Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BYOGRAFI

Jewova te ede m toutbon

Jewova te ede m toutbon

Mwen te desann tren an ak madanm mwen, Evelyn, nan yon ti vil izole ki rele Hornepayne ki twouve l nan nò Ontaryo nan peyi Kanada. Li te byen bonè nan maten epi l te fè frèt anpil. Gen yon frè nan zòn nan ki te pase pran nou, epi, apre n te fin pran yon bon dejene ansanm avè l, madanm li ak pitit li, nou te mache nan mitan nèj yo pou n al preche kay an kay. Jou aprèmidi sa a, mwen te bay premye diskou m antanke siveyan sikonskripsyon. Se sèlman nou senk lan ki te asiste reyinyon sa a.

AN REYALITE, sa pa t deranje m ditou dèske se ti kantite moun sa a ki te asiste diskou m te bay an 1957 la paske m te toujou yon moun ki timid anpil. Anfèt, lè m te jèn, mwen te gen abitid al kache lè yon moun te vin wè nou lakay la. Mwen te konn fè sa menmsi m te konn moun nan.

Nòmalman, ou gendwa sezi aprann pifò nan asiyasyon m te resevwa nan òganizasyon Jewova a te oblije m pran kontak ak anpil lòt moun, kit se te zanmi kit se te etranje. Sepandan, mwen te kontinye lite kont timidite m te genyen an ak lefètke m te manke konfyans nan tèt mwen. Konsa, mwen pa kapab di se ak pwòp fòs pa m mwen te rive ranpli kèlkeswa asiyasyon sa yo. Olye de sa, mwen te viv verite ki gen nan pwomès sa a Jewova te fè a: “M ap fòtifye w. M ap ede w toutbon. Vrèmanvre, m ap kenbe w fèm avèk men dwat jistis mwen an.” (Iza. 41:10, NW). Youn nan pi gwo fason Jewova te ede m, se grasa èd mwen te jwenn nan men kwayan parèy mwen yo. Kite m fè yon ti pale sou kèk nan yo, m ap kòmanse ak lè m te timoun.

LI TE ITILIZE YON BIB AK YON TI LIV PO NWA

Fèm fanmi nou an ki nan sidwès Ontaryo.

Yon dimanch maten nan ane 1940 yo, solèy la t ap briye lè Elsie Huntingford te vin frape pòt kay fanmi nou ki te twouve l nan yon fèm nan sidwès Ontaryo.  Manman m t al ouvè pòt la pou sè a toutpandan papa m, ki te timid tou, te ret chita anndan an ansanm avè m ap koute. Lefètke papa m te panse sè Huntingford te yon machann epi manman m t apral achte yon bagay nou pa t bezwen nan men l, papa m te leve, l al nan pòt la epi l di sè a nou pa enterese. Sè Huntingford te mande l: “Èske se enterese nou pa enterese nan yon etid Labib?” Papa m te reponn: “Mèwi nou enterese nan sa.”

Pa t ka gen yon pi bon moman pase sa pou sè Huntingford te vin vizite nou. Paran m yo te fè pati L’Église Unie du Canada a e yo te zele anpil. Men, sa pa t gen twò lontan depi yo te deside kite legliz sa a. Poukisa? Se paske, nan antre legliz la, pastè a te met yon lis ki gen non tout moun k ap bay kòb nan legliz la e l te met non moun yo selon kantite kòb yo bay la. Lefètke paran m yo pa t gen gwo mwayen, non yo te toujou prèske parèt nan ke lis la, epi, pastè ki nan legliz la te konn fè presyon sou yo pou yo bay plis kòb. Mete sou sa, gen yon lòt pastè ki te fè konnen li pa t anseye bagay li kwè toutbon yo yon fason pou l pa pèdi travay li. Pou rezon sa yo, nou te kite legliz la, men, nou te toujou ap chèche yon fason pou n satisfè bezwen nou nan domèn espirityèl.

Etandone yo te met entèdiksyon sou travay Temwen Jewova yo nan peyi Kanada nan epòk sa a, sè Huntingford te konn itilize yon Bib ansanm ak kèk nòt li te gen nan yon ti liv po nwa lè l ap kondui etid la ak fanmi nou. Annapre, lè l te vin rann li kont nou pa t ap devwale l bay otorite yo, li te ban nou lòt piblikasyon ki baze sou Bib la. Chak fwa nou te fin fè etid la, nou te byen sere piblikasyon yo *.

Paran m yo te byen reyaji lè yo te vin preche yo e yo te batize an 1948.

Malgre sè Huntingford te jwenn opozisyon ak anpil lòt obstak, li te kontinye preche bon nouvèl la avèk zèl. Zèl li te demontre a te gen gwo efè sou mwen e sa te pouse m pran pozisyon pou laverite. Ennan apre paran m yo te fin batize pou yo vin Temwen Jewova, mwen te batize pou m senbolize ve m te fè a bay Bondye. Mwen te batize nan dat 27 fevriye 1949 nan yon gwo bak ki fèt an metal yo konn itilize pou bay bèt dlo. Lè sa a, mwen te gen 17 an. Apre sa, mwen te fikse objektif pou m antre nan sèvis aplentan.

JEWOVA TE BAN M KOURAJ

Mwen te sezi lè yo te envite m nan Betèl an 1952!

Mwen te pè pran sèvis pyonye tousuit apre batèm mwen. Pandan yon tan, mwen te travay nan  yon bank, epi apre sa, mwen te travay nan yon biwo paske m te ret kwè mwen dwe gen yon ti kòb pou m soutni tèt mwen pandan m nan sèvis pyonye a. Sepandan, lefètke m te jèn e m pa t gen okenn eksperyans, tousuit kòb la te rive nan men m, mwen te depanse l. Konsa, gen yon frè ki rele Ted Sargent ki te ankouraje m pou m met kouraj sou mwen epi pou m gen lafwa nan Jewova (1 Kwo. 28:10). Bon ti ankourajman sa a te ede m kòmanse sèvi kòm pyonye nan mwa novanm 1951. Lè sa a, mwen te gen sèlman 40 dola, yon bisiklèt epi yon valiz tounèf. Men, Jewova te toujou fè m jwenn sa m bezwen. Se pa ti kontan m kontan dèske Ted te ankouraje m pran sèvis pyonye! Sa fè m jwenn anpil benediksyon.

Yon jou swa, nan fen mwa out 1952, mwen te resevwa yon apèl ki soti nan vil Towonto. Filyal Temwen Jewova yo nan peyi Kanada te envite m vin sèvi nan Betèl nan mwa septanm. Byenke m te timid epi m potko janm vizite filyal la, mwen te kontan anpil paske gen kèk lòt pyonye ki te di m anpil bèl bagay konsènan Betèl. Tousuit mwen te rive Betèl, mwen te gentan santi m lakay mwen.

“MONTRE W GEN SOUSI POU FRÈ AK SÈ YO”

Dezan apre m te fin rive nan Betèl, mwen te ranplase Bill Yacos antanke sèvitè kongregasyon (kounye a yo rele kowòdonatè gwoup ansyen an) nan Inite Shaw la nan vil Towonto *. Lefètke m te gen 23 an sèlman lè sa a, mwen te santi m tankou yon senp tigason andeyò. Men, avèk imilite, frè Yacos te montre m sa pou m fè, e l te fè sa avèk lanmou. Epi Jewova te ede m toutbon.

Frè Yacos, yon frè ki kosto e ki te toujou ap souri, te renmen moun anpil. Li te renmen frè ak sè yo, e yo te renmen l tou. Li te konn al vizite yo lakay yo regilyèman, e l pa t konn fè sa lè yo gen pwoblèm sèlman. Bill Yacos te ankouraje m pou m fè menm jan an tou, epi pou m travay ansanm ak frè ak sè yo nan predikasyon. Men sa l te di m: “Ken, montre w gen sousi pou frè ak sè yo. Sa ap kouvri yon pakèt erè.”

MADANM MWEN TE GEN YON LANMOU FIDÈL

Depi mwa janvye 1957, Jewova ap ede m yon fason espesyal. Nan mwa sa a, mwen te marye ak Evelyn, yon sè ki te gradye nan 14yèm klas Lekòl Gileyad. Anvan nou te marye, li t ap sèvi nan pwovens Kebèk, yon kote yo pale fransè. Nan epòk sa a, Legliz katolik women an te prèske gen kontwòl tout Kebèk. Kidonk, asiyasyon sa a te difisil anpil pou Evelyn, men, avèk fidelite, li te ret nan asiyasyon sa a e l te ret atache ak Jewova.

Mwen te marye ak Evelyn an 1957.

Evelyn te ret atache avè m tou (Efe. 5:31). Anfèt, fidelite l te pase anba eprèv tousuit apre n te fin marye! Nou te planifye pou n vwayaje al Florid, Ozetazini, men, nan jou ki te vin apre maryaj nou an, filyal la te mande m al asiste yon reyinyon nan Betèl Kanada ki t ap dire yon semèn. Nòmalman, reyinyon sa a te gate pwojè nou te genyen yo, men, mwen menm ak Evelyn te vle fè kèlkeswa sa Jewova te mande n fè. Konsa, nou te anile lindemyèl nou. Pandan semèn sa a, Evelyn te preche nan yon tèritwa ki toupre filyal la. Byenke tèritwa a te diferan anpil ak tèritwa Kebèk la, li te pèsevere ladan l.

Nan fen semèn sa a, mwen te jwenn yon sipriz: Mwen te jwenn asiyasyon pou m al sèvi kòm siveyan  sikonskripsyon nan nò Ontaryo. Mwen te fèk marye, mwen te gen sèlman 25 an epi m pa t gen okenn eksperyans. Men, nou te met konfyans nou nan Jewova epi n t al nan asiyasyon an. Nou te pran yon tren ki te konn vwayaje nan nuit, e jou swa sa a li te fè frèt anpil paske n te nan sezon ivè. Te gen plizyè siveyan ki te gen anpil eksperyans ki te pran tren an tou pou yo te ka retounen nan asiyasyon yo. Se pa ti ankouraje yo te ankouraje nou! Gen yon frè ki te menm ensiste pou n dòmi nan kabin li te rezève a, paske l pa t vle n pase nuit la chita sou yon kanape. Se konsa, nan demen maten, 15 jou sèlman apre maryaj nou, nou te kòmanse vizite ti gwoup ki te Hornepayne jan m te di sa okòmansman an.

Gen plis chanjman toujou ki t ap tann Evelyn avè m. Nan fen ane 1960, pandan nou te nan sèvis distri a, mwen te jwenn envitasyon pou m al asiste 36yèm klas Lekòl Gileyad la ki t ap fèt Bwouklin, Nouyòk. Klas sa a t ap dire di mwa e li t ap kòmanse byen bonè nan mwa fevriye 1961. Se sèten mwen te kontan anpil, men, etandone yo pa t envite Evelyn nan lekòl la, mwen pa t fin kontan nèt. Nòmalman, menm jan ak tout lòt sè marye ki te nan menm sitiyasyon an, yo te mande Evelyn pou l ekri yon lèt ki fè konnen li dakò pou m fè omwen di mwa deyò. Evelyn te kriye anpil, men, nou te dakò pou m al asiste lekòl la, epi l te kontan dèske m t ap gen posiblite pou m jwenn bonjan fòmasyon nan Lekòl Gileyad.

Pandan tan sa a, Evelyn te sèvi nan filyal Kanada a. Li te gen gwo privilèj pou l abite nan menm chanm ak yon sè Bondye te chwazi pou al nan syèl ki rele Margaret Lovell. Se sèten, mwen menm ak Evelyn te sonje youn lòt anpil. Sepandan, grasa èd Jewova, nou te rive adapte nou ak nouvo asiyasyon sa a ki te la pou yon ti tan sèlman. Evelyn te toujou dispoze sakrifye tan nou ta dwa rezève youn pou lòt la yon fason pou n te ka fè plis pou Jewova ansanm ak òganizasyon l lan, e sa te touche m anpil.

Apre m te fin pase anviwon twa mwa nan lekòl la, frè Nathan Knorr, ki t ap sipèvize travay predikasyon an sou tout tè a nan epòk sa a, te fè m yon envitasyon ki te fè m sezi anpil. Li te mande m si m dakò kite Gileyad pou m retounen nan peyi Kanada al anseye pandan yon ti tan nan Lekòl ministè Wayòm ki t ap fèt nan filyal la. Frè Knorr te di m mwen pa oblije aksepte envitasyon an. Li te di m si m vle, mwen kapab fini lekòl la, e petèt, yo t ap voye m al sèvi kòm misyonè annapre. Li te di m tou, si m deside retounen nan peyi Kanada, mwen gendwa pa janm jwenn envitasyon pou Gileyad ankò, e alavni, li posib pou se nan tèritwa Kanada yo asiyen m ankò. Li te di m pou m ba l repons apre m fin pale sou sa ak madanm mwen.

Etandone m te deja konn fason Evelyn konsidere asiyasyon teyokratik yo, menm kote a mwen te di frè Knorr: “Kèlkeswa sa òganizasyon Jewova a vle nou fè, n ap kontan fè l.” Nou te toujou santi menmsi se pa kote nou pi renmen an yo voye nou, nou dwe ale kèlkeswa kote òganizasyon Jewova a voye n.

Konsa, ann avril 1961, mwen te kite Bwouklin pou m retounen Kanada kòm anseyan nan Lekòl  ministè Wayòm. Annapre, nou te vin manm fanmi Betèl. Epi, se pa ti sezi m te sezi lè m te jwenn yon lòt envitasyon pou m al asiste 40yèm klas Lekòl Gileyad la, ki t ap kòmanse nan ane 1965! Yon lòt fwa ankò, Evelyn te dwe ekri yon lèt pou fè konnen li dakò pou n separe ankò. Men, kèk semèn annapre, se pa ti kontan nou toule de te kontan lè yo te voye yon envitasyon bay Evelyn pou l te ka asiste lekòl la ansanm avè m!

Apre n te fin rive Gileyad, frè Knorr te fè n konnen se ann Afrik yo t ap voye etidyan ki t ap suiv kou fransè yo, e nou te pami etidyan sa yo. Sepandan, nan seremoni gradyasyon an, yo te voye n al sèvi nan peyi Kanada! Yo te vin nome m siveyan filyal (kounye a, yo rele Kowòdonatè komite filyal). Mwen te gen 34 an sèlman, e m te fè frè Knorr sonje “mwen jèn anpil”. Men, li te ankouraje m. Depi lè yo te fin nome m siveyan an, anvan m te pran gwo desizyon, mwen te toujou fè efò pou m mande frè aje nan Betèl la ki gen plis eksperyans yo konsèy.

BETÈL: YON KOTE POU MOUN APRANN E POU YO ANSEYE

Sèvis Betèl la te ban m yon pakèt bèl opòtinite pou m aprann nan men lòt moun. Mwen te respekte lòt manm Komite filyal la e m te gen anpil admirasyon pou yo. Plizyè santèn frè ak sè fidèl, jèn kou granmoun, nou te gen chans pou n konnen, kit se isit la nan filyal la kit se nan plizyè kongregasyon nou te pase yo, te gen bonjan enfliyans sou mwen tou.

M ap kondui kilt matinal pou fanmi Betèl Kanada a.

Sèvis Betèl la te ban m posiblite tou pou m anseye lòt moun e pou m fòtifye lafwa yo. Apot Pòl te di Timote: “Rete nan sa w te aprann yo.” Li te di l tou: “Bagay ou te tande m di w yo, bagay anpil temwen te apiye, konfye yo bay gason ki fidèl. Yo menm, bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun.” (2 Tim. 2:2; 3:14). Pafwa, kwayan parèy mwen yo konn mande m ki leson m te aprann pandan 57 an mwen fè ap sèvi nan Betèl la. Yon fason senp, mwen konn di yo: “Toujou dispoze fè tout sa òganizasyon Jewova mande w fè san pèdi tan, epi, konte sou Jewova pou l ede w.”

Se kòmsi se yè la a mwen te fèk rive nan Betèl antanke yon jèn gason timid ki pa gen okenn eksperyans. Sepandan, pandan tout ane sa yo, Jewova te toujou ‘kenbe men dwat mwen’. Jewova kontinye ban m asirans pa mwayen èd kwayan parèy mwen yo ban mwen nan bon moman ansanm ak fason yo demontre jantiyès anvè m. Se kòmsi l di m: “Ou pa bezwen pè. Mwen menm, m ap ede w.” — Iza. 41:13, NW.

^ § 10 Gouvènman peyi Kanada a te leve entèdiksyon sou travay nou an nan dat 22 me 1945.

^ § 16 Nan epòk sa a, si te gen plizyè kongregasyon nan yon vil, yo te konn rele chak kongregasyon Inite.