Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske lanmou ka dire pou toutan?

Èske lanmou ka dire pou toutan?

“Flanm lanmou tankou flanm dife. Flanm sa a se nan Ja li soti.” — CHAN 8:6, NW.

1, 2. Ki moun ki ka jwenn byenfè lè yo byen egzamine liv Chan Salomon an, e poukisa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

‘GADE jan youn ap gade lòt nan je epi youn kenbe men lòt avèk tandrès! Kiyès ki ka di youn pa renmen lòt toutbon!’ Se pawòl sa yo ki te pase nan lespri yon ansyen ki te fèk sot selebre maryaj yon koup. Pandan nouvo marye yo te nan resepsyon an e yo t ap danse tankou de ti pijon sou pis la, ansyen an t ap mande tèt li: ‘Èske maryaj yo a ap ka reziste anba eprèv yo pral jwenn yo? Tank ane yo ap pase, èske lanmou youn gen pou lòt la ap vin pi fò oswa èske van ap pote l ale?’ Lè lanmou ki egziste ant yon gason ak yon fi se yon lanmou ki san ipokrizi e ki ka andire kèlkeswa pwoblèm nan, lanmou sa a kapab bèl toutbon. Sepandan, lè n ap gade jan anpil maryaj ap kraze, nou pap montre n pa rezonab si n ta mande: Èske l posib vre pou de moun renmen youn lòt pou toutan?

2 Vrè lanmou an te ra menm nan epòk wa Salomon an, yon wa ann Izrayèl tan lontan an. Men sa Salomon te ekri pou l pale konsènan kondisyon moral ki te egziste nan epòk li a: “Nan mil moun, mwen te jwenn yon sèl gason k ap fè sa ki dwat, men mwen pa t jwenn yon fi pami yo. Men sa sèlman mwen wè: Vrè Dye a te fè lèzòm dwat, men yo menm yo chèche fè yon pakèt lòt wout.” (Ekl. 7:26-29, NW). Prensip moral yo te tèlman fin  degrade nan epòk Salomon an sitou akoz enfliyans medam lòt nasyon ki te konn adore Baal yo te gen sou pèp la opwen Salomon te twouve l difisil pou l jwenn yon gason oswa yon fi ki gen bon moralite *. Malgre sa, liv Chan Salomon an ki se yon powèm li te ekri anviwon 20 an anvan sa montre l posib pou yon gason ak yon fi renmen youn lòt pou toutan. Yon fason vivan, liv sa a montre tou ak ki sa lanmou sa a sanble epi l montre ki jan l manifeste. Tout moun k ap adore Jewova, kit yo marye kit yo selibatè, ka aprann anpil bagay konsènan kalite lanmou sa a lè yo byen egzamine liv biblik sa a.

VRÈ LANMOUN AN EGZISTE!

3. Ki sa k fè l posib pou yon gason ak yon fi gen vrè lanmou an youn pou lòt?

3 Li Chan Salomon 8:6. Ekspresyon “flanm sa a se nan Ja li soti” yo itilize pou pale de lanmou an aprann nou anpil bagay. Vrè lanmou an se ‘flanm ki soti nan Ja’ (NW) nan sans Jewova se Sila a ki vin ak kalite lanmou sa a. Li te kreye lòm pòtre ak li e lòm gen kapasite pou l demontre lanmou (Jen. 1:26, 27). Lè Bondye te mennen premye fi a anpalan de Èv bay premye gason an ki se Adan, pa t gen lòt pawòl ki te soti nan bouch Adan anwetan pwezi. Pa gen dout nan sa, Èv te santi l vrèman pwòch ak Adan paske se nan Adan ‘Bondye te pran l’. (Jen. 2:21-23, NW.) Etandone Jewova te bay lèzòm kapasite pou yo demontre lanmou, li posib pou yon gason ak yon fi gen yon lanmou san fay youn pou lòt e pou youn renmen lòt pou toutan.

4, 5. Fè yon ti pale tou kout sou istwa ki nan liv Chan Salomon an.

4 Nonsèlman lanmou ki egziste ant yon gason ak yon fi a gen kapasite pou l san fay epi pou l dire lontan, men, lanmou sa a gen lòt karakteristik ankò. Yo dekri kèk nan karakteristik sa yo yon fason ki vrèman bèl nan liv Chan Salomon an. Yo ekri liv sa a tankou yon chante ki sanble ak tèks pou yon opera e istwa a pale de lanmou ki egziste ant yon jèn fi ki soti nan vilaj Chounèm oswa Choulèm ak yon bèje jèn fi a renmen anpil. Pandan Salomon te tabli kan l toupre jaden rezen jèn fi a t ap siveye a, yo te mennen jèn fi a nan kan Salomon an paske bote jèn fi a te atire Salomon. Sepandan, depi okòmansman, li klè jèn fi a te damou bèje a. Toutpandan Salomon t ap fè efò pou l fè jèn fi a tonbe pou li, jèn fi a pa t pè di jan l swaf pou l ansanm ak moun li damou an (Chan 1:4-14). Bèje a te jwenn yon mwayen li antre nan kan an epi youn te pran di lòt bèl ti pawòl dous. — Chan 1:15-17.

5 Salomon te retounen Jerizalèm e l te mennen jèn fi a avè l, men, bèje a te suiv jèn fi a (Chan 4:1-5, 8, 9). Tout efò Salomon te fè pou l fè jèn fi a tonbe pou li yo pa t bay okenn rezilta (Chan 6:4-7; 7:1-10). Finalman, wa a te kite l retounen lakay li. Pou fini, chante a montre jan jèn fi a te swaf pou moun li renmen anpil la “kouri vit tankou yon sèf” vin rankontre l. — Chan 8:14, NW.

6. Ki sa k fè l difisil pou yon moun rive wè kiyès k ap pale nan chante a?

6 Byenke liv ki gen “pi bèl chante” Salomon te ekri a se yon liv ki vrèman bèl e ki gen anpil siyifikasyon, li pa fasil pou yon moun rive idantifye chak moun k ap pale nan dyalòg, monològ ak rèv ki nan chante sa a (Chan 1:1, NW). Selon sa yon diksyonè fè konnen bagay tankou “istwa a, ide ki nan istwa a, fason yo dekri sèn yo ansanm ak pèsonaj yo pa vrèman gen anpil enpòtans”. (The New Interpreter’s Dictionary of the Bible.) Donk, pou yo pa pèdi filing ki gen nan fason mo yo ap koule a ak stil pwezi ki gen nan chante a, yo pa met  non moun k ap pran lapawòl yo. Aktout sa, yon moun ka rive wè ki moun k ap pale grasa sa moun nan di a oswa sa y ap di moun nan.

“FASON W MONTRE W RENMEN M PI BON PASE DIVEN”

7, 8. Ki sa n ka di konsènan pawòl nou jwenn nan liv Chan Salomon an? Bay kèk egzanp.

7 Liv Chan Salomon an chaje ak anpil pawòl ak jès jèn fi a ak bèje a fè pou youn montre lòt jan l renmen l. Byenke pawòl sa yo reflete fason moun nan zòn Oryan yo te konn pale sa gen anviwon 3 000 an e yo ka parèt etranj pou moun k ap li yo jodi a, pawòl sa yo vle di anpil bagay epi santiman ki degaje nan pawòl sa yo pa etranj pou nou. Pa egzanp, bèje a fè louwanj pou bèl ti je vyèj la e l di je vyèj la “tankou je toutrèl”. (Chan 1:15, NW.) Jèn fi a li menm pa t konpare je bèje a ak je toutrèl, men, li te konpare yo ak toutrèl menm. (Li Chan Salomon 5:12.) Pati ki nwa nan je bèje a ki antoure ak blan je a te tèlman parèt bèl nan je jèn fi a opwen pou jèn fi a li te tankou yon toutrèl k ap benyen nan lèt.

8 Se pa tout pawòl ki nan chante a ki gen rapò ak bote fizik. Gade ki sa bèje a te di konsènan pawòl k ap sot nan bouch jèn fi a. (Li Chan Salomon 4:7, 11.) Li fè konnen “siwo myèl ap degoute” (NW) nan po bouch jèn fi a epi l di ‘gen siwo myèl ak lèt anba lang jèn fi a’ (NW). Pawòl sa yo vle di pawòl ki sot nan bouch jèn fi a dous e yo bon menm jan ak lèt ak siwo myèl. Donk, sa klè, lè bèje a te di jèn fi a “se pa ti bèl ou bèl [...]. Ou pa gen okenn defo” (NW) a, se pa bote fizik jèn fi a sèlman l te gen nan lespri l.

9. a) Ki sa lanmou ki gen ant de moun ki marye gen ladan l? b) Ki sa k fè l enpòtan pou moun ki marye yo di youn lòt bèl ti pawòl damou epi montre sa nan aksyon yo?

9 Maryaj pa yon senp kontra oswa yon senp angajman fòmèl ki pa gen lanmou ak afeksyon ladan l. Anfèt, lanmou se youn nan mak fabrik yon maryaj kretyen. Men, de ki kalite lanmou n ap pale? Èske se yon lanmou ki chita sou prensip ki nan Bib la (1 Jan 4:8)? Èske l gen rapò ak afeksyon natirèl, tankou kalite afeksyon moun nan fanmi yo gen youn pou lòt la? Èske lanmou sa a gen rapò ak atachman ki pwofon e ki gen tandrès nou jwenn lakay moun ki se bon zanmi yo (Jan 11:3)? Èske se lanmou womantik (Pwo. 5:15-20)? Anfèt, lanmou san fay konjwen yo gen youn pou lòt la gen tout bagay sa yo ladan l. Yon moun ap pi byen demontre lanmou l genyen an lè l montre sa nan pawòl li ak nan aksyon l. Se pa ti enpòtan l enpòtan pou moun marye yo pa kite aktivite yo fè chak jou yo anpeche youn di lòt bèl ti pawòl damou epi demontre afeksyon youn pou lòt! Kalite pawòl ak aksyon sa yo kapab pèmèt vin gen plis sekirite ak plis kè kontan nan yon maryaj. Nan kilti kote byen souvan maryaj yo se maryaj yo aranje epi gason ak fi gendwa pa t gentan konn youn lòt anvan jou maryaj la, lè yo rann yo kont jan l enpòtan pou youn di lòt jan l renmen l sa ap pèmèt lanmou yo grandi e sa ap pèmèt maryaj yo vin pi solid.

10. Lè moun marye yo sonje bèl ti pawòl damou youn konn di lòt ak bèl ti jès youn konn fè anvè lòt, ki efè sa ka genyen?

10 Pawòl moun marye yo di youn lòt ansanm ak ti jès yo fè youn anvè lòt gen lòt efè pozitif. Wa Salomon te ofri Choulamit la pou l fè “bijou annò [...] ki gen ti dekorasyon ann ajan sou yo” pou li. Li te fè anpil louwanj pou Choulamit la lè l te di Choulamit la ‘bèl tankou lalin lè lalin nan plenn e l klere tankou limyè solèy’. (Chan 1:9-11; 6:10, NW.) Men, jèn fi a te kontinye rete fidèl anvè bèje l renmen anpil la. Ki sa k te bay jèn fi a fòs e ki te rekonfòte l pandan l te separe ak bèje a? Li ban nou repons lan. (Li Chan Salomon 1:2, 3.)  Se paske l te sonje bèl ti pawòl bèje a te di l ansanm ak bèl ti jès li te konn fè pou l ‘montre l jan l renmen l’. Pou jèn fi a, fason l te montre l renmen l te “pi bon pase diven” ki fè kè lèzòm kontan, epi non bèje a te rekonfòte l menm jan ak “luil santi bon y ap vide” sou tèt li (Sòm 23:5; 104:15, NW). Vrèmanvre, lè moun marye yo sonje bèl ti pawòl youn konn di lòt ansanm ak bèl ti jès youn konn fè anvè lòt sa ka fè yo gen plis lanmou youn pou lòt e sa ka fè lanmou sa a dire pi lontan. Se pa ti enpòtan l enpòtan pou koup marye yo demontre lanmou yo youn lòt detanzantan!

PA FÈ LANMOU GRANDI “SI SE PA POUKONT LI L VINI”

11. Ki sa moun ki poko marye yo ka aprann nan egzanp Choulamit la ki te fè lòt moun fè sèman pou yo pa chèche fè lanmou grandi nan kè l?

11 Nan liv Chan Salomon an, nou jwenn kèk leson pou kretyen ki poko marye yo tou sila yo k ap chèche yon konjwen. Jèn fi a pa t gen okenn santiman pou Salomon. Li te fè medam Jerizalèm yo fè sèman pou yo “pa chèche fè lanmou grandi nan kè [l] si se pa poukont li l vini”. (Chan 2:7; 3:5, NW.) Pou ki rezon? Tou senpleman paske l pa apwopriye pou yon moun tonbe damou pou nenpòt moun ki parèt devan l. Konsa, li saj pou yon kretyen ki vle marye ret tann avèk pasyans pou l jwenn moun li kapab renmen toutbon an.

12. Poukisa Choulamit la te renmen bèje a?

12 Poukisa Choulamit la te renmen bèje a? Se vre bèje a te yon bèl gason, li te sanble ak “yon sèf”, dwèt li yo te solid menm jan ak “lò”, epi janm li yo te bèl anpil, yo te solid tankou “poto mab”. Men, li te plis pase yon bèl gason ki djanm. Moun Choulamit la te ‘renmen pami mesye yo’ te “tankou yon pye pòm pami pyebwa ki gen nan forè yo”. Pou yon fi k ap sèvi Jewova fidèlman ta rive renmen yon gason, fòk gason sa a ta vrèman yon moun ki espirityèl. — Chan 2:3, 9; 5:14, 15, NW.

13. Poukisa bèje a te renmen jèn fi a?

13 Ki sa n ka di konsènan Choulamit la? Aktout li te ase bèl pou l kapte atansyon yon wa, lè sa a ki te gen “60 rèn, 80 madanm sou kote ak [yon] pakèt jèn fi”, li te konsidere tèt li tankou “yon senp safran ki nan plèn ki sou kot”, sètadi yon flè òdinè. Jèn fi a te vrèman konn limit li e l te gen anpil imilite. Nou pa etone dèske l te “tankou yon flè lis ki nan mitan pikan” sa ki te fè l espesyal pou bèje a! Li te fidèl anvè Jewova. — Chan 2:1, 2; 6:8, NW.

14. Ki sa selibatè ki vle marye yo ka aprann nan lanmou yo pale de li nan Chan Salomon an?

 14 Nan Ekriti yo, kretyen yo jwenn bonjan egzòtasyon pou yo marye ‘sèlman ak yon moun ki nan Seyè a’. (1 Kor. 7:39.) Yon selibatè ki vle marye pap nan renmen ak moun ki pa kwayan epi se sèlman pami moun k ap adore Jewova fidèlman yo l ap chèche yon konjwen. Mete sou sa, pou n rive fè fas ak reyalite lavi a toutpandan n ap kontinye chèche gen lapè ak inite nan domèn espirityèl nan maryaj la sa mande pou moun n ap chwazi pou n marye avè l la gen lafwa ak atachman pou Bondye ki se yon seri kalite ki enpòtan. Se bèl kalite sa yo bèje a ak jèn fi a te jwenn lakay youn lòt.

Kretyen yo pap menm panse renmen ak moun ki pap sèvi Jewova. (Gade paragraf 14.)

FIYANSE M NAN “TANKOU YON JADEN KI BYEN BARE”

15. Ki jan Choulamit la sèvi kòm egzanp pou gason ak fi ki gen atachman pou Bondye e ki poko marye?

15 Li Chan Salomon 4:12. Poukisa bèje a te di moun li renmen anpil la tankou “yon jaden ki byen bare” (NW)? Se pa tout moun ki ka antre nan yon jaden ki gen yon mi toutotou l oswa ki byen bare. Se sèlman si yo bay yon moun aksè l ap ka antre ladan l. Choulamit la te tankou jaden sa a paske se sèlman pou moun ki t ap vin mari l la, anpalan de bèje a, li te gen afeksyon. Lefètke l pa t kite wa a sedui l, li te montre l tankou “yon miray” e l pa tankou “yon pòt” ki ouvè byen laj (Chan 8:8-10NW). Menm jan an tou, gason ak fi ki poko marye e ki gen atachman pou Bondye yo rezève lanmou ak afeksyon yo pou moun yo gen pou marye avè l la.

16. Ki sa liv Chan Salomon an aprann nou konsènan frekantasyon?

16 Lè bèje a te mande Choulamit la pou l al fè yon ti pwomnad avè l nan yon jou prentan, frè Choulamit la te montre yo pa t dakò. Olye de sa, yo te voye l al siveye jaden rezen. Poukisa? Èske se paske yo pa t fè l konfyans? Èske petèt yo te panse l gen entansyon imoral? Anfèt, yo te pran prekosyon sa a yon fason pou sè yo a pa t twouve l nan yon sitiyasyon ki te ka fè l tonbe nan tantasyon (Chan 1:6; 2:10-15). Kretyen ki selibatè yo ka aprann yon leson nan sa: Pandan peryòd frekantasyon an, pran tout prekosyon ki nesesè pou n kenbe relasyon an pwòp. Evite rete kote ki pa gen moun. Byenke l ka apwopriye pou youn demontre lòt jan l renmen l yon fason ki pwòp, nou dwe evite sitiyasyon ki ka fè n tonbe nan tantasyon.

17, 18. Ki byenfè w te jwenn nan egzamen nou sot fè nan liv Chan Salomon an?

17 An jeneral, lè koup kretyen yo fèk marye yo demontre anpil lanmou ak anpil afeksyon youn pou lòt. Etandone dispozisyon maryaj la se yon dispozisyon Jewova pran ki la pou toutan, li enpòtan anpil pou koup marye yo fè gwo efò pou yo kontinye kenbe flanm lanmou yo a limen e pou yo kontinye kreye yon anbyans kote lanmou an ka kontinye grandi. — Mak 10:6-9.

18 Lè w ap chèche yon moun pou w marye ou dwe jwenn yon moun ou kapab renmen toutbon epi pou w vin tèlman renmen moun sa a opwen pou lanmou w gen pou li a pa ka etenn, jan sa parèt nan liv Chan Salomon an. Kit w ap chèche yon moun pou w marye kit ou deja marye se pou w chèche viv vrè lanmou an ki se yon ‘flanm ki soti nan Ja’! — Chan 8:6, NW.

^ § 2 Gade Toudegad 15 janvye 2007, paj 31, fransè.