Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

KI SA yon ansyen manm yon gang ki te esklav mariwana te fè pou l kite move abitid li te genyen yo? Poukisa yon mesye ki te nan yon djaz te koupe cheve long li yo e li te chanje fason li te konsidere yon stil mizik li te byen renmen? Ki sa ki te pouse yon mesye ki pa t respekte ni relijyon ni gouvènman vin tounen yon minis relijye? Ann wè sa moun sa yo gen pou yo di.

“Mwen pa t esklav mariwana ankò.” —PETER KAUSANGA

LAJ: 32

PEYI KOTE L SOTI: NAMIBI

PWOBLÈM LI TE GENYEN: LI TE MANM YON GANG E LI TE ESKLAV MARIWANA

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN: Mwen te grandi Kehemu, youn nan kat gwo zòn ki genyen nan vil Rundu. Moun nan zòn sa a vann pitimi, bwa ak chabon. Se travay sa a yo fè pou yo viv.

Manman m te mouri lè m te gen dezan sèlman, se sa k fè se grann mwen ki te leve m. Lavi nou te senp. Natirèlman, mwen pa t yon moun ki te rebèl, men akoz presyon kamarad mwen yo, mwen te tonbe nan pwoblèm. Nan lekòl la, mwen te vin antre nan yon gang. Sa te fè mwen te konn ap goumen nan lari, fè moun abi, vòlè, mwen te lage nan fè kontrebann, sètadi antre nan peyi a ak dyaman yon fason ki ilegal, mwen te tonbe nan bwè twòp alkòl epi pran dwòg. Yo te arete m de fwa e yo te mete m nan prizon paske mwen te kase yon kay e paske m te fè lajan sou lòt moun yon fason ki pa legal.

A dizuitan, mwen te sispann al lekòl e mwen te kite vil mwen te fèt la ansanm ak gang nan. Mwen te vle rekòmanse a zewo. Men, mwen te toujou esklav mariwana. Pafwa mwen te konn mache plizyè kilomèt pou m al achte mariwana.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: An 1999, mwen te rankontre kèk Temwen Jewova ki t ap ofri moun piblikasyon nan lari. Yo te trete m avèk respè e avèk diyite, e sa te touche m anpil. Mesaj ki te nan piblikasyon mwen te resevwa yo te konvenk mwen mwen te jwenn vrè relijyon an. Mwen te kòmanse etidye Bib la regilyèman avèk swen e mwen pa t pran lontan pou m rann mwen kont mwen te bezwen fè chanjman nan lavi m si m te vle fè Jewova Dye plezi.

Mwen te fikse yon dat pou m sispann fimen e m te detwi tout sa m te genyen ki te gen rapò ak fimen. Anplis, mwen te mande zanmi m yo pou yo pa ban m sigarèt ni pou yo pa fimen bò kote m. Malgre sa, bagay yo pa t pase jan m te planifye a. Pandan de fwa, mwen te retonbe nan fimen sigarèt ak mariwana ankò. Sepandan, mwen pa t kite sa dekouraje m. Mwen te kenbe nan lespri m prensip ki nan Pwovèb 24:16 la ki di: “Moun k’ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y’ap toujou leve ankò.” Finalman, mwen te vin pa esklav mariwana ankò.

Tank mwen t ap aprann sou Jewova, se tank mwen te anvi fè l vin pi bon zanmi m. Yon vèsè biblik ki te touche kè m anpil se Sòm 27:10. Men sa li di: “Papa m ak manman m te mèt lage m, Senyè a va ranmase mwen.” Tank mwen t ap kontinye fè etid pwofon nan Bib la, se tank sa vèsè a di a t ap reyalize nan ka pa m. Mwen te santi Jewova te vin yon vrè Papa pou mwen, yon Papa ki gen sousi pou mwen.

Mwen t ale nan reyinyon Temwen Jewova yo regilyèman. Mwen te rann mwen kont youn te vrèman zanmi lòt e youn te vrèman renmen lòt. Mwen pa t janm viv bagay konsa anvan.

BYENFÈ MWEN JWENN: Grasa èd Jewova ansanm ak èd lòt Temwen yo, mwen te rive amelyore aparans mwen anpil, fason mwen abiye, konduit mwen ak fason mwen pale. Lè mwen reflechi sou fason lavi m chanje, se kòmsi mwen te tankou yon cheni byen lèd ki vin tounen yon bèl papiyon. Fanmi m kontan anpil pou yo wè chanjman m fè e yo fè m konfyans kounye a. Jodi a, mwen marye e mwen fè tout sa mwen kapab pou m montre madanm mwen jan m renmen l e pou m pran swen pitit mwen yo.

“Mwen santi lavi m vrèman gen yon sans.” —MARCOS PAULO DE SOUSA

LAJ: 29

PEYI KOTE L SOTI: BREZIL

PWOBLÈM LI TE GENYEN: LI TE MANM YON DJAZ KI TE JWE YON STIL MIZIK YO RELE THRASH METAL

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN: Fanmi m t ap viv nan yon ti vil yo rele Jaguariuna, nan yon zòn yo rele SawoPolo. Paran m yo te katolik wouj. Lè m te jèn , mwen te anfannkè. Se sa k fè, lè m te lekòl primè, elèv nan klas mwen yo te konn rele m Monpè. Lè m te gen kenz an, mwen te dekouvri yon stil mizik yo rele heavy metal rock. Mwen te kòmanse ap pase tan ak chantè mizik wòk yo. Mwen te kite cheve m vin long. An 1996, papa m te ede m achte premye enstriman mizik mwen, yon batri.

An 1998, mwen te antre nan yon djaz ki jwe stil mizik ki rele thrash metal la. Se yon mizik satanik e ki sal. Mizik sa a ankouraje vyolans. Li te enfliyanse panse m, konduit mwen ak atitid mwen. Ofiramezi , mwen te vin pi negatif, pi agresif.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Premye fwa mwen te rankontre Temwen Jewova yo, se te nan ane 1999. Yo te ofri m y ap etidye Labib avè m, e mwen te aksepte, byenke mwen pa t vrèman enterese vre. Sepandan, sa m te aprann nan Bib la te chanje fason m wè lavi a.

Moun te konnen m kòm “nèg cheve long nan”, “vedèt wòk la” oswa kòm “batrimann nan”. Sepandan, mwen te vin rann mwen kont jwe m t ap jwe nan djaz la te fè m vin egoyis e m te vin gen lespri konpetisyon. Anplis, mwen pa t renmen repitasyon m te genyen an. Mwen te vin rann mwen kont tou lavi chantè mwen te renmen amò yo pa t vrèman gen yon sans. Ofiramezi, mwen te vin konprann si mwen vle fè Jewova Dye plezi, mwen te dwe sispann jwe mizik heavy metal la e mwen te dwe sispann viv nan imoralite ak idolatri ki makònen ak stil mizik sa a.

Mwen te renmen stil mizik sa a e mwen te renmen cheve long mwen yo. Se sa k fè m te konn mande tèt mwen si m t ap kapab viv san bagay sa yo. Epitou mwen te gen tanperaman vyolan byenke m te konnen mwen te dwe aprann metrize m. Sepandan, grasa etid biblik mwen t ap fè a, mwen te vin renmen Jewova pi plis chak jou. Sa m te aprann sou lanmou Bondye, pasyans li ak mizèrikòd li te fè m renmen l anpil. Mwen te priye Jewova pou l ede m chanje, e li te ede m. Eksperyans pèsonèl mwen montre m sa Labib di nan Ebre 4:12 la se vre. Vèsè sa a di: “Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa.”

Lè m te kòmanse ap frekante Temwen Jewova yo, mwen te rann mwen kont yo diferan. Se premye fwa nan lavi m mwen te wè vrè lanmou ann aksyon. Lanmou sa a te parèt pi klè sitou nan kongrè Temwen Jewova yo òganize. Mwen te enpresyone lè m te wè fason moun ki sèvi kòm volontè yo t ap travay avèk zèl pou yo fè lòt moun ki te la yo santi yo pi konfòtab nan rasanbleman sa yo.

BYENFÈ MWEN JWENN: Grasa èd Jewova, kounye a mwen kapab metrize kòlè m. Mwen santi m pa egoyis ankò e m pa ògeye ankò.

Fòk mwen admèt sa, pandan yon ti tan, mwen te anvi retounen nan ansyen fason m t ap viv la, men m pa gen anvi konsa ankò. Kounye a, mwen santi lavi m vrèman gen yon sans. Mwen kontan lefètke mwen aprann enterese nan lòt moun e nan byennèt yo.

“Mwen jwenn lajwa ki genyen nan pran ka lòt moun.” —GEOFFREY NOBLE

LAJ: 59

PEYI KOTE L SOTI: ETAZINI

PWOBLÈM LI TE GENYEN: LI PA T GEN RESPÈ POU RELIJYON AK GOUVÈNMAN

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN: Mwen te leve nan Ipswich, nan Masachousèt, yon vil bò lanmè pifò moun ladan l fè pati klas popilè. Lè m te vin adilt, mwen te deside al viv nan yon eta yo rele Vèmont nan yon zòn pwovens. Pou moun k ap viv ann Amerik dinò, mwen menm ak fi mwen te avè l la t ap viv yon fason ki vrèman senp. Nou pa t gen elektrisite, donk nou te chofe kay nou e nou te fè manje ak bwa nou te ranmase nan forè. Nou te gen yon latrin e pandan pifò ane a nou pa t gen dlo tiyo. Nou te rejte sosyete a e nou te fè yon fason pou aparans nou montre sa. Yon lè, mwen te pase simwa san pa penyen cheve m, e mwen te fyè de sa.

Nan epòk sa a, Etazini t ap fè lagè ak Vyetnam. Gè sa a te gen enfliyans sou fason mwen konsidere otorite. Mwen te rann mwen kont gen ipokrizi ni nan gouvènman yo ni nan relijyon. Pou mwen menm, ni gouvènman yo, ni relijyon yo pa t byen plase pou yo di moun sa ki byen ak sa ki mal, e se chak moun ki te dwe deside pou tèt li sa ki byen ak sa ki mal. Se sa k fè mwen pa t panse se yon pwoblèm pou m vòlè yon bagay mwen te bezwen.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Mwen menm ak fi m te avè l la, nou te kòmanse li Bib la, men nou pa t konprann anyen ladan l. Lè sa a, mwen t ap pran dwòg, poutan mwen te fè tout sa m kapab pou m sispann fè sa. Dam nan te vle marye e li te vle gen pitit. Se nan epòk sa a yon Temwen Jewova te vin lakay nou e li te kòmanse etidye Labib ak nou.

Mwen pa t pran tan pou m kite move abitid mwen te genyen yo, sepandan, li te pi difisil pou m chanje fason m te konsidere otorite. Mwen te aprann mete tout bagay an dout. Mwen te grandi san m pa t gen anpil restriksyon sou konduit mwen. Se sa k fè li te difisil pou m viv dapre règ yon lòt moun.

Mwen te toujou kwè gen yon Kreyatè, men mwen pa t vrèman konnen l. Sepandan, ofiramezi mwen t ap etidye Bib la mwen te vin aprann konnen pèsonalite Jewova. Mwen te rann mwen kont li montre m egzakteman ki sa li vle m fè. Kòmandman l te klè pou mwen. Mwen te aprann tou li gen objektif pou l fè tè a tounen yon paradi (2 Pyè 3:13). Verite sa yo mwen te aprann yo te fè m anvi fè chanjman nan lavi m yon fason pou m kapab sèvi l.

Yon bagay ki te vrèman enpresyone m, sèke Temwen Jewova yo refize patisipe nan lagè. Mwen pa konnen okenn lòt relijyon sou tè a ki gen menm pwennvi sa a, ki chita sou Bib la.

Mwen te konnen si m vle sèvi Jewova, mwen t ap oblije travay sou aparans mwen. Okòmansman, mwen pa t alèz pou m abiye jan Temwen yo ankouraje moun abiye. Ni mwen menm, ni zanmi m yo, nou pa t gen chemiz, pantalon ak soulye pou nou fè yon sòti, epi se sèten, mwen pa t gen kravat. Sepandan, mwen te koupe cheve m e mwen te amelyore aparans mwen. Mwen sonje premye fwa mwen t al preche pòt an pòt. Te gen yon vit ki te pèmèt mwen wè tèt mwen. M te mande tèt mwen: ‘Sa w fè konsa?’ Men, avèk letan, mwen te vin santi m alèz ak nouvo aparans mwen te vin genyen an.

BYENFÈ MWEN JWENN: Mwen te marye ak fi mwen te avè l la e jiska prezan nou toujou gen kè kontan nan maryaj nou. Nou reyisi leve twa timoun ki renmen Jewova e k ap sèvi l. Mwen pran plezi tou pou m ede lòt moun konnen menm verite biblik ki te ede m fè chanjman nan lavi m yo.

Gen yon lè mwen te fyè dèske sa moun panse pa t gen enfliyans sou mwen. Men, kounye a, mwen gen lajwa poutèt mwen renmen lòt moun e lòt moun renmen m.

[Antrefilè nan paj 26]

“Mwen te konn mache plizyè kilomèt pou m al achte mariwana.”

[Antrefilè nan paj 28]

“Sa m te aprann nan Bib la te chanje fason m wè lavi a.”

[Antrefilè nan paj 29]

“Mwen pa t alèz pou m abiye jan Temwen yo ankouraje moun abiye.”