Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske sa vrèman malonèt?

Èske sa vrèman malonèt?

Èske sa vrèman malonèt?

“Fè yon ti ranje rapò w ap fè sou aksidan an toupiti, epi tout bagay ap anfòm.”

“Otorite k ap pran taks yo pa bezwen konn tout bagay.”

“Sa ki pi enpòtan, se pa kite yo kenbe w.”

“Poukisa pou w peye alòske ou ka jwenn li gratis?”

PETÈT ou konn tande kèk pawòl konsa nan bouch moun k ap bay konsèy nan domèn finansye. Gen moun ki sanble gen “solisyon” entèlijan pou tout bagay. Kesyon pou nou poze kounye a se èske solisyon sa yo vrèman onèt?

Jodi a, se sou tout tè a nèt moun ap fè zak malonèt. Se sa k fè souvan moun yo wè bay manti, pran poul nan egzamen ak vòlè kòm bagay ki nòmal yon moun kapab fè pou l evite yon pinisyon, pou l ka fè lajan oswa pou l atenn objektif li. Souvan, moun enpòtan ki nan sosyete a bay move egzanp nan domèn onètete. Nan yon peyi ann Ewòp, kantite ka kote moun ap fè fwod e y ap mal itilize lajan y ap jere te vin ogmante rive plis pase 85 pousan soti ane 2005 pou rive ane 2006. E nan tout ka sa yo, pa t gen anpil ti zak piti, sa anpil moun rele “ti peche”. Petèt gen moun nan peyi sa a ki pa t tèlman etone lè yo te tande gen yon seri gwo òm dafè ak gwo politisyen ki enplike nan yon eskandal kote yo te sèvi ak fo diplòm pou yo avanse nan karyè yo.

Sepandan, byenke moun yo ap pratike bagay malonèt konsa sou tout tè a, anpil moun vle fè sa ki dwat. Petèt ou se youn ladan yo e lefètke w renmen Bondye, ou vle fè sa ki dwat nan je l (1 Jan 5:3). Ou kapab santi w menm jan ak apot Pòl ki te ekri: “Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.” ​(Ebre 13:18). Pou rezon sa a, nou envite w egzamine kèk sitiyasyon ki kapab mete dezi yon moun genyen pou l “fè sa ki byen nan tout sikonstans” aleprèv. Anplis, nou pral egzamine kèk prensip biblik ki kapab ede w nan jan de sikonstans sa yo.

Kiyès ki pou peye pou dega yon aksidan lakòz?

Gen yon dam ki rele Lisa *, ki t ap kondui yon machin, ki te fè yon erè e ki t al frape ak yon lòt machin. Pa gen moun ki te blese, men toule de machin yo te andomaje. Nan peyi l, chofè ki jèn yo peye anpil kòb pou asirans machin yo, e kòb sa a ogmante apre chak aksidan yo fè. Piske Lisa te gen yon kouzen l ki rele Gregor ki te avè l, gen yon zanmi l ki te konseye l pou l rapòte se Gregor ki t ap kondui machin nan. Konsa, Lisa pa t ap bezwen peye plis kòb pou asirans lan. Solisyon sa a se yon solisyon ki te parèt entèlijan. Ki sa Lisa te dwe fè?

Konpayi asirans yo sèvi ak kòb moun ki gen asirans yo peye pou yo peye dedomajman. Konsa, si Lisa ta suiv konsèy zanmi l lan, anfèt se fè li t ap fè lòt moun ki nan menm konpayi asirans avè l yo peye plis kòb poutèt aksidan li te fè a. Nonsèlman li t ap bay yon fo rapò, men tou, se kòmsi li t ap vòlè kòb lòt moun. Se menm bagay la tou ki t ap rive si yon moun ta fè yon fo deklarasyon pou ogmante kantite kòb konpayi asirans lan ta dwe ba li.

Pinisyon lalwa prevwa yo ka dekouraje moun fè zak malonèt. Men, nou jwenn rezon ki pi enpòtan pou moun pa fè zak malonèt nan Pawòl Bondye a. Men sa youn nan Dis Kòmandman yo di: “Piga nou pran sa ki pa pou nou.” ​(Egzòd 20:15). Apot Pòl te repete kòmandman sa a pou kretyen yo. Li te di: “Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò.” ​(Efezyen 4:28). Lè w obeyi Pawòl Bondye a nan kesyon asirans, ou pap fè bagay Bondye kondane. Anplis, w ap demontre lanmou ak respè ou genyen pou lwa Bondye yo e pou pwochen w. —Sòm 119:97.

“Bay Seza sa ki pou Seza”

Peter se yon òm dafè. Kontab li a te konseye l pou l mande yon rediksyon sou taks li ta dwe peye pou ekipman òdinatè li swadizan achte ki koute chè. Nan kèk peyi, acha sa yo se bagay nòmal pou yon biznis tankou pa Peter a. Menmsi Peter pa t janm fè acha sa yo, sanble gouvènman an pa t ap fè envestigasyon pou l konnen si l te fè yo vre. Dediksyon sa a t ap fè Peter ekonomize anpil kòb sou taks li ta dwe peye yo. Ki sa l ta dwe fè? Ki sa ki te ka gide l nan desizyon li t ap pran an?

Men sa apot Pòl te di kretyen nan epòk li a: “Tout moun dwe soumèt devan otorite k’ap gouvènen peyi a [...]. Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo. Peye taks nan biwo kote pou ou peye taks.” ​(Women 13:1, 7). Moun ki vle gen apwobasyon Bondye peye tout taks otorite yo mande. Yon lòt bò, si lalwa peyi a pèmèt yo redui taks pou yon seri moun oswa yon seri biznis, pa gen anyen mal si yon moun pwofite avantaj sa a depi li kalifye pou sa ann amoni ak lalwa.

Men yon lòt sitiyasyon ki gen rapò ak peye taks. David ap travay kòm ebenis nan yon konpayi lokal. Men, zanmi l yo ak vwazen l yo mande l pou l fè kèk nouvo mèb pou yo mete lakay yo. Li te fè sa apre l te fin travay. Yo te peye l plis kòb pase sa l te konn touche nan travay li. Sepandan, yo te vle l fè travay sa yo san l pa fè okenn deklarasyon bay otorite yo sou kantite kòb yo peye l. Konsa, pa gen okenn papye ki ka sèvi kòm prèv li te fè yon travay pou yo, e pèsonn pa peye taks. Gen anpil moun ki santi pa gen anyen mal nan sa, paske tout moun tire pwofi nan dispozisyon sa a. Piske David gen sousi pou l fè Bondye plezi, ki jan l ta dwe konsidere sa?

Byenke otorite yo ka pa kenbe yon moun k ap travay konsa, an reyalite li pa peye taks li dwe gouvènman an. Men sa Jezi te mande nou fè: “Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.” ​(Matye 22:17-21). Jezi te di sa pou l te korije panse moun ki t ap koute l yo sou kesyon peye taks la. Otorite ki nan gouvènman yo, Jezi te rele Seza, konsidere moun yo dwe peye taks nòmalman. Donk, disip Kris yo konsidere peye tout taks kòm yon devwa Labib ba yo.

Pran poul nan egzamen

Gen yon elèv nan yon lekòl segondè ki rele Marta ki t ap prepare pou l fè egzamen final nan lekòl li. Piske espwa l gen pou l jwenn yon bon travay depann de gwo nòt li fè lekòl, li te pase plizyè èdtan ap etidye. Pami kondisip li yo, genyen ki t ap prepare yo tou, men yo te fè sa yon lòt fason. Yo te planifye pou yo sèvi ak pedjè, kalkilatris ki tou pwograme e ak telefòn selilè pou yo ka pran poul nan egzamen an yon fason pou yo ka fè gwo nòt. Èske Marta ta dwe fè menm jan ak “tout moun” pou l asire l l ap fè gwo nòt?

Piske pran poul se yon bagay ki gaye toupatou, anpil moun santi pa gen anyen ki mal pou yon moun fè sa. Yo panse “sa ki pi enpòtan, se pa kite yo kenbe w”. Sepandan, vrè kretyen yo pa dakò ak fason moun sa yo panse a. Byenke yon pwofesè gendwa pa wè lè elèv yo ap pran poul, gen yon moun ki wè. Jewova Dye konnen sa n ap fè e l ap jije nou pou aksyon nou yo. Men sa Pòl te ekri: ‘Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.’ ​(Ebre 4:13). Lefètke nou konnen Bondye ap gade nou piske li vle nou fè sa ki dwat, èske sa pa ban nou yon gwo motivasyon pou nou onèt lè n ap fè yon egzamen?

Ki sa w ap fè?

Lisa, Gregor, Peter, David ak Marta te konnen sitiyasyon yo te twouve yo a te grav. Yo te deside aji avèk onètete e konsa, yo te toujou gen yon konsyans ki klè e yo te kenbe entegrite yo nan domèn moral. Ki sa w ap fè lè w rankontre sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon sa yo?

Kòlèg travay ou, kondisip ou ak vwazen w ka pa gen pwoblèm pou yo bay manti, pou yo pran poul nan egzamen oswa pou yo vòlè. Natirèlman, yo ka pase w nan rizib nan objektif pou yo fè w aji menm jan ak yo. Ki sa k ka ede w pran bon desizyon malgre presyon y ap fè sou ou pou w aji yon fason malonèt?

Pa bliye sa, lè w aji ann amoni ak volonte Bondye, sa fè w gen yon konsyans ki klè e sa fè w gen apwobasyon Bondye ak favè l. Men sa wa David te ekri: “Senyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a? Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l ye nan kè li [...]. Moun ki fè bagay sa yo p’ap janm tonbe!” ​(Sòm 15:1-5). Sa pi enpòtan lontan pou nou gen yon konsyans ki klè e pou nou zanmi Bondye nan syèl la pase avantaj materyèl nou jwenn lè nou fè zak malonèt.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Gen non moun yo chanje.

[Antrefilè nan paj 11]

“Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò.”

Lè nou respekte lwa Bondye yo e nou renmen pwochen nou, sa pouse nou pou nou onèt nan kesyon peye asirans.

[Antrefilè nan paj 11]

“Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo.”

Pou nou gen apwobasyon Bondye, nou peye tout taks lalwa mande.

[Antrefilè nan paj 12]

‘Tout bagay [...] aklè devan je Bondye, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.’

Byenke pwofesè yo ka pa kenbe nou si n ap pran poul, nou dwe rete onèt devan Bondye.

[Kare/Foto nan paj 13]

Yon vòl lòt moun “pa ka wè”

Yon zanmi w achte dènye edisyon yon pwogram enfòmatik, e ou menm ou ta renmen gen pwogram sa a. Li ofri w l ap fè yon kopi pwogram nan pou ou yon fason pou w pa depanse lajan w. Èske sa onèt?

Lè moun k ap itilize òdinatè yo achte yon pwogram enfòmatik, yo dakò pou yo respekte limit yo mete nan kontra ki vini ak pwogram nan. Nan kontra sa a, yo kapab pèmèt achtè a enstale pwogram nan e itilize l sou yon sèl òdinatè. Nan ka sa a, si l kopye pwogram nan pou yon lòt moun, l ap vyole limit yo te ba l nan kontra a e sa l fè a ilegal (Women 13:4). Lè yon moun fè sa, se yon vòl li fè. Paske sa ap fè moun ki gen dwadotè a pèdi lajan. —Efezyen 4:28.

Gen kèk moun ki ka fè rezònman sa a: ‘Pèsonn pap janm konnen si m kopye pwogram nan.’ Petèt se vre. Sepandan, nou ta dwe sonje pawòl sa yo Jezi te di: “Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo.” ​(Matye 7:12). Nou tout renmen lè moun peye nou sa yo dwe peye nou pou yon travay nou fè e nou ta renmen lòt moun respekte sa k pou nou. Ebyen, nou ta dwe gen menm konsiderasyon an pou lòt moun. Nou dwe evite fè vòl menmsi se vòl lòt moun “pa ka wè”, pa egzanp vòlè pwopriyete entèlektyèl * yon moun. —Egzòd 22:7-9.

[Nòt anba paj]

^ § 40 Pwopriyete entèlektyèl yon moun gen ladan l bagay tankou mizik, liv ak pwogram enfòmatik moun nan gen dwadotè sou yo, kit yo enprime yo sou papye, kit yo anrejistre yo pa mwayen òdinatè. Mak yon pwodui, yon patant, enfòmasyon sekrè sou yon pwodui ak dwa pou yo fè piblisite fè pati pwopriyete entèlektyèl tou.