Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske tout relijyon ap sèvi menm Bondye a?

Èske tout relijyon ap sèvi menm Bondye a?

Èske tout relijyon ap sèvi menm Bondye a?

“Mwen gen kwayans pa m e mwen pap chanje yo. Antouka, relijyon yon moun pa enpòtan, paske tout relijyon ap sèvi menm Bondye a.”

ÈSKE W konn tande moun ki gen pwennvi sa a? Anpil moun panse yo kapab jwenn Bondye e yo kapab konprann sans lavi a nan kèlkeswa relijyon yo ye a. Konsa tou, anpil moun kwè gen bagay ki bon ak bagay ki pa bon nan chak relijyon. Anplis, yo kwè pa gen moun ki ka di se relijyon pa l la ki gen verite a oswa se sèlman si yon moun nan relijyon pa l la l ap rive jwenn Bondye.

Jodi a, pwennvi sa yo gaye toupatou nan sosyete nou an pami moun ki di yo toleran nan domèn kwayans e ki panse tout kalite kwayans akseptab. Anfèt, yo konn di moun ki pa panse konsa yo se moun ki gen lespri yo fèmen oswa ki gen prejije. Ki opinyon w sou sa? Èske w panse tout relijyon se menm Bondye a y ap sèvi? Èske w panse relijyon yon moun enpòtan?

Èske vrèman gen diferans ant relijyon yo?

Dapre yon ansiklopedi, aktyèlman gen anviwon 9 900 relijyon sou tè a. Genyen nan yo ki egziste toupatou nan monn nan e yo gen plizyè milyon manm. Dapre estimasyon ki fèt, 70 pousan moun ki sou tè a fè pati senk gwo relijyon: Boudis, Krisyanis, Endouyis, Islam ak Jidayis. Si tout relijyon ap sèvi menm Bondye a, se sèten senk gwo relijyon sa yo ta dwe gen anpil resanblans nan sa yo anseye, nan fason yo prezante Bondye ak nan esplikasyon yo bay sou objektif li. An reyalite, èske se konsa sa ye?

Gen yon teyolojyen katolik ki rele Hans Küng ki di gwo relijyon yo vrèman sanble youn ak lòt nan kwayans de baz yo genyen anrapò ak fason moun dwe trete moun. Pa egzanp, pifò nan yo pa dakò pou moun touye moun, pou yo bay manti, pou yo vòlè, pou moun fè ensès (gen relasyon seksyèl ak moun ki fanmi pre yo). Anplis, yo anseye pou timoun gen respè pou paran yo e pou paran yo renmen pitit yo. Sepandan, nan kèk lòt domèn, espesyalman nan fason yo prezante Bondye, gwo relijyon sa yo diferan anpil youn ak lòt.

Pa egzanp, endouyis yo adore yon bann dye, alòske boudis yo di yo pa fin sèten si gen yon Bondye. Relijyon mizilman anseye gen yon sèl Bondye. Legliz kretyen yo di menm bagay la tou, sepandan, pifò nan yo kwè nan Trinite e yo gen yon bann kwayans ki depaman youn ak lòt. Katolik yo venere Mari, manman Jezi, men, potestan yo pa fè sa. An jeneral, Legliz katolik pa dakò pou katolik yo fè planing, alòske, pifò potestan pa gen pwoblèm ak sa. E Potestan yo divize sou kesyon omoseksyalite a.

Èske li lojik pou yon moun panse relijyon sa yo ki gen yon seri kwayans ki depaman konsa ap sèvi menm Bondye a? Non. Okontrè, sitiyasyon sa a sèlman lage moun nan konfizyon. Li fè yo pa konnen Bondye e li fè yo pa konnen ki sa l vle pou moun k ap adore l yo fè.

Èske yo ini moun oubyen yo divize yo?

Si tout relijyon ap sèvi menm Bondye a, se sèten nou ta dwe wè y ap fè tout sa yo kapab pou yo ini limanite nan lapè. Èske y ap travay pou sa vre? Listwa montre relijyon pa ini lèzòm, men li lakòz divizyon ak lagè pito. Ann pran kèk egzanp ki montre sa.

Soti nan 11yèm syèk nan epòk nou an rive nan 13yèm syèk nan epòk nou an, lakretyente, sa vle nasyon ki di yo se nasyon ki kretyen yo, t ap fè lagè ak peyi mizilman yo nan yon seri gè yo rele kwazad. Nan 17yèm syèk la, katolik ak potestan ann Ewòp yo t ap goumen youn ak lòt nan yon gè yo rele gè Trantan an. An 1947, kou peyi End te fin pran endepandans li nan men Grann Bretay, endou yo ak mizilman yo te antre nan gè youn ak lòt. Nan Ilann dinò, katolik ak potestan pase yon bann ane ap goumen youn ak lòt. Nan Mwayen Oryan, juif ak mizilman toujou pa ka viv youn ak lòt nan lapè. Youn nan pi gwo egzanp ki montre relijyon divize lèzòm e li pa pote lapè, se Dezyèm Gè mondyal la. Moun ki nan toule senk gwo relijyon sa yo te patisipe ladan l e yo te menm goumen ak moun ki nan menm relijyon ak yo.

Yon konklizyon nou kapab tire ki klè, sèke relijyon nan monn nan pa rive bay lapè, yo pa rive ini moun, ni yo pa sèvi menm Bondye a. Okontrè, yo divize lèzòm e yo fè yo pa byen konnen Bondye ak fason pou yo sèvi l. Se sa k fè yon moun ki vle konnen Bondye dwe byen chwazi relijyon l ap antre ladan l lan. Sa ann amoni ak sa Labib, youn nan liv ki pi ansyen pami liv lèzòm konnen yo, ankouraje moun fè.

Chwazi sa nou vle sèvi a

Labib montre byen klè yon moun dwe byen reflechi e li dwe fè yon bon chwa si li vle jwenn chemen k ap ede l jwenn vrè Dye a. Men sa Jozye, yon sèvitè Jewova Dye, te di nasyon Izrayèl nan tan lontan an: “Depi kounyeya chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t’ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t’ap sèvi nan peyi kote n’ap viv kounyeya. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a [“Jewova”, NW] n’ap sèvi.” Dèzane apre, pwofèt Eliya te ankouraje pèp la fè yon chwa konsa tou. Men sa li te di yo: “Kilè n’a sispann woule de bò! Si se Senyè a ki Bondye, se li pou n sèvi. Si se Baal [dye Kananeyen yo] ki Bondye, se li pou n sèvi!” —Jozye 24:15, 16; 1 Wa 18:21.

Vèsè sa yo ak lòt vèsè ankò montre avèk fòs moun ki te vle sèvi vrè Dye a te dwe byen reflechi anvan yo fè chwa sa a. Se menm bagay la tou jodi a, si nou vle adore vrè Dye a e nou vle sèvi l, nou menm tou nou bezwen byen chwazi. Men, ki sa ki ka ede nou fè yon bon chwa nan domèn adorasyon? Ki jan nou ka rive idantifye vrè adoratè Bondye yo?

Se fwi vrè adoratè yo pwodui ki fè moun idantifye yo

Men sa Jezi Kris te di disip li yo konsènan vrè adoratè yo ak fo adoratè yo: “Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt. Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn. Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn. [...] N’a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y’ap fè.” Menm jan an tou, moun ka rekonèt vrè adoratè Bondye yo parapò ak fwi yo pwodui, sètadi aksyon yo fè. Ki fwi sa yo? —Matye 7:16-20.

Premyèman, vrè adorasyon an ini kwayan yo nan lanmou. Men sa Jezi te esplike disip li yo: “M’ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.” Vrè disip Jezi yo dwe demontre yon lanmou youn pou lòt ki tèlman estrawòdinè, moun k ap gade yo ap kapab wè se yo menm ki vrè disip li yo. —Jan 13:34, 35.

Se sa k fè kretyen yo pap janm ka pran lèzàm pou youn goumen ak lòt. Èske manm legliz yo suiv prensip sa a? Pandan Dezyèm Gè mondyal la, sèl gwoup ki te toujou refize soutni gè sa a nan kèlkeswa fason an, se te Temwen Jewova yo. Men sa doktè Hanns Lilje, yon moun ki te evèk nan legliz potestan ki te nan vil Hannover, nan peyi Almay, te ekri sou yo: “Yo [Temwen Jewova yo] gen rezon pou yo di se yo menm sèlman konsyans yo pa t pèmèt yo patisipe nan aktivite militè nan Twazyèm Reich la.” Pandan gè sa a, nan anpil peyi, Temwen yo te pito kite yo pèsekite yo olye pou yo soutni gè a.

Ki lòt fwi ankò Jezi te gen nan lespri l ki kapab ede moun idantifye vrè disip li yo? Nan priyè Nòtrepè a, yon priyè anpil moun konnen, men sa Jezi te di: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” Jezi te pale toudabò de sangtifikasyon non Bondye, Jewova. Li te mande Bondye pou l sèvi ak Wayòm li an pou volonte l fèt sou tè a. Ki relijyon moun konnen ki fè lòt moun konnen non Jewova a e ki enfòme yo Wayòm Bondye a se sèl mwayen ki genyen pou lapè etabli sou tè a? Temwen Jewova yo fè moun konnen bon nouvèl Wayòm nan nan 236 peyi ak tèritwa grasa piblikasyon yo distribye nan plis pase 470 lang. —Matye 6:9, 10, NW.

Anplis, Temwen Jewova yo suiv egzanp Jezi ki pa t antre nan politik. Se sa k fè yo pa antre nan okenn deba politik oswa nan okenn deba sosyal. Jezi te di konsènan disip li yo: “Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm mwen pa fè pati monn nan.” Anplis de sa, yo aksepte Bib la kòm Pawòl Bondye e yo kwè ak tout kè yo “tou sa ki ekri [ladan l] [...] se nan Lespri Bondye a yo soti. Y’ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k’ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k’ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen”. —Jan 17:14, 17, NW; 2 Timote 3:16, 17.

Vrè relijyon an diferan

Vrè adoratè yo se moun ki gen yon kalite lanmou ki fè yo dispoze fè sakrifis. Yo gen dezi pou yo sangtifye non Jewova, yo pwoklame bon nouvèl Wayòm nan, yo pa fè pati monn nan e yo gen lafwa nan Bib la. Bagay sa yo fè yo diferan ak moun ki nan lòt relijyon yo. Men konklizyon yon fi ki te gen plizyè konvèsasyon ak Temwen Jewova yo te tire poukont li: “Mwen konnen plizyè relijyon, e yo tout sanble. Se nou menm sèlman ki diferan ak lòt yo.”

Pa gen dout nan sa, tout relijyon yo pa sèvi menm Bondye a. Sepandan gen yon gwoup ki diferan ak lòt yo. Se Temwen Jewova yo. Kounye a, yo plis pase sèt milyon sou tè a. Lefètke yo anseye sa k nan Labib, Pawòl Bondye a, e yo rete kole ak li, yo rive reyalize sa okenn lòt gwoup oswa òganizasyon pa rive reyalize: yo ini moun divès nasyonalite, ki pale divès lang, ki soti nan diferan kilti ak ras pou yo adore vrè Dye a, Jewova. Y ap byen kontan ede w konnen vrè Dye a, sa li vle w fè ak fason pou w jwenn lapè ak sekirite yon moun santi lè l ap adore Bondye fason li aksepte a. Èske se pa yon bèl objektif yo genyen?

[Foto nan paj 31]

Yon prèt òtodòks k ap beni kèk nouvo gwoup sòlda ann Ikrèn an 2004.

[Liy kredi]

GENIA SAVILOV/AFP/Getty Images

[Foto nan paj 32]

Toupatou, Temwen Jewova yo ede moun aprann konnen Bondye e yo ede yo konnen ki sa Wayòm li an ye.

[Liy kredi pou foto nan paj 29]

Paj 29: yon fi ki boudis: © Yan Liao/Alamy; yon mesye ki endou: © imagebroker/Alamy; paj 30: yon mesye k ap li Koran an: Mohamed Amin/Camerapix; yon Juif: Todd Bolen/Bible Places.com