Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

3. Aksepte èd nan men lòt moun

3. Aksepte èd nan men lòt moun

Fason w ka rive konprann Bib la

3. Aksepte èd nan men lòt moun

Gen yon eksploratè ki rele Edward John Eyre ki te travèse yon plèn dezole ann Ostrali ki rele Nullarbor. Moun peyi a te aprann li ki jan pou l jwenn dlo nan yon seri ti mòn ki fèt ak sab ak nan pye ekaliptis. Lefètke Eyre te aksepte èd nan men moun sa yo ki te konnen zòn nan, sa te sove lavi l annapre.

JAN egzanp sa a montre sa, souvan nou konn bezwen èd nan men moun ki gen plis eksperyans pase nou lè nou bezwen fè yon bagay ki gen difikilte ladan l. Se menm bagay la tou pou nou li Bib la.

Jezi pa t atann pou moun k ap vin disip li yo konprann Bib la san yo pa jwenn èd nan men lòt moun. Nan yon okazyon, li te “ouvri lespri yo nèt pou yo kapte sans Ekriti yo”. (Lik 24:45, NW.) Jezi te konnen moun k ap li Bib la bezwen èd pou yo konprann ansèyman ki ladan l yo.

Nan men ki moun?

Jezi te bay vrè disip li yo lòd pou yo bay lòt moun èd sa a. Anvan Jezi te monte nan syèl la, men sa li te di yo: “Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, [...] moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè.” ​(Matye 28:19, 20). Prensipal travay kretyen yo fè se anseye. Travay sa a mande pou yo esplike moun ki jan yo ka aplike prensip yo jwenn nan Bib la nan lavi yo chak jou. Vrè kretyen yo ede lòt moun konprann Bib la.

Yon ti tan apre Jezi te fin bay disip li yo lòd sa a, gen yon bagay enteresan ki te rive. Bib la pale de yon mesye ki te ofisye nan lakou wayal peyi Etyopi ki t ap li yon pòsyon nan pwofesi Izayi a. Li te rive nan yon pasaj ki te difisil pou l konprann. Men sa pasaj sa a di: “Li te tankou yon mouton yo t’ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y’ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l jistis. Pèsonn p’ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l sou latè fini nèt.” —Travay 8:32, 33; Izayi [Ezayi] 53:7, 8.

Men sa ofisye a te mande Filip, yon kretyen ki te konn Ekriti yo byen: “Di m non, [de] ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l osinon yon lòt moun?” ​(Travay 8:34). Etyopyen an ki te yon nonm sensè te fèk sot Jerizalèm kote l t al adore, e se pwobab li te priye Bondye pou l gide l. Aparamman, nonsèlman li te vle konprann sa l t ap li a, men li t ap li Bib la avèk imilite. Sepandan, li pa t ka rive konprann pasaj li t ap li a. Avèk imilite, li te mande Filip ede l. Esplikasyon Filip te ba li a te tèlman fè kè l kontan, sa te pouse l pou l vin kretyen. —Travay 8:35-39.

Temwen Jewova yo kontinye fè travay Filip ak lòt kretyen nan premye syèk la t ap fè a. Nan plis pase 235 peyi, Temwen Jewova yo ede lòt moun volontèman pou yo konprann sa Bib la anseye toutbonvre. Yo itilize yon metòd pou yo etidye Bib la kote yo chwazi yon sijè epi yo analize sa Bib la di sou li *. —Gade kare  “Ou kapab jwenn repons k ap satisfè w pou kesyon ou genyen sou Bib la”.

“Mwen te jwenn repons pou tout kesyon m yo”

Steven, Valvanera ak Jo-Anne nou te site pawòl yo nan premye atik ki nan seri atik sa a te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Men sa Steven di: “Apre m te fin konpare kèk prensip oswa kèk istwa nan Bib la, mwen te sezi wè verite konsènan yon kesyon mwen t ap analize te deja la depi lontan. Anvan m te kòmanse etidye Bib la, pèsonn pa t janm montre m ki jan pou m fè sa. Se te yon gwo soulajman pou mwen lè m te wè mwen pa t oblije fè yon bann deba kote ni moun k ap etidye avè m nan ni mwen nou chak ap bay opinyon pa nou.

Sa Valvanera di yo ale nan menm sans lan. Men sa li di: “Tout bagay [sa l te aprann yo] te vrèman fè sans e yo te vrèman lojik. Se pa senpleman paske ‘Legliz la’ te di sa, ki fè se te laverite, men, se paske mwen te jwenn yon esplikasyon rezonab pou tout bagay.” Men sa Jo-Anne di: “Lefètke mwen te jwenn yon repons pou kesyon m yo nan Bib la, sa te fè m vin gen anpil respè pou Moun ki te fè ekri l la, paske li te gen prevwayans pou li fè ekri yon repons pou chak kesyon yon moun ka genyen.”

Èske w konn yon moun ki Temwen Jewova? Poukisa ou pa mande l montre w ki jan yon etid Labib fèt? Si w pa konn yon moun ki Temwen Jewova, silvouplè, ekri Temwen Jewova yo nan youn nan adrès ki nan paj 4 peryodik sa a. Avèk èd lespri sen, avèk yon bon etadespri ansanm ak èd pèsonèl ou jwenn nan men yon anseyan ki kalifye, Pawòl Bondye a pap difisil pou w konprann.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Yon liv ki ede anpil moun etidye Bib la dapre metòd sa a, se liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Kare/Foto nan paj 18]

 Ou kapab jwenn repons k ap satisfè w pou kesyon ou genyen sou Bib la

Kèk nan sijè Temwen Jewova yo trete nan pwogram etid biblik yo a:

• Ki objektif Bondye gen pou tè a?

• Ki kote mò yo ye?

• Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?

• Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

• Ki jan pou m rann lavi fanmi m agreyab?

[Foto nan paj 17]

Pou w konprann Bib la... priye Bondye pou l ba w lespri l, li Labib avèk yon bon etadespri epi aksepte èd nan men lòt moun.