Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sinagòg — Kote Jezi ak disip li yo te konn anseye

Sinagòg — Kote Jezi ak disip li yo te konn anseye

Sinagòg — Kote Jezi ak disip li yo te konn anseye

“Apre sa, li mache nan tout Galile, li t ap anseye nan sinagòg yo, li t ap preche bon nouvèl wayòm nan.”—MATYE 4:23NW.

LÈ NOU li Evanjil yo, trè souvan, nou rann nou kont Jezi twouve l nan yon sinagòg. Kit se Nazarèt, vil kote li te leve a, oubyen Kapènawòm, vil li te vin konsidere kòm lakay li, oubyen nenpòt vil oswa bouk li te vizite pandan ministè l ki te dire twazan edmi e ki te chaje ak aktivite, Jezi te chwazi sinagòg souvan pou l preche moun yo sou Wayòm Bondye a e pou l anseye yo. Anfèt, lè Jezi t ap reflechi sou ministè l, men sa l te di: “Se nan sinagòg, nan lakou tanp lan, kote Jwif yo rasanble, se la mwen te toujou anseye.” —Jan 18:20, Bib Kreyòl La.

Menm jan an tou, apot Jezi yo ak lòt kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te anseye souvan nan sinagòg yo. Men, kòman Juif yo te rive vin adore Bondye nan sinagòg yo? E ki jan kay sa yo te ye nan tan Jezi t ap viv sou tè a? Ann egzamine sijè sa a pi byen toujou.

Yon aspè enpòtan nan lavi Juif yo Twa fwa nan ane a, mesye juif yo te dwe ale Jerizalèm pou fèt yo te abitye fè nan tanp sakre a. Men, nan adorasyon yo te konn bay Bondye toule jou yo, kit yo te viv Palestin, kit yo te viv nan youn nan plizyè kominote juif ki te pa deyò vil Palestin nan, sinagòg la ki te nan zòn lakay yo te apwopriye pou aktivite yo te genyen yo.

Ki lè yo te kòmanse itilize sinagòg? Gen kèk moun ki kwè yo te kòmanse itilize yo nan epòk Juif yo te ann egzil nan Babilòn (607-537 anvan epòk nou an), nan moman tanp Jewova a te an debri. Oubyen tou se te ka nan moman Juif yo te apèn soti ann egzil, lè prèt Ezra te ankouraje pèp li a pou yo chèche gen plis konesans ak plis konpreyansyon sou Lwa Bondye a. —Ezra [Esdras] 7:10; 8:1-8; 10:3.

Okòmansman, mo pou “sinagòg” la te senpleman vle di “asanble” oswa “kongregasyon”. Se nan sans sa a yo te itilize l nan Septant lan, yon tradiksyon grèk pou Ekriti ebrayik yo. Sepandan, avèk letan, yo vin itilize mo a pou fè referans ak kay kote moun yo rasanble pou yo adore Bondye. Nan premye syèk epòk nou an, prèske chak bouk Jezi te vizite te gen sinagòg pa l; vil yo te gen plizyè; Jerizalèm li menm te gen plis toujou. Ki jan kay sa yo te ye?

Kay kote yo te adore Bondye a te modès Lè Juif yo ap bati yon sinagòg, jeneralman yo chèche yon kote ki wo e yo fè plan kay la yon fason pou pòt antre a (1) bay sou Jerizalèm. Li pa t toujou posib pou yo respekte kondisyon sa yo, sa te mande pou yo fleksib.

Nòmalman, lè yo te fin konstwi sinagòg la, li te trè senp, li pa t gen anpil akseswa ladan l. Sepandan, yon aspè enpòtan se lefètke li te gen yon lach (2), oswa yon kòf, ki te gen ladan l woulo Ekriti sakre yo, bagay ki te gen pi plis valè pou Juif yo. Lè yo te rasanble pou reyinyon yo, yo te mete lach la nan plas li, yon kote moun te ka wè l. Lè reyinyon yo fini, yo remete l nan yon chanm ki byen fèmen (3).

Touprè lach la te gen plas pou moun chita (4). Plas sa yo te anfas kongregasyon an e yo te rezève yo pou dirijan sinagòg yo ak envite espesyal yo (Matye 23:5, 6). Touprè mitan sal la te gen yon estrad e sou li te gen yon pipit ak yon chèz pou oratè a (5). Sou twa bò ki anfas estrad la te gen plas pou moun nan kongregasyon an chita (6).

Nòmalman, se te kongregasyon nan zòn nan ki te jere sinagòg la e ki te kontribye pou li. Tout moun, ni rich ni pòv, te fè ofrann volontè pou pran swen batisman an e pou fè reparasyon ki te nesesè ladan l. Men, ki jan reyinyon nan sinagòg yo te dewoule?

Adorasyon nan sinagòg yo Pwogram adorasyon nan sinagòg yo te gen ladan l, chante louwanj, priye, li Ekriti yo, anseye ak preche. Pou kòmanse, kongregasyon an te resite awotvwa Chema a, ki ta sanse yon fason Juif yo te eksprime lafwa yo. Non sa a te baze sou premye mo ki nan premye pasaj yo te konn resite a: “Tande [Chema], o Izrayèl: Jewova Bondye nou an se yon sèl Jewova.” —Detewonòm 6:4NW.

Ansuit, yo te li Tora a e yo te bay esplikasyon sou li. Tora a se senk premye liv nan Bib la, se Moyiz ki te ekri yo (Travay 15:21). Apre sa, yo li kèk pòsyon nan liv pwofèt yo (haftarahs), yo bay esplikasyon sou yo e yo montre jan pou yo aplike yo. Pafwa, se oratè vizitè a ki te fè pati sa a nan pwogram nan, jan Jezi te fè sa nan sikonstans nou jwenn nan Lik 4:16-21 an.

Natirèlman, woulo yo te bay Jezi pou l li nan reyinyon sa a pa t gen ni chapit ni vèsè ekri ladan l, jan nou genyen yo nan Bib nou yo jodi a. Anfèt, nou ka imajine Jezi k ap dewoule woulo a ak men goch li anmenmtan l ap rale woulo a anlè ak men dwat li jiskaske li jwenn pati li t ap chèche a. Apre l fin li nan woulo a, li woule l ankò jan li te ye anvan an.

Byen souvan, yo te fè lekti sa yo ann Ebre e yo te tradui yo ann Arameyen. Nan kongregasyon grèk yo, se Septant lan yo te itilize.

Sinagòg la te enpòtan nan lavi moun yo t ap mennen chak jou Sinagòg la te tèlman enpòtan nan lavi Juif yo, yo te itilize l ansanm ak tout lòt batisman ki ratache avè l yo oswa ki te nan menm lokal avè l yo nan plizyè domèn. Pafwa, yo te itilize l kòm tribinal. Yo te itilize l tou pou moun nan kominote a ka reyini pou diskite bezwen yo genyen e menm pou rasanbleman kote yo te sèvi manje nan salamanje ki te konekte ak sinagòg la. Pafwa yo te konn loje kèk moun ki te an vwayaj nan chanm ki nan lokal sinagòg la.

Nan prèske tout ti vil yo, byen souvan sinagòg yo te gen yon lekòl nan menm lokal la. Nou ka imajine yon chanm plen ak timoun k ap aprann li gwo lèt yon pwofesè ekri sou yon tablo ki fèt ak lasi. Se prensipalman lekòl sa yo ki fè pèp juif la te yon pèp ki te konn li nan tan lontan. Menm moun ki te fè pati mas pèp la te konnen Ekriti yo.

Sepandan, objektif prensipal sinagòg la se te pèmèt moun yo gen yon kote pou yo adore Bondye regilyèman. Se sa k fè li pa etonan dèske reyinyon kretyen premye syèk yo te sanble anpil ak reyinyon ki te konn fèt nan sinagòg juif yo. Nan reyinyon kretyen yo, objektif la tou se te pou yo adore Jewova pa mwayen lapriyè, pou yo chante louwanj, pou yo li Ekriti yo e pou yo chèche konprann Pawòl Bondye a. Resanblans yo pa rete la. Ni nan sinagòg yo ni nan kote Kretyen yo te konn reyini yo, se ofrann volontè moun yo te konn fè pou konble bezwen ki genyen e pou kouvri depans ki te dwe fèt. Nan toude kote sa yo, se pa t sèlman yon ti gwoup moun oswa yon klèje ki te gen privilèj pou yo li Pawòl Bondye a e pou yo esplike sa k ladan l, e nan reyinyon sa yo se yon seri mesye aje ki te responsab pou òganize yo e pou dirije yo.

Temwen Jewova yo jodi a fè gwo efò pou yo suiv modèl Jezi ak disip li yo ki t ap viv nan premye syèk la te kite. Reyinyon yo fè nan Sal Wayòm yo gen kèk resanblans ak reyinyon ki te konn fèt nan sinagòg yo nan tan lontan. Avantou, Temwen yo reyini nan objektif pou yo “pwoche bò kote Bondye”, e se menm objektif sa a moun ki renmen laverite yo te toujou genyen. —Jak 4:8.

[Foto nan paj 16, 17]

Rekonstriksyon sa a baze sou plan sinagòg Gamla a ki te nan premye syèk la.

[Foto nan paj 18]

Yo te anseye tigason ki gen 6 an rive 13 an nan lekòl ki te nan sinagòg yo.