsa.

Kòman Moyiz t ap reyaji? Èske l t ap panse l kalifye pou l pran yon desizyon nan sitiyasyon sa a paske se li ki te alatèt Izrayelit yo? Èske l t ap met konfyans li nan kapasite l genyen oubyen nan kantite ane li genyen depi l ap sèvi Bondye pou l pran yon desizyon? Èske l t ap di li ka pran yon desizyon paske l byen konnen fason Jewova panse?

Sa ka rive yon moun ki gen ògèy lakay li reflechi konsa. Men, Moyiz pa t reflechi konsa li menm. Men sa Bib la fè nou konnen: “Moyiz al pale koze a avèk [Jewova].” (Nonb 27:5). Fè yon ti reflechi. Menm lè Moyiz te gen anviwon 40 ane depi l t ap dirije nasyon Izrayèl la, li te toujou konte sou Jewova olye l te konte sou pwòp tèt li. Sa fè nou wè aklè Moyiz te gen imilite lakay li vre.

Moyiz pa t panse se li menm sèl ki te dwe gen otorite. Li te kontan lè Jewova te chwazi lòt Izrayelit pou travay avè l kòm pwofèt (Nonb 11:24-29). Lè bòpè Moyiz te ba l konsèy pou l chwazi kèk Izrayelit pou ede l nan travay li t ap fè a, Moyiz te fè sa bòpè l te di l la (Egzòd 18:13-24). Nan fen lavi Moyiz, malgre l te toujou djanm, li te mande Jewova chwazi yon moun pou ranplase l pou dirije pèp Izrayèl la. Lè Jewova te chwazi Jozye pou dirije pèp Li a, Moyiz te fè tout sa l kapab pou l ede Jozye. Moyiz te ankouraje pèp la pou yo suiv direksyon Jozye pou yo te ka antre nan Latè pwomiz (Nonb 27:15-18; Detewonòm 31:3-6; 34:7). Pa gen dout nan sa, Moyiz te konsidere se yon privilèj pou l te pran latèt nan adorasyon Izrayelit yo t ap bay Bondye a. Sepandan, sa k te pi enpòtan pou Moyiz se pa t otorite l te genyen an, men se te pito enterè Izrayelit yo.

KI LESON NOU KA APRANN?

Nou pa dwe janm kite talan nou, pouvwa oswa otorite nou genyen fè nou pran tèt nou pou yon pakèt afè. Men sa nou bezwen sonje: Sa k pi enpòtan pou nou gen lakay nou pou Jewova ka itilize nou se imilite, se pa gen anpil kapasite (1 Samyèl 15:17). Si nou se moun ki enb vre, n ap fè tout efò nou pou nou aplike nan lavi nou konsèy saj sa a: “Mete tout konfyans ou nan [Jewova]. Pa gade sou sa ou konnen.” — Pwovèb 3:5, 6.

Egzanp Moyiz la aprann nou pou nou pa bay pozisyon oswa otorite nou genyen twòp enpòtans.

Èske n ap jwenn byenfè lè nou imite egzanp Moyiz kite nan fason l te demontre l gen imilite? Pa gen dout nan sa! Lè nou devlope bonjan imilite, nou fè l fasil pou moun viv bò kote nou. Konsa, y ap renmen nou. Sa k pi enpòtan, n ap fè Jewova Dye, li menm ki demontre bèl kalite sa a, renmen nou (Sòm 18:35). Men sa Bib la di: “Bondye kont moun ki ògeye yo, men li bay moun ki enb yo favè san parèy la.” (1 Pyè 5:5). Ala sa ankourajan pou nou imite egzanp Moyiz kite nan fason l te demontre imilite!