Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kote gè Amagedòn nan ap fèt ?

Ki kote gè Amagedòn nan ap fèt ?

Lektè nou yo ta renmen konnen

Ki kote gè Amagedòn nan ap fèt ?

Se pa sou yon chan batay an patikilye yo pral fè gè Amagedòn nan. Men, se tout tè a k ap chan batay sa a. Poukisa ? Se paske de kan ki pral batay yo tèlman gran, pa gen okenn kote k ap gwo ase pou batay la ta fèt la.

Yo pale de Amagedòn kòm “ lagè gran jou Bondye Toupisan an ”. Jewova Dye pral sèvi ak Kris Jezi, Pitit li a, pou l rasanble yon lame zanj pou yo batay kont lame tout dirijan yo sou tè a ki mete tèt yo ansanm e ki mechan. — Revelasyon 16:14 ; 19:11-16.

Fòs satanik yo twonpe nasyon yo yon fason pou yo vin fè batay la. Bib la di “ pawòl demon enspire ” yo “ soti al jwenn wa ki sou tout kò tè a ki abite, pou rasanble yo [...] nan zòn yo rele ann ebre Amagedòn nan ”. — Revelasyon 16:14-16.

Pa gen okenn liv ki kapte atansyon moun k ap li l yo tankou liv Revelasyon an. Gen anpil nan moun k ap li l ki pran sa l di yon fason literal. Donk, yo idantifye kote yo panse batay sa a pral fèt la e yo la y ap veye evènman k ap pase nan zòn sa a. Nou jwenn ide ki fè kwè Amagedòn ap fèt yon kote an patikilye a nan yon dokiman ki ekri an grèk ki pale sou liv Revelasyon an. Se dokiman ki pi ansyen ki egziste toujou ki pale sou kesyon sa a, e se yon chèf relijye ki rele Ekonomis ki te ekri l nan sizyèm syèk epòk nou an.

John F. Walvoord, ansyen prezidan yon enstitisyon kote yo fè etid teyoloji (Dallas Theological Seminary) di Amagedòn “ se dènye batay yon monn k ap goumen e ki dezespere pral fè nan Mwayen Oryan ”. Pawòl sa yo eksprime menm pwennvi k ap sikile pami klèje fondamantalis la. Walvoord fè konnen gwo konfli sa a pral fèt alavni nan “ ‘ mòn Megido ’, yon ti mòn ki nan nò Palestin nan dènye bout yon gwo plèn ”.

Sepandan, liv Revelasyon an pa t ekri nan entansyon pou atire atansyon sou yon kote literal ki rele Amagedòn. Premye pawòl nou jwenn nan liv sa a fè konnen yo prezante istwa ki ladan l yo “ an senbòl ”. (Revelasyon 1:1.) Men sa Temwen Jewova yo te di depi lontan nan Études des Écritures, tòm IV, youn nan piblikasyon yo ekri yo : “ Nou pa gen pou nou atann moun yo pral rasanble yon fason literal nan mòn Megido. ”

Dapre evènman ki te rive nan tan lontan nan zòn sa a, Megido reprezante yon sitiyasyon kote ènmi Bondye yo kwense, sètadi yo pa ka chape. Se sa k fè, nan Amagedòn, Bondye pral efase tout koripsyon ak tout mechanste kèlkeswa kote yo ye sou tè a. — Revelasyon 21:8.

Moun ki renmen Jewova Dye e ki renmen Pitit li a, Jezi Kris, pa bezwen pè Amagedòn. Batay Bondye a se sèlman kont moun li jije ki mechan e ki pap chanje yo l ap fèt. Bondye pral seleksyone ki moun ki merite detwi. Men sa Labib di : “ Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou Bondye yo. ” ​(2 Pyè 2:9). Nou jwenn yon pwomès ankourajan nan Sòm 37:34, li di : “ Met espwa w nan Jewova epi kenbe chemen l bay la e, li va leve w pou w vin posede tè a. Lè y ap derasinen mechan yo, w ap wè sa. ”