Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Yo te vle m verifye sa Bib la anseye toutbonvre”

“Yo te vle m verifye sa Bib la anseye toutbonvre”
  • ANE LI FÈT: 1982

  • PEYI KOTE L SOTI: REPIBLIK DOMINIKÈN

  • ANVAN: LI TE YON MÒMON

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen te fèt nan vil Santo Domingo ki an Repiblik dominikèn. Nan fanmi m gen kat timoun, e se mwen ki dènye pitit la. Paran m yo se te moun ki byen enstwi e yo te vle pou pitit yo gen bon edikasyon e pou yo grandi nan mitan moun ki onèt. Katran anvan m te fèt, paran m yo te rankontre misyonè mòmon yo. Lè paran m yo te wè jan jèn ti mesye mòmon sa yo te byen abiye e yo te sanble bon moun, sa te gen gwo efè sou yo. Yon ti tan apre sa, paran m yo te deside pou fanmi n vin premye fanmi nan zile a ki vin manm Legliz JeziKri pou Sen Dènye Jou yo oswa Legliz Mòmon an.

Pandan m t ap grandi, m te pran plezi nan aktivite ki te genyen nan legliz la e mwen te gen respè pou Legliz Mòmon an paske moun yo te mete aksan sou lavi fanmi ak sou enpòtans pou moun gen bon prensip. Mwen te fyè paske m te yon Mòmon e m te fikse objektif pou m vin yon misyonè.

Lè m te gen dizuitan, fanmi m t al viv Ozetazini nan objektif pou m antre nan yon inivèsite pou m ka kontinye fè etid mwen. Anviwon ennan apre sa, matant mwen ak tonton m, ki se Temwen Jewova, te vin vizite nou nan Florid. Yo te envite n pou n asiste yon kongrè Temwen Jewova yo t ap fè kote yo t ap pale sou Bib la. Mwen te sezi wè tout moun t ap suiv nan pwòp bib yo e yo t ap pran nòt. Lè m te wè sa, m te mande yon plim ak papye pou m te pran nòt tou.

Apre kongrè a, matant mwen ak tonton m te di m, etandone m vle vin yon misyonè, yo te ka ede m aprann kèk bagay nan Bib la. Mwen te panse se te yon bon ide paske lè sa a m te plis abitye ak Liv Mòmon An pase Bib la.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Matant mwen ak tonton m te konn pale sou Labib avè m nan telefòn. Nan konvèsasyon sa yo, yo te toujou ankouraje m konpare sa Labib anseye ak kwayans mwen yo. Yo te vle m verifye sa Bib la anseye toutbonvre.

Te gen anpil bagay Legliz Mòmon an te anseye mwen te kwè. Men, m pa t konnen si Labib te dakò ak sa m te kwè yo. Matant mwen te voye Réveillez-vous! 8 novanm 1995 lan ban mwen. Se Temwen Jewova ki pibliye peryodik sa a. Nan peryodik sa a, gen kèk atik ki pale sou sa Legliz Mòmon an anseye. Se pa ti sezi m te sezi wè mwen pa t konn twòp bagay sou sa yo te anseye! Sa te pouse m al fè rechèch sou sit wèb ofisyèl Legliz Mòmon an pou m te ka wè si sa yo te di nan Réveillez-vous! a se te laverite vre. Sa yo te di nan peryodik la, se te laverite. Anplis de sa, m te verifye sa yo te di yo lè m t al vizite mize Legliz Mòmon yo nan Utah, ki Ozetazini.

Mwen te toujou kwè Liv Mòmon An ann amoni ak sa Labib anseye. Men, lè m te kòmanse pran san m pou m byen li Bib la, m te vin wè gen kontradiksyon ant sa Legliz Mòmon an anseye ak sa Bib la anseye. Pa egzanp, nan Ezekyèl 18:4 (Louis Segond, fransè), Bib la anseye nanm nan mouri. Tandiske nan Liv Mòmon An, men sa Alma 42:9 di: ‘Nanm nan pap janm kapab mouri.’

Anplis de doktrin yo ki depaman ak sa Bib la anseye, m te gen pwoblèm ak ide nasyonalis Legliz Mòmon an t ap anseye. Pa egzanp, Legliz Mòmon an anseye jaden Edenn nan te nan zòn Jackson County, Misouri, ki Ozetazini. E pwofèt yo nan Legliz Mòmon an fè konnen ‘gen yon lè k ap vini kote Bondye pral dirije tout tè a pa mwayen gouvènman peyi Etazini’.

Selon sa Legliz Mòmon an anseye a, m te mande tèt mwen ki sa k t ap rive peyi m nan oswa tout lòt peyi yo. Yon jou swa, gen yon jèn Mòmon yo t ap bay fòmasyon pou l vin misyonè ki te rele m nan telefòn. E nan konvèsasyon m te gen avè l la, m te poze l kesyon sou sa pwofèt yo nan Legliz Mòmon an anseye a. Kareman mwen mande l: Si peyi l ta nan lagè ak yon lòt peyi, èske l t ap dispoze goumen kont Mòmon parèy li yo nan peyi sa a? Se pa ti sezi m te sezi lè l te di m wi! Mwen te fouye pi fon nan sa Legliz Mòmon an anseye yo e mwen te pale ak chèf yo nan legliz la. Yo te di m repons kesyon m yo se mistè, men yon jou m ap jwenn repons yo lè limyè a vin pi klere.

Etandone m pa t satisfè ak esplikasyon yo te ban mwen an, m te kòmanse mande tèt mwen pou ki rezon m vle vin yon misyonè mòmon. Mwen te rann mwen kont youn nan rezon yo se paske m te vle ede lòt moun. Yon lòt rezon se paske m te vle pou moun respekte m. Men, konsènan Bondye, m pa t vrèman konnen anpil bagay sou li. Anvan sa, m te jete yon koudèy nan Bib la plizyè fwa, malgre sa Bib la pa t gen anpil valè nan je m. Mwen pa t gen okenn ide sou objektif Bondye gen pou tè a ak pou lèzòm.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Grasa etid Labib m te fè ak Temwen Jewova yo, m te aprann anpil bagay. Pami bagay sa yo, m te aprann non Bondye, sa k rive lè moun mouri, ak wòl Jezi jwe nan reyalize objektif Bondye. Mwen te resi kòmanse konprann bèl bagay ki nan Bib la e m te pran plezi pataje sa m t ap aprann yo ak lòt moun. Mwen te toujou kwè Bondye egziste, men kounye a m te ka pale avè l nan lapriyè antanke yon bon zanmi. Mwen batize 12 jiyè 2004, e apre simwa m te kòmanse pase pifò nan tan m ap preche bon nouvèl la.

Pandan senkan, m te travay nan syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Bwouklin, Nouyòk. Mwen kontan anpil lefètke m te gen posiblite bay kout men nan travay pou pwodui Bib ak piblikasyon ki baze sou Bib la, yon fason pou ede plizyè milyon moun toupatou sou tè a jwenn byenfè. E mwen kontinye gen kè kontan lefètke m ap ede moun aprann konnen Bondye.