Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye te konnen Adan ak Èv t ap peche?

Èske Bondye te konnen Adan ak Èv t ap peche?

Èske Bondye te konnen Adan ak Èv t ap peche?

ANPIL moun konn vrèman anvi konnen repons kesyon sa a. Lè moun ap reflechi konsènan rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans, peche Adan ak Èv te fè nan jaden Edenn nan se premye bagay ki vin nan lespri yo. Gen anpil moun ki panse Bondye te konnen mesye dam sa yo t apral dezobeyi l anvan yo te fè sa, piske pou yo menm ‘Bondye konn tout bagay’.

Si Bondye te vrèman konnen alavans Adan ak Èv, de moun pafè, t apral peche kont li, ki sa sa t ap montre? Sa t ap montre li gen kèk aspè negatif nan pèsonalite l. Sa t ap montre tou li pa gen lanmou, li pa dwat e li pa sensè. Gen moun ki ta gendwa menm di li te aji avèk mechanste piske l te mete Adan ak Èv nan yon sitiyasyon li te konnen ki t apral fini mal pou yo. Sa t ap bay enpresyon se Bondye ki responsab tout move bagay moun fè sou tè a ak tout soufrans yo jwenn nan tout listwa, omwen li t ap konplis nan sa. Gen moun ki t ap menm di Kreyatè nou an ridikil.

Èske Labib pale de Jewova yon fason negatif konsa? Pou nou reponn kesyon sa a, annou egzamine sa Labib di sou kreyasyon an e sou kalite moun Jewova ye.

“Li wè l bon nèt”

Men sa Labib di konsènan kreyasyon an nan liv Jenèz la ki valab pou de premye moun yo tou: “Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon nèt.” ​(Jenèz 1:31). Lè Bondye te kreye Adan ak Èv, yo te pafè. Li te fè yo yon fason pou yo viv sou tè a san pwoblèm. Yo pa t manke anyen. Piske yo te “bon nèt”, se sèten yo te kapab fè sa Bondye te mande yo fè a. Bondye te fè yo “pòtre ak li”. (Jenèz 1:27.) Se sa k fè yo te kapab demontre yo gen sajès, lanmou, jistis ak byenveyans, kalite ki soti nan Bondye, nan yon nivo ki rezonab. Si yo te kite kalite sa yo enfliyanse yo, sa t ap ede yo pran desizyon ki t ap bon pou yo e ki t ap fè Papa yo ki nan syèl la plezi.

Jewova te fè yo pafè, li te ba yo entèlijans ak libète pou yo deside. Bondye pa t pwograme yo pou yo fè l plezi, tankou yo ta pwograme yon wobo. Fè yon ti reflechi: Ki kado ou t ap pi renmen? Yon kado yon moun ba ou san se pa kè l ki pouse l fè sa, oubyen yon kado yon moun ba ou paske kè l pouse l fè sa? Repons lan klè. Menm jan an tou, si Adan ak Èv te pran desizyon poukont yo pou yo obeyi Bondye, sa t ap gen plis valè nan je Bondye. Libète Jewova te bay premye koup la pou yo deside a te ba yo posiblite pou yo obeyi l paske yo renmen l. — Detewonòm 30:19, 20.

Jewova dwat e li bon

Labib fè nou konnen kalite Jewova genyen yo. Kalite sa yo fè li enposib pou l peche. Sòm 33:5 montre Jewova “renmen sa ki dwat”. Se sa k fè, nan Jak 1:13, Bib la di: “Pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal.” Lefètke Bondye dwat e li te gen konsiderasyon pou Adan ak Èv, li te ba yo avètisman sa a: “Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l, w’ap mouri.” ​(Jenèz 2:16, 17). Premye koup la te ka chwazi ant lavi etènèl ak lanmò. Si Bondye te deja konnen koup la t apral fè sa li te avèti yo pou yo pa fè a, èske l pa t ap montre li se yon ipokrit? Antanke yon Dye ki “renmen sa ki dwat”, Jewova pa t ap mande yo pou yo chwazi si yo pa t ka chwazi vre.

Jewova bon anpil tou (Sòm 73:1). Men sa Jezi te di pandan li t ap pale de bonte Bondye: “Kiyès nan nou la a, si pitit li mande l yon pen, k ap lonje yon wòch ba li? Oswa, petèt, si l mande l yon pwason, k ap lonje yon sèpan ba li? Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun bon bagay si yo mande l!” ​(Matye 7:9-11). Bondye bay kreyati l yo “bon bagay”. Fason li kreye lèzòm ak jaden li te prepare pou yo a montre li bon vre. Antanke yon bon Souvren, èske li t ap janm bay premye koup la yon bèl kote konsa pou yo rete toutpandan li konnen davans yo t apral pèdi l? Non. Si l ta fè sa, li t ap montre li mechan. An reyalite, Kreyatè nou an ki dwat e ki bon pa responsab rebelyon ki te fèt ann Edenn nan.

Se li menm “sèl ki saj”

Labib montre tou se Jewova “sèl ki saj”. (Women 16:27.) Zanj li yo ki nan syèl la jwenn anpil okazyon pou yo wè jan sajès li san limit. Yo te “bat bravo” lè Jewova te fin kreye bagay ki sou tè a (Jòb 38:4-7). Siman kreyati espirityèl sa yo ki entèlijan t ap suiv avèk anpil enterè sa k t ap pase nan jaden Edenn nan. Èske w panse sa t ap fè sans pou Bondye fin kreye yon inivè ak yon pakèt kreyati sou tè a ki fè moun emèveye, epi apre sa pou Dye saj sa a fè de lòt kreyati nan entansyon pou l lage yo nan pwoblèm, e pou zanj li yo ta la ap gade sa? Se sèten sa pa t ap fè sans.

Sepandan, gen moun ki kapab di: ‘Men, kòman yon Bondye ki gen tout sajès ta fè pa konnen?’ An reyalite, yon aspè nan gwo sajès Bondye genyen an se kapasite pou l konnen ‘jan sa pral ye depi nan kòmansman’. (Izayi [Ezayi] 46:9, 10.) Sepandan, li pa oblije sèvi ak kapasite sa a, menm jan li pa toujou oblije itilize kokennchenn pouvwa l genyen an nèt. Jewova sèvi ak kapasite li genyen pou l konnen yon bagay alavans lè l chwazi fè sa e lè l santi sa apwopriye.

Bondye gendwa chwazi pa sèvi ak kapasite li genyen pou l konnen alavans jan bagay yo pral fini. Pa egzanp, yon moun k ap gade yon match foutbòl li te deja anrejistre ka deside gade dènye minit match la pou l wè kòman l ap fini. Sepandan moun nan pa oblije fè sa. Èske yon moun ta dwe kritike l si li chwazi pou l gade match la depi nan kòmansman? Menm jan an tou, Kreyatè a pa t chwazi pou l konnen ki jan bagay yo t apral fini pou Adan ak Èv. Olye de sa, li te chwazi pou l tann epi gade ki fason yo t apral aji ofiramezi tan ap pase.

Jan nou te di sa anvan, sajès Jewova fè li pa t kreye premye koup la pou yo tankou wobo ki pwograme e ki fè sa yo pwograme yo pou yo fè. Olye de sa, lanmou te pouse l ba yo libète pou yo deside. Si yo te aji byen, yo t ap montre yo renmen Jewova, Papa yo ki nan syèl la, yo genyen l rekonesans e yo obeyisan. Konsa, yo t ap gen plis lajwa e yo t ap fè kè Jewova pi kontan toujou. — Pwovèb 27:11; Izayi 48:18.

Nan Labib, gen plizyè egzanp kote Jewova pa t itilize kapasite li genyen pou l konnen yon bagay alavans. Lè Abraram, yon nonm fidèl, te rive nan moman pou l sakrifye pitit li a, Jewova te voye yon zanj al pale avè l ki te di l: “Pa fè l anyen. Kounyeya mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.” ​(Se nou menm ki mete mo yo ann italik; Jenèz 22:12). Yon lòt bò, move aksyon kèk moun te fè te “fè l lapenn”. Èske Jewova t ap gen lapenn si l te konnen alavans ki sa moun sa yo t apral fè? — Sòm 78:40, 41, NW; 1 Wa 11:9, 10.

Kidonk, li rezonab pou nou di Bondye ki gen tout sajès la pa t chèche konnen si premye paran nou yo t apral peche kont li. Jewova pa t kreye lèzòm jis pou yo viv yon seri evènman dwòl li te deja konnen ki pral rive epi pou l chita ap gade evènman sa yo k ap dewoule. Si l te aji konsa, sa t ap ridikil.

“Bondye se lanmou”

Se Satan, ènmi Bondye a, ki te kòmanse rebelyon ki te fèt Ann Edenn nan ki te lakòz move konsekans pou lèzòm, tankou peche ak lanmò. Se sa k fè li se yon “asasen”. Li montre tou li se “yon mantè e li se papa manti”. (Jan 8:44.) Piske li gen move entansyon, li eseye fè konprann Kreyatè nou an ki renmen nou gen move entansyon tou. Li ta byen renmen mete responsablite peche lèzòm nan sou do Jewova.

Se lanmou ki pi gwo rezon ki fè Jewova pa t chwazi pou l konnen alavans si Adan ak Èv t ap dezobeyi l. Lanmou se kalite prensipal Jewova genyen. Nan 1 Jan 4:8, Bib la di: “Bondye se lanmou”. Lanmou se yon kalite, se pa yon defo. Lè yon moun gen lanmou, li chèche sa ki bon lakay lòt moun. Wi, Bondye te vle sa k pi bon pou premye koup la paske li se lanmou.

Byenke pitit Bondye yo sou tè a, anpalan de Adan ak Èv, ki te pafè te kapab pran yon move desizyon, Bondye pa t gen dout sou yo. Li te ba yo tout sa yo te bezwen pou yo viv e li te di yo tout sa yo te bezwen konnen. Li toutafè nòmal pou Bondye te atann pou yo obeyi l paske yo renmen l e pou yo pa t rebele kont li. Li konnen Adan ak Èv te gen kapasite pou yo aji avèk fidelite, e gen moun tankou Abraram, Jòb, Dànyèl ak yon pakèt lòt moun ankò ki te montre yo gen menm kapasite sa a, malgre yo te enpafè.

Jezi te di: “Pou Bondye, tout bagay posib.” ​(Matye 19:26). Pawòl sa yo rekonfòte nou. Kalite prensipal Jewova genyen yo tankou lanmou, jistis, sajès ak pisans ban nou garanti li kapab efase tout efè peche genyen sou nou e li pral fè sa. — Revelasyon 21:3-5.

Se sèten Jewova pa t konnen alavans premye koup la t ap peche kont li. Byenke sa te fè Bondye lapenn dèske yo te dezobeyi l e yo te jwenn anpil soufrans annapre, li te konnen sitiyasyon sa a pa t ap la pou toutan e li pa t ap anpeche l reyalize objektif li gen pou tè a e pou lèzòm. Poukisa w pa chèche konn plis sou objektif sa a ak byenfè w ap jwenn lè l vin yon reyalite *?

[Nòt anba paj]

^ § 23 Pou plis enfòmasyon sou objektif Bondye genyen pou tè a, gade chapit 3 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 14]

Sajès Jewova fè li pa t kreye premye koup la pou yo tankou wobo ki pwograme e ki fè sa yo pwograme yo pou yo fè.

[Antrefilè nan paj 15]

Bondye te konnen Adan ak Èv te gen kapasite pou yo aji avèk fidelite.